Reflèksyon Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.) sou Konstitisyon 29 mas 1987 la
Kadejak sou Konstitisyon 29 mas 1987 la
Konsèy nasyonal gouvènman divalyeris, K.N.G. san divalye, pwomèt eleksyon onèt, eleksyon demokratik. Peryòd banbòch swadizan demokratik la prèske bout, apre dechoukay diktatè sanginè Janklod Divalye, nan dat 7 fevriye 1986. Pandan ti legliz ak popilasyon an ap reklame satisfasyon revandikasyon yo, jistis ak jijman tonton makout, gwo bonèt legliz katolik la ap reklame padon ak rekonsilyasyon ant pèp la ak makout divalyeris.
Konplo monte ak lame dayiti pou yo sazinen yon monitè Alfa ki rele Chalo Jaklen. Direksyon MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) pwofite salye memwa ak kouraj militan sa, Chalo Jaklen ki mouri pou libète pèp ayisyen. Nan dat 7 novanm 1986, yon gwo manifestasyon rasanble plis pase 200 mil moun k ap reklame pou zak sazinay militan sispann.
Pèp la reklame dechoukaj KNG. Nan mwa jiyè 1987 lame dayiti fizye plis pase 30 moun pòtoprens, enpi gran don ak lame masakre plizyè santèn peyizan nan Jan Rabèl. Malgre tout zak sazinay sa yo, blan yo deside vide lajan sou gouvènman makout KNG a. Pifò nan lajan sa yo sèvi pou achte zam ak minisyon pou mete nan men jandam. Se nan klima lesefrape ant pèp la k ap chèche wout pou l òganize tèt li, ak klas dominant lan, ki deside kenbe pèp la sou dominasyon l, konstitisyon 29 mas 1987 la pral pran nesans.
Nan dat 19 oktòb 1986, konsèy nasyonal gouvènman an deside chwazi plizyè sitwayen pou yo fòme sa yo rele asanble konstitiyant, ki pral gen wòl ekri yon lòt konstitisyon chifon pou peyi dayiti. Se dat 29 mas 1987 yo te adòpte konstitisyon sila. Apre 184 lane lendepandans peyi dayiti, sa fè 28 konstitisyon nan listwa peyi dayiti. Konstitisyon 1987 la bay palmantè, depite, senatè yo plis pouvwa. Li pwopoze sou papye, plis desantralizasyon.
Se premye konstitisyon ki prevwa se 2 lang pèp ayisyen pale : franse ak kreyòl. Petèt, nan yon lòt konstitisyon, yon jou, yo va rekonèt se sèl lang kreyòl la, ki veritab lang pèp ayisyen an. Menm konstitisyon 29 mas 1987 la prevwa, lè pèp la mete yon sitwayen prezidan, se pou yon peryòd 5 lanne, enpi l pa gen dwa double manda a, apre premye manda a bout.
Konstitisyon sila bay prezidan an dwa pou li chwazi yon premye minis ki sòti nan pati politik ki rasanble plis depite ak senatè nan palman an. Konstitisyon an pa bay prezidan an dwa pou li kraze palman. Se palman ki ratifye nominasyon chèf eta majò lame ak lapolis, sa vle di konstitisyon 29 mas 1987 la toujou rekonèt egzistans lame dayiti. Konstitisyon an pa dakò pou yo touye yon moun menm si moun lan komèt nenpòt krim.
Konstitisyon an pa dakò pou fè okenn moun sibi move trètman. Konstitisyon an dakò pou gen plizyè pati politik k ap fonksyone lib e libè, enpi l ap bay garanti sou libète piblik yo. Konstitisyon 1987 la konsakre dwa pou pèp ayisyen jwenn bonjan swayaj, bonjan levasyon ak sekirite.
