Senatè ayisyen yo pa deside valide pouvwa palmantè “tayo grate” selèksyon 19 avril 2009 yo
Nan dat 18 janvye 1993, nan okazyon elèksyon pasyèl, plizyè asayan te patisipe nan maskarad elèktoral nan peryòd koudeta sanglan 29-30 septanm 1991 lan. Yo te rele palmantè sayo “Kò etranje”. Yo pat janm jwenn posiblite rantre anndan palman an, pou yo syeje ak lejitimite, jouk listwa bliye malandren sayo.
Nan dat 21 me 2000, Rene Gasya Preval kòm prezidan pou premye fwa, te òganize yon selèksyon pike-kole, kote palmantè ki te chwazi yo te pote tit”palmantè kontèste”, pandan tout egzistans yo. Malgre raketè bèbè sayo te rive rantre chita anndan palman an, yo pa janm jwi okenn respè bò kote popilasyon an, ni bò kote peyi letranje yo ki gen dirijan onèt yo.
Nan dat 19 avril 2009 la, se menm selèksyon “tayo grate” pou nonmen endividi palmantè san okenn lejitimite, kote divès peyi sousèt tankou, peyi etazini, lafrans, kanada, lalmay, japon, deklare yo satisfè paske popilasyon an pat patisipe nan komedi a. Sa pa anpeche yo konprann mesaj pèp souvren ayisyen an. Anplis, vwa plizyè pèsonalite tanmen leve pou reklame anilasyon selèksyon yo, enpi pou yon lòt bonjan elèksyon ta òganize nan yon lòt dat.
Pèp ayisyen an deja ap founi je gade plizyè senatè ayisyen ki pran angajman byen klè atravè deklarasyon yo pou di yo p ap valide pouvwa palmantè “Tayo grate” 19 avril yo. Pami senatè sayo, genyen, Ivon Bisrèt pou depatman sid, Evalyè Boplan pou depatman nòdwès, Woudi Erivo pou depatman lwès, Nenel Kasis pou depatman nip, sidès, Youri Latòti pou depatman latibonit. Plizyè lòt senatè prefere rete tann pou wè bò ki kote van an ap soufle anvan yo pwononse yo.
|