Nouvèl: Nasyonal
 
Nouvèl nasyonal
Ayiti,dimanch 26 avril 2009

Selèksyon 19 avril yo kontèste atravè tout teritwa repiblik dayiti

Nan vil Okap kandida Fizyon an Mari Jislèn Monpremye ak kandida OPL la Chal Eliska te okipe pou  yon ti bout tan vandredi 24 avril 2009 la biwo elektoral depatman (BED) Nò a.  2 kandida san koutcha sa yo te vle tanmen yon grèv grangou nan BED la yon fason pou te egzije Konsèy Elèktoral Prezidansyèl, KEP a anile seleksyon yo nan plizyè sant vòt nan depatman nò a, tankou milo, lakil, lenbe ak lòt ankò. Fòs lòd yo ki t ap egzekite lòd prezidan BED la te fòse kandida yo kite lokal BED la. Sou bò pal, Mari Jislèn Monpremye deklare, prezidan BED Nò a pa deside pou anile seleksyon yo nan sant vòt Milo yo, yon fason pou kandida lespwa  a, Moyiz Jan Chal kapab chwazi nan seleksyon yo denpi nan premye tou.  Sepandan kandida ki akize prezidan BED la kòm moun k ap travay anfavè kandida lespwa a, di li pral itilize lòt estrateji pou fòse reskonsab BED yo pran revandikasyon l lan an konsiderasyon.

Satin Chal, kandida Inyon nan seleksyon 19 avril 2009 la, ekri yon lèt tou louvri bay K.E.P. a pou l denonse magouy li di ki te genyen nan depatman Nòdwès ak Sidès la. Satin Chal lonje dwèt sou kòdonatè lespwa nan Nòdwès la, kòmkwa li te patisipe nan boure bwat ak fo bilten nan divès sant vòt. Nan sans sa, li mande K.E.P. a pou mennen bon jan ankèt sou dosye sa a. Sou bò pa l, Ibè La- Hat, yon lòt kandida Inyon, lonje dwèt sou kandida Fizyon, RDNP ak OPL  ki ta fè traktasyon ak non l. Sepandan kandida Inyon an di l ap kontèste  rezilta ki pral soti seleksyon 19 avril yo.

Pòtvwa enstitisyon K.E.P. an anonse y ap pibliye rezilta seleksyon yo lendi 27 avril 2009 la. Lesefrape ant 2 kandida ki pwòch pouvwa kòwonpi Preval/Divivye Pyè Lwi a, nan depatman latibonit, kote responsab pou òganize seleksyon 19 avril yo pèdi kontwòl plizyè biwo vòt, materyèl elèktoral disparèt.
Frandz Bènaden fè konnen yo ponkò resevwa pwosèvèbal pou 4 komin nan depatman Latibonit ak kèk komin nan depatman Lwès la. Antretan pòtvwa K..E.P. a pwofite deklare yo louvri swadizan ankèt sou deblokay kite eklate pandan jou vòt la. Pou sa ki gen arevwa ak seleksyon yo ki te gate nan depatman sant lan ponko gen dat ki  kenbe pou refè seleksyon yo, men l bay garanti seleksyon sa ap gentan fèt anvan dezyèm tou a ki fikse pou 7 Jen 2009 la.

Senatè Ivon Bisrèt mande otorite yo pou anile seleksyon 19 avril 2009 yo, enpi fouke manb konsèy elèktoral prezidansyèl la. Palmantè a denonse konseye yo li di ki te konnen yo t  ap pral echwe men yo òganize seleksyon yo kanmenm. Senatè Ivon Bisrèt fè konnen, menm jan ak plizyè kòlèg senatè parèy li, li p ap valide manda endividi yo K.E.P.  a seleksyone yo.

Depite Mòl Sen-Nikola a, Eloun Dareyis, denonse kandida lespwa a, Lika Senvil nan Nòdwès la, ansanm ak patizan l, lapolis te arete ak zam illegal, ak inifòm lapolis sou yo.  Endividi sa yo te jwenn liberasyon yo tousuit apre arestasyon yo. Ren y enpinite kontinye ap fleri sou Rene Preval….


 

 

 

Moso listwa Dayiti