Konstitisyon 29 mas 1987 la retabli koulè ble ak wouj drapo nasyonal la, papa dòk te chanje fè tounen nwa ak wouj, enpi konstitisyon an pèmèt tout ayisyen ki te chanje nasyonalite yo, tout ayisyen refijye vin retounen pran nasyonalite ayisyen yo ankò. Konstitisyon 29 mas 1987 la pa dakò ak lwa nan peyi a ki t ap pesekite vodouyizan, ni li pa dakò ak lwa ki te konn pesekite moun ki gen lide kominis.
Pami moun yo ki te ekri konstitisyon 29 mas 1987 la, te gen yon nèg yo te rele Sèj Vila, yon komèsan nan lavil okap ki te ekri nan konstitisyon an, atik nimewo 291, ki pat bay okenn makout divalyeris dwa pou yo okipe djòb leta pandan 10 lanne apre piblikasyon konstitisyon 29 mas 1987 la. Atik sa, pral mennen Sèj Vila anba tè. Lame makout divalyeris, sazinen Sèj Vila ak plizyè bal.
Nou kapab konsidere zak sazinay sa, tankou premye kadejak konstitisyon 29 mas 1987 la.
Nan dat 22 jen 1987, konsèy nasyonal gouvènman an pran desizyon kraze konsèy elektoral pwovizwa ki te la pou òganize eleksyon anba banyè konstitisyon 29 mas 2007 la.
Nan dat 20 jiyè 1987 pèp la boule yon drapo blan meriken douvan katedral Jeremi an. Nan dat 23 jiyè yon gwoup peyizan ki sot patisipe nan yon manifestasyon anfavè refòm agrè, gwoup peyizan sa yo tonbe nan yon anbiskad grandon ak tonton makout te tann pou yo. Plis pase 600 pòv peyizan mouri nan anbiskad sila. Konnyè a, pèp la move, nenpòt ki bagay ka rive.
Pou evite kòlè pèo la pran chimen revolisyon, blan yo fòse konsèy nasyonal gouvènman pèmèt K.E.P., konsèy elektoral pwovizwa pwograme eleksyon pou 29 novanm 1987. Wi eleksyon pou 29 novanm 1987. Denpi 30 lanne, pou premye fwa, plis pase 3 milyon ayisyen pral itilize bilten vòt pou yo chwazi yon prezidan, 77 depite, 27 senatè, plizyè majistra ak kasèk. Gen plis pase 200 kandida pou djòb prezidan. Konsèy elèktoral la pral blije bay plizyè kandida kanè, pou li retni sèlman kèk nan yo.
Malgre atik 291 nan konstitisyon 29 mas 1987 la pa pèmèt makout patisipe nan eleksyon 29 novanm lan, tout moun ap poze tèt yo kesyon pou konnen ki kalite konplo makout ap prepare. Klima ensekirite a enkyete tout moun. Nan dat 22 novanm 1987, yon kòmandò lame dayiti mete dife nan mache salomon nan pòtoprens. 3 jou apre sa, nan dat 25 novanm l987, polisye an sivil tire enpi yo touye Iv Volèl yon kandida pou prezidan. Iv Volèl ki te kwè nan demokrasi ak tonton makout, te parèt douvan gran katye jeneral lapolis, lame dayiti, ak yon liv konstitisyon nan men l. Nou kapab konsidere zak sazinay sa tankou yon lòt kadejak sou konstitisyon 29 mas 1987 la.
Nan dat 26 novanm 1987 nan maten, moun leve, yo wè 5 kadav nan lari pòtoprens. Pami kadav sa yo, gen yon fanm ansent. Kèk nan 9 manb konsèy elektoral pwovizwa a, tankou Mak Antwa n Nwèl, pran nan panik ak pwovokasyon makout yo, men kèk lòt manb K.E.P., a tankou Emanyèl Anbwaz, deside yo p ap pran nan presyon zago loray tonton makout. K.N.G. refize bay kòb pou elèksyon reyalize, enpi olye Jal tafyatè Anri Nanfi bay garanti pou sekirite eleksyon 29 novanm 1987 la, li nonmen tèt li kòmandan an chèf fòs lame dayiti. Pifò nan kandida pou djòb prezidan, resevwa kanè nan men K.E.P. a ki retni sèlman 8 nan yo.
