REFLÈKSYON MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) SOU KESYON DOUB NASYONALITE
Nan respè dirijan M.R.A. genyen pou tout ayisyen ki genyen doub nasyonalite, nou panse l enpòtan pou n klere je sitwayen yo, sou veritab pwoblèm ki soulve ak kesyon sitwayen ki rantre nan palman ak nan gouvènman ayisyen an, pandan yo posede paspò etranje, kidonk yo gen omwen 2 nasyonalite.
Nan dat 29 mas l987, sosyete sivil nan peyi dayiti mande popilasyon an adòpte yon konstitisyon, manman lwa peyi a, kote se pa fòs zam ni kout kòb ki ta dwe regle diferan ant manb menm sosyete peyi dayiti a, men pito, se fòs lalwa ak prensip.
Pou sa ki konsènen òganizasyon elèksyon pou senatè, premye paragraf atik nimewo 96 konstitisyon peyi dayiti ekri:
Men nan ki kondisyon yon moun gen dwa vin senatè:
1) Fòk li Ayisyen natif natal. Epi, fòk li pa te janm pa Ayisyen ankò.
Kidonk, fòk kandida a fèt ayisyen, enpi li pa dwe janm renonse ak nasyonalite l.
Menm konstitisyon peyi dayiti a, bay konsèy elèktoral la dwa pibliye dekrè lwa elèktoral, nan menm liy ak konstitisyon an.
Jounal « Le Moniteur » pibliye nan dat vandredi 11 fevriye 2005, yon dekrè elèktoral ki ekri nan atik nimewo 80 : Pou yon sitwayen gen dwa prezante kòm kandida pou senatè, fòk li ayisyen natif natal, enpi l pat dwe janm renonse ak nasyonalite l….
Konnyè a, si yon kandida triche, fè kòken, moun yo ki pèmèt li triche, ta dwe resevwa pinisyon pou sa.
Lè yon sitwayen genyen doub nasyonalite, se yon pwoblèm ki konsène Dwa Entènasyonal Prive. Nan ka ansyen senatè Woudòlf Boulòs ki gen anplis nasyonalite etazinyèn ak dominikèn, nou gen kè nou sou biskèt, lè nou tande gen istoryen ki deklare gen akò ki siyen ant peyi etazini ak leta ayisyen pou ta pèmèt Boulòs kontinye rete vin panpannen nan palman an, malgre chanm sena a fin vote rezolisyon sou revokasyon l, paske l vyole konstitisyon an ak lwa elèktoral la. Okenn jiris, menm si l gen anpil odas, pa gen posiblite twouve pwovizyon legal pou pèmèt Boulòs kontinye chifonnen konstitisyon an.
N ap raple pou tout jiris ak tout moun sa konsène, chak peyi genyen dwa entènasyonal prive pa yo. Se pa yon pwoblèm konstitisyon an genyen ak moun ki swa etranje, swa ki gen doub ou byen 3 nasyonalite. Men pito, se prekosyon ak garanti, lwa peyi dayiti ap chèche pou pwoteje nasyon an kont raketè ki espesyalize nan monte konplo kont peyi dayiti, pandan nou rekonèt valè ayisyen ki konplete fòmasyon yo nan peyi letranje.
Pa egzanp, eske lajistis ayisyèn genyen pwovizyon legal pou l kondane yon sitwayen etazinyen tankou ansyen senatè Woudòlf Boulòs, si l ta komèt nenpòt krim, tankou tout krim li te komèt ak siwo pwazonnen ki rele afebril, Boulòs te fabrike nan famasi Valyè, pòtoprens, kote l te lakòz lanmò plizyè santèn ti ayisyen malere ? Lè yon sitwayen ki genyen plizyè nasyonalite komèt yon zak nan yon peyi, règ Dwa Entènasyonal Prive a , ak konvansyon dwa entènasyonal " La Haye" detèmine yon ansanm regleman ki gen rapò ak sa ki rele : « konfli pozitif » ou byen « kimil nasyonalite ». Atik nimewo 5, konvansyon La Haye 1930, bay priyorite ak nasyonalite ki pi afèktiv la, ki plis gen rapò ak faktè ratachman.
Lè nou konsidere menm yon sitwayen ayisyen ki pa janm rantre nan peyi etazini, lè yo akize l san li ponkò menm genyen yon chaj reyèl ki peze sou do l, blan meriken rantre pran l nan peyi dayiti, enpi mennen l al jije lakay li san otorite ayisyèn yo pa menm ka wouspete.
Alewè, si menm sitwayen sa, ap viv nan peyi dayiti, enpi l ta gen nasyonalite etazinyen ou byen kanadyen, franse, ou byen lòt. Si sitwayen etranje sa fin piye kès leta, ou byen si l komèt nenpòt krim dwa komen, lajistis peyi dayiti twò fèb pou l ta bay sitwayen sa pinisyon l merite. Se pou evite sitirasyon depandans politik sa, konstitisyon peyi dayiti pran prekosyon pou l pa kite etranje vin okipe pòs administratif enpòtan.
Enfòmasyon ap sikile pou fè kwè, se moun yo ki gen doub ou byen plizyè nasyonalite yo ki gen meyè fòmasyon akademik, se pou rezon sa, se yo menm ki ta dwe nan tèt leta peyi dayiti. Sa se erè.
Gen anpil sitwayen nasyonalis ki pa janm deside twoke nasyonalite yo, kèlkeswa difikilte yo ta rankontre nan peyi letranje. Peyi a dwe rann omaj ak sitwayen nasyonalis sayo. Otorite nan peyi dayiti ta dwe pran tout dispozisyon pou l kreye tout kondisyon akèy favorab ak ankadreman pou enterese sitwayen ayisