Nouvèl: Nasyonal
 
Nouvèl nasyonal
Ayiti, van 04 jiyè 2008

Sendika ayisyen yo denonse gouvènman an kip a sispann monte pri gaz la

Plizyè sendika nan lakou peyi dayiti montre yo gen gwo kè sou biskèt douvan pri gaz la k ap kontinye monte wo bibit sou mache nasyonal la.

Sendikalis yo di, se lakòz pri gaz la ki monte sou mache a ki pèmèt pri kous machin yo ogmante.

Dapre kowòdonatè INO a Inyon Nòmalyen ayisyen Jozye Merilyen, yon desizyon konsa kapab lakòz sitirasyon pèp ayisyen an vin anvlimen pi plis toujou anndan peyi a.

Pi lwen sendikalis yo fè konnen, li enpòtan jounen jodya pou gouvènman ayisyen an panche sou monte pri gaz la, ki lakòz chofè ak pasaje toujou nan bouch louvri.

Se pa premye fwa pri gaz la monte sou mache a tandiske chèf leta gade m nan je pran pasyans lan ki jwenn avantaj bab ak moustach sou dosye gaz la nan men peyi venezyela toujou pran pòz li pa wè, li pa tande, enpi l montre tou li pa ka fè anyen pandan ekip pa l la ap itilize avantaj sila nan enterè pèsonèl li.

 

 

Moso listwa Dayiti