Pami kandida sa yo, nou jwenn, Mak Lwi Bazen, ki gen laj 55 lanne lè sa. Lwi Dejwa 2, yon milat, ki gen laj 59 lanne. Lèsli Senwòk Franswa Maniga, Toma Dezilma, Franswa Latòti, ki te gentan jwenn djòb minis jistis nan gouvènman militè pwovizwa a , Rene Teyodò, yon nèg ki t ap dirije pati inifye kominis ayisyen, ak èd dekan l yo rele Maks Boujoli. Lòt kandida pou djòb prezidan ankò, se pastè Silvyo Klod ki gen laj 54 lanne. Divalye te arete msye plis pase 10 fwa, Divalye te maltrete msye nan lanne 1983, Divalye te menm ofri msye yon valè 500 mil dola vèt pou li kite peyi dayiti. Apre sa, nou gen Jera Goug ki gen laj 61 lanne, kandida fwon nasyonal konsètasyon.
Konnyè a, lè a ap mache, 8 kandida sa yo pral tann dizon 2 milyon 300 mil ayisyen, yo di ki enskri sou lis elèktoral. Vèy la kòmanse. Nan dat samdi 28 novanm 1987, kanpay elèktoral la sot lakòz plizyè santèn moun mouri nan mwens pase 2 mwa, pandan lame konplis la, ap founi je l gade san li pa fè anyen. Samdi 28 novanm 1987, se lavèy elèksyon. Tout bagay pare pou yon koudeta militè.
Demen dimanch 29 novanm 1987 se elèksyon nan peyi dayiti. Samdi 28 novanm 1987, lari nan pòtoprens kalm, jandam fòs lame dayiti ap fè patwouy nan chak bout kwen. Pandanstan pèp la, yo fè kwè yon bilten vòt ka rache demo krasi nan men makout, pèp la ap fè rèv je klè, l ap tann demen pou li desann an mas pou l al vote. Menm samdi sa, a 11 zè nan aswè makout mete dife nan anpil biwo vòt, moun tande plizyè rafal zam otomatik ak grenad k ap eksploze. Plizyè legliz kote yo te mete materyèl elèktoral atake.
Makout boule Radyo solèy, yo atake Radyo Ayiti-entè ak Radyo Antiy entènasyonal. Yo tire valè kout zam sou kay pastè Rankou, manb konsèy elèktoral pwovizwa a. Sa lakòz tout manb K.E.P. a rantre nan mawon. Malgre sa, pèp la deside pou li ale vote. A 8 tè nan maten jou dimanch 29 novanm 1987 la, plizyè moun ki pral vote, mete yo nan ran, yonn dèyè lòt douvan 5 biwo vòt nan lekòl Imakile konsèpsyon. A 8 tè 30 nan maten, plizyè elèktè mete yo nan ran, nan biwo vòt ki plase nan lekòl Ajantin Bèlgad. Nan maten 29 novanm 1987 la, nan riyèl Vayan nan pòtoprens, 5 machin ki gen ladan l plis pase 30 tonton makout ki mete kagoul nan tèt yo, yo debake ak gwo zam fann fwa enpi yo kòmanse tire sou moun ki vin vote, sou moun ki gen bilten vòt nan men yo. Moun ki blese, men ki ponkò mouri, tonton makout rache yo ak kout rach ak kout manchèt ak kout kouto.
