Rèl ti komèsan nan vil ench ki chita nan mache ki paka twonpe ni solèy ni lapli
Ti komèsan detayan k ap bouske lavi yo nan vil Ench pa mete dlo nan bouch yo pou denonse nan ki kondisyon y ap viv anndan mache a.
Ti machann yo ki di gouvènman defakto rat do kale Bonifas Latòti a te fè dekouvri mache sa sou pretèks pou yo te rekouvri l prese prese, men jis jounen jodya ponkò gen anyen ki fèt.
Machann sayo deklare se anba yon flanm solèy y ap mennen aktivite yo, men sa ki pi rèd, chak fwa lapli tonbe, dlo mouye tout machandiz yo.
Akote lapli ak solèy ti machann yo di k ap frape yo, gen fatra k ap fè yo lagè nan chak kwen anndan mache a.
Nan sans sa, yo mande rèsponsab lameri yo pou fè yon jan pou retire fatra sayo.
Anplis ti machann yo mande chèf leta « gade m nan je pran pasyans » lan pran mezi nesesè pou kapab rekouvri mache a. |