POZISYON MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) SOU KESYON SALÈ MINIMÒM LAN
18 jen 2009
Gouvènman restavèk ayisyen an, ki gen nan tèt li yon pope boure, Rene Gasya Preval, ak yon kòlonn maryonèt kolaboratè fòs okipasyon an, ki bay tèt yo pote tit minis okipasyon, ap jwe tout jwèt pou detounen atansyon popilasyon an sou veritab pwoblèm peyi a, ki se okipasyon teritwa nasyonal la ak yon fòs etranje, k ap imilye, sazinen sitwayen ayisyen.
Lè w tande mobilizasyon swadizan anfavè salè minimòm, se yon pyèj, yon konplo byen monte pou renouvèlman manda blan minista yo pase nan dous.. Yon lòt fwa ankò, minista ap detounen lespri popilasyon an, pou fè kwè gen sektè òganize k ap simen latwoublay, pou jistifye prezans li, ak alatèt li yon chèf eta majò ki rele Bil Djefèsonn Klintonn, ansyen prezidan etazinyen, ki vin jwe wòl pòt pawòl raketè gouvènman ayisyen, ki se veritab koutyè san diyite. Prezans Bil Klinton, vin eseye konble yon defisit moralite nan klas politik ayisyen an, ki pa gen okenn kredi ni nayonal, ni entènasyonal, ak yon total absans otorite moral nan enstitisyon ou byen moun, ki ta dezinye pou pran gran desizyon nasyonal, tankou pa egzanp renouvèlman pèsonèl politik la ki ta dwe dirije peyi a, apati lane 2010 la. Bil Klintonn vin jwe wòl sipè-prezidan nan peyi dayiti, kote tout ti prezidan, ti minis, ti palmantè ayisyen twouve yo, tankou senp ti anplwaye, sou zòd dirèk Bil Klintonn.
Mobilizasyon anfavè yon salè minimòm 200 goud parèt tankou yon pyèj ki pa gen anyen pou wè ak rezoud pwoblèm sosyal-ekonomik aktyèl pèp ayisyen an, pou rezon silayo:
- Blan minista yo ak patwon yo konnen byen, manb gouvènman okipasyon an, palmantè woulibè machann peyi yo konnen byen, sa yo ta rele, klas ouvriyè nan peyi dayiti pa ase estriktire, kivledi mobilizasyon sektè ouvriye a p ap janm ka abouti ak yon leve kanpe jeneralize ki ta ka souke rejim anplas la, ni remete an kesyon okipasyon teritwa a.
- Alyans yon fèb gwoup reprezantan swadizan klas ouvriyè, ansanm ak yon sektè etidyan ki an pa n imaj popilè, enpi ki ponkò janm fè jefò pou vrèman makònen ak tout revandikasyon mas yo, yon alyans konsa pa ka enkyete klas reyaksyonè a k ap marinen konplo kont mas la..
- Olye sektè yo alye nan moblilzasyon limite sèlman otou salè minimòm lan, poukisa modòd mobilizasyon yo pa charye fenomèn lavichè a, kote tout kouch nan sosyete a t ap santi l konsène, enpi pou l ta pote boure nan batay la?
Kèlkeswa pri yo ta fikse salè minimòm lan, sa p ap anpeche sektè ki gen gwo woulman lajan yo monte pri gode diri, pri gode pwa, pri liv sik, pri gode farin, galon gaz elatriye… Nan sans sa, 200 goud la ap sèlman sèvi pou l achte kòd pou sere nan kou malere ouvriye, malere anplwaye, malere etidyan ki p ap ka achte pwodi premye nesesite yo ki vin pi chè.
Mobilizasyon nan lari, pou bèl foto, bèl repòtaj fèt, se reklam pou blan minista k ap montre li itil, l ap mete lòd nan dezòd limite. Apre kèk jou swadizan mobilizasyon, kote plizyè papye renouvèlman manda minista fin siyen, apre kèk lidè mouvman mobilizasyon fin jwenn viza, pwomès djòb ak kout kòb, ou pral tande gen antant ant dekana inivèsite ak etidyan, ant Preval ak ouvriye ak patwon.
Alèkile, ou pa menm tande pale de selèksyon malatchonn 21 jen. Dilatwa pou Preval siyen ou byen pa siyen lwa sou salè minimòm 200 goud la, rantre nan menm kad estrateji pou chofe dife, pou fè pwovokasyon, pou lari a cho, pou montre minista gen travay pou l fè, se pa sèlman touris yo ye.
Anndan gran sal pyès teyat la, nou jwenn divès aktè komik. Pami komedyen yo, nou jwenn palmantè woulibè machann peyi ki pentire zèl yo an pèp, pou fè kwè britsoukou yo renmen ouvriye, paske yo vote lwa 200 goud swadizan anfafè ouvriye. Antretan yo pa janm di ki konplo anbachal yo deja monte ansanm ak Preval, ansanm ak minis okipasyon yo pou pèmèt gran negosyan yo monte pri machandiz yo. Palmantè san koutcha yo pa di yon mo sou franchiz dwanyè ki nan men gran komèsan yo, ki malgre yo pa peye taks ladwann, yo kontinye monte pri tout machandiz yow o bibit pou pete fyèl malere. Palmantè sayo, se pwazon pou sosyete a.