Tonton makout koupe men moun ki vin vote. Lè kòmandò lame dayiti makout la fin touye kont moun, yo ale. Kèk minit apre, yo retounen ankò pou yo touye jounalis ki t ap obsève masak yo. Se konsa, tonton makout yo blese yon jounalis anglè, Jefri Smit ak yon suisès, kidonk yon fanm peyi lasuis ki rele : Graba Tilè, enpi yo touye ak yon bal nan vant, yon fotograf dominiken ki rele Kalòs Gwouyonn. Pandan tan sa a lòt manb èskadwon lanmò yo ap mache kraze lokal pati politik ak biwo elèektoral yo. A 9 vè mwen 5 nan maten jou dimanch 29 novanm 1987 la, prezidan konsèy elèktoral la blije anonse: elèksyon 29 novanm 1987 yo ranvwaye.
Tonton makout genyen batay la, pèp la pèdi. Rèv sa pèp la t ap fè nan maten 29 novanm sa, li koute pèp la plis pase 34 lanmò ak plis pase 67 blese nan pòtoprens. Nan vil pwovens yo, kè sote a te kòmanse denpi nan samdi 28 novanm 1987, kote K.E.P. a te blije deja anile elèksyon nan latibonit lakòz plizyè gwoup makout ki bare wout, k ap tire sou tout bagay ki bouje. Obsèvatè etranje yo pa ka pwoche paske militè yo pa bay elikoptè yo otorizasyon dekole. Koudeta militè sa te byen prepare. Lè aswè rive nan dat 29 novanm 1987 la, Jal Anri Nanfi anonse li kraze konsèy elèktoral pwovizwa a, ak pretèks K.E.P a pa respekte ni konstitisyon ni lwa elèktoral la, enpi K.E.P a envite pisans etranje nan zafè peyi dayiti.
Listwa peyi dayiti kondane Anri Nanfi, Wilyam Regala ak tout lame dayiti a, ki òganize masak sa sou pèp ayisyen ki p ap janm bliiye pitit li ki mouri pou gran mesi, pitit li ki mouri pou demokrasi ak libète. Sa, se lòt zak kadejak sou konstitisyon 29 mas 1987 la. Plizyè tonton makout ki te patisipe nan masakre pèp ayisyen an toujou vivan. Plizyè tonton makout ki prèt pou sazinen pèp ayisyen an vivan toujou, y ap tann okazyon pou yo egzekite plan yo. Rekonsilyasyon wi men fòk lajistis tann zèl li nan mitan sosyete peyi dayiti.
Konstitisyon 29 mas 1987 la, pran nesans nan anpil kalamite. Malgre l genyen anpil limit parapò ak gran rèv pèp ayisyen an, nou kapab rekonèt, se yon pa pi douvan sou wout demokrasi.
Denpi lanne 1987, zak kadejak pa sispann. Pèsonn pa bliye dat 7 janvye 1991 ak 29-30 septanm 1991, kote tonton makout te fè koudeta sou prezidan Jan Bètran Aristid ki te eli demokratikman sou banyè konstitisyon 29 mas 1987 la.
Pèsonn pa bliye koudeta entènasyonal ak kidnaping kominote entènasyonal la te fè nan dat 29 fevriye 2004 sou prezidan Jan Bètran Aristid ki te eli demokratikman anba banyè konstitisyon 29 mas 1987 la. Yon konstitisyon ki pa rekonèt ni pou etranje okipe pòs palmantè, minis, gran fonksyonè leta, ni pou jandam etranje vin arete sitwayen ayisyen nan peyi dayiti, ni prezans fòs okipasyon lame etranje sou teritwa peyi a.
Sepandan, sitwayen nasyonalis santi yo èstomake, lè yo konstate kòman se pwòp responsab ki eli pou fè respèkte konstitisyon an, se yo menn k ap pilonnen l anba pye.
Se pa pou sa nou wè jodi a, Papa Jan-Jak Desalin te fè premye janvye 1804. Ideyal premye janvye 1804 la, se kreyasyon yon nanchon ayisyen, kote tout pitit tè a, ak silayo ki ta chwazi vin tounen ayisyen, dwe jwenn yon ti bout tè ki rele yo jantimèt, jantimètrès, pou yo viv nan pwogrè ak diyite.
