Nouvèl: Nasyonal
 
Nouvèl nasyonal
Ayiti, jedi 15 me 2008

Senatè woulibè ansanm ak sektè lareyaksyon yo kontrarye ak desizyon depite Machain peyi yo ki voye Erik Pyè retounen al fè klas li pou plas asèk nan vil wachinntonn, peyi patwon l

Reyaksyon pa sispann tonbe, apre 51 depite woulibè machann peyi te fin vote kont chwa premye minis neyoliberalis la, Eric Pyè, nan kad seyans ki te genyen lendi 12 Me 2008 pase a nan palman an.

Dezyèm senatè pati fanmiy lavalas nan lwès la, Woudi Erivo, ki sètènman gen enterè l nan plan neyoliberal la, kalifye depite
woulibè machann peyi yo pran pou bay Erik Pyè kanè a pa kòlte ak lalwa.

Toutfwa mouche Erivo di kesyon konfizyon depite yo ap pale a te kapab rezoud nan kad yon akò nan mitan 2 chanb yo.

Sepandan woudi Erivo fè konnen se enterè depite yo y ap defann.

Woudi Erivo di l kwè l nesesè pou palmantè yo fè jefò yon mannyè pou popilasyon an k ap mete konfyans nan yo.

Prezidan chanb komès ak endistri Nòdwès la, Jovnèl Moyiz, di l kwè depite yo bay chèf leta “gade m nan je pran pasyans“ lan repons, paske l pa t jwenn yon akò ak depite woulibè machann peyi yo sou chwa Erik Pyè a. Kidonk separasyon kòb la te sèlman fèt ak senatè woulibè yo.

Jovnèl Moyiz di l kwè pouvwa egzekitif la pra l konsidere echèk sa kòm yon leson yon fason pou l ta kontakte tout sektè reyaksyonè yo anvan l chwazi yon  lòt magouyè ki pra l vin kontinye egzekite plan neyoliberal la.

Rèsponsab chanb komès la pwofite fè remake depite yo bay enterè politik yo plis enpòtans pase enterè mas pèp la k ap mouri ak
grangou.

Rèsponsab legliz katolik nan depatman sidès peyi a, monsenyè Gi Poula di l pa t panse si depite Lespwa yo t ap voye nan poubèl chwa Erik Pyè kòm premye minis, paske depite sayo soti nan menm platfòm politik ak chèf leta a.

Monsenyè Gi Poula deklare desizyon depite woulibè machann peyi yo pran an kapab genyen gwo konsekans sou sitirasyon pèp ayisyen an k ap tann yon lòt gouvènman pou satisfè revandikasyon yo.

Monsenyè Poula pwopoze yon meyè rèstriktirasyon nan nivo pati politik tradisyonèl yo yon mannyè pou rèsponsab pati yo rive gen kontwòl manb yo ki reprezante yo nan palman an, kivledi monseyè a santi l èstomake paske depite woulibè machann peyi yo endisipline.

 

 

Moso listwa Dayiti