Lòt aktè komik ankò, se polisye ki resevwa pwomosyon, felisitasyon ak bravo paske yo kraze zo etidyan frè yo, sè yo, ak kout koko makak. Menm polisye sayo sèmante di yo dispoze pete zizye tout sitwayen ki deside manifèste endiyasyon yo fas ak atitid kitemele m gouvènman okipasyon ayisyen an.
Lòt aktè pedan ankò nan pyès teyat la, se minis okipasyon yo, espesyalman silayo k ap jwe wòl pòt pawòl gouvènman okipasyon an, ki santi yo byen konfòtab lè blan minista ap tire kout zam, enpi touye etidyan ak bal, pete kannkès ti bebe, vye granmoun, elèv lekòl, fanm ansent, ak gaz lakrimojèn.
Menm si Rene Gasya Preval ta dakò siyen enpi pibliye lwa sou salè minimòm 200 goud la, nou pa t ap kapab konsidere sa tankou yon viktwa ni pou ouvriye , ni pou etidyan nan pòtoprens, paske nou p ap konnen ki kontra sekrè Preval siyen ak patwon yo, ak blan yo pou yo dakò 200 goud la. Enpi, si Rene Gasya Preval ta deside pa siyen, pa pibliye lwa sou salè minimòm 200 goud la, mouvman mobilizasyon an tou senpman pral pèdi souf, paske l pa konsènen tout popilasyon an, kote pifò moun twouve yo nan chomaj, yo pa ni ouvriye, ni anplwaye…Anplis, Rene Gasya Preval santi grenn li plen men l, ak prezans blan minista yo nan palè nasyonal, ak nan zalantou kèk katye popilè.
Anplis, reyalite sosyal-ekonomik lan dwe fè nou konstate, veritab moun ki konsène ak mezi salè minimòm 200 goud la, yo pa ka pran lari, yo pa ka patisipe nan mobilizasyon an, paske yo pa gen pòtvwa kredib. Pifò nan lidè ki bay tèt yo pote tit lidè klas ouvriyè, se yon pakèt woulibè k ap blanchi lajan Òganizasyon Non Gouvènmantal (O.N.G.), nan fè trafik lanmizè sou do ouvriye. Tout moun konnen byen, patwon ayisyen tankou etranje yo, gen pouvwa absoli pou revoke ouvriye ak anplwaye nan biznis yo, pandan responsab zafè sosyal nan gouvènman okipasyon an ap fè konplo ak patwon sou do malere. Alòs, yon ouvriye, yon ti anplwaye p ap pran risk al patisipe nan mobilizasyon pou l ta pèdi ti plas travay li apre l fin manifèste. Nan okazyon mobilizasyon limite sayo, ouvriye, ti anplwaye ap prefere gade nan fenèt ou byen nan jou pòt, tout lafimen gaz lakrimojèn blan minista yo ap simen pou bèl imaj, fèl foto sou entènèt, pou montre kòman lagè nan peyi dayiti pi rèd pase lagè nan peyi lirak ak nan peyi afganistan.
Konnyè a, responsab nan gouvènman okipasyon an pral jwenn lòt pretèks pou eksplike poukisa seleksyon 19 avril, ak 21 jen yo echwe. Yo deja jwenn bouk-emisè.
Nan sitirasyon latwoublay popilasyon an twouve l jodya, modòd yo dwe klè, adapte ak reyalite yo, enpi nou dwe veyatif pou anpeche woulibè vin fè kanpay sou mizè malere malerèz. Direksyon Mouvman Revolisyonè Ayisyen M.R.A. pwopoze pou n kase batay la tout bon vre, yon batay manch long pou ogmantasyon pouvwa dacha popilasyon an. Pouvwa dacha vledi, non sèlman pou salè ouvriye, ti anplwaye vin pi plis pase 200 goud, men anplis, pri manje, pri sèvis yo, pri pwodi premye nesesite yo, pri gaz dwe bese, lavichè a dwe bese.
Anfas zak sazinay ak krim militan òganize ap sibi anba pat jandam okipan blan minista, ak pouvwa reyaksyonè Rene Gasya Preval la, nou reklame jistis pou pè Jera Janjis, ki pa janm rate okazyon pou l defann diyite sitwayen ayisyen nan peyi letranje ak nan peyi dayiti, enpi, se pou sa menm pouvwa reyaksyonè grenn nan bounda bwè san l, pilonne kadav li. Mobilizasyon an dwe djanmen atravè tout teritwa peyi dayiti, ak tout kote ayisyen twouve yon an peyi letranje, pou pè Jera Janjis jwenn jistis. Enpi, tout blan fòs okipasyon minista yo, kit yo ta franse, meriken, kanadyen ou byen lòt, yo dwe rache manyòk yo bay tè peyi dayiti blanch. Batay la dwe mennen san pran souf, ak tout detèminasyon, ak tout mwayen ki nan men nou, jis rive nan objèktif final la. Lè pèp souvren pran lari tout bon vre, blan minista p ap ka kaponnen nou. Pè pou pè, se yo k pou pè. Nou pi plis, nou deja pèdi, san frè nou pa dwe koule pou granmèsi… Mobilizasyon san pran souf, jis nou rive jwenn bout reyaksyonè ak okipan yo…
Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè, ki pa janm sispann batay.
Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A)
|