Plizyè lanne kalamite pase, denpi premye janvye 1804, ak divès fòs okipasyon, ki anpeche rèv pèp ayisyen an reyalize. Jodi a, yo rele fòs okipasyon an, Misyon destabilizasyon peyi dayiti, MINISTA, ki kreye tout kondisyon pou l tabli kò l san limit sou teritwa a, alòske popilasyon an rejte prezans li.
Ensekirite òganize, se enstriman Minista pou jistifye prezans li sou teritwa a, pandan gouvènman peyi etazini, peyi kanada ak peyi ewopeyen yo itilize sòlda peyi azyatik ak jandam kèk peyi latino-meriken pou molèste pèp ayisyen an, vòlè bèt ak rekòt peyizan, derèspèkte, imilye sitwayen ayisyen, nenpòt lè ki fè yo plezi.
Kesyon sektè òganize nan sosyete peyi dayiti ap poze: se poukisa pèp ayisyen an te vote yon prezidan ak yon palman? Pèp la te vote yon prezidan, nan anpil difikilte, pou l mete kanpe yon gouvènman ayisyen pou asire byennèt fizik, byennèt moral, ak byennèt sosyal chak grenn ayisyen. Prezans Minista pa danse kole ak objèktif sayo. Pèp ayisyen an te vote depite ak senatè, ki ta dwe adòpte bonjan lwa ki ale nan sans enterè popilasyon an, enpi pou oblije gouvènman an aplike sa ki ekri nan manman lwa peyi a, kote lame etranje pa gen dwa ap sikile lib e libè sou teritwa a.
Èske palmantè, prezidan, manb gouvènman ayisyen gen dwa siyen, san konsantman pèp ayisyen an, pou fòs okipasyon kontinye ap panpannen sou teritwa peyi dayiti? Yon zak ki konsidere tankou vyolasyon konstitisyon 29 mas 1987 la.
Peyi dayiti bezwen zanmi, pou kopere ak li, pou boukante lide, pwodi, materyèl ak li, pou konstri pwojè pwogrè ansanm. Men, okipasyon pa nan enterè pèp ayisyen an. Nan sans sa, direksyon MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) pa apiye renouvèlman manda Minista nan peyi dayiti. Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.), pwopoze pou leta ayisyen voye jenn fanm ak jenn gason ayisyen al pran fòmasyon nan domèn sekirite, nan peyi latino-meriken, tankou : peyi Kiba, peyi Venezyela, peyi Ekwatè, peyi Bolivi, pou yo retounen vin mete kanpe yon fòs sekirite nasyonalis osèvis pèp ayisyen an.
Nou pa kapab kreye fòs sekirite piblik ni ak ansyen jandam lame dayiti kòwonpi, ki gen pase kriminèl, paske se yo menm ki toujou tòchonnen konstitisyon peyi dayiti ak tout kalite koudeta, ni ak ajan fòs okipasyon, peyi letranje ta chwazi. Fòs sekirite peyi dayiti dwe obeyi ak lojik entegrasyon espas latino-meriken an k ap chèche libere tèt li anba dominasyon gran pisans k ap defann enterè ekonomik yo. Fòs sekirite piblik ayisyen an, dwe enskri tèt li nan lojik altèmondyalizasyon an, pou anfen, peyi dayiti rejwenn diyite l.
Renouvèlman manda Minista, NON !!! Kreyasyon yon fòs sekirite nasyonalis ayisyen, ak jenn fanm, jenn gason detèmine, byen fòme, WI !!!
Nan okazyon selebrasyon 21 lanne ezistans konstitisyon 29 mas 1987 la, militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) renouvle angajman yo toujou pran pou yo kontinye akonpanye popilasyon an, nan move sitirasyon depandans politik, ak ekonomik li twouve l jodi a.
Batay la ap rapousuiv….
Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè , ki pa janm sispann batay…
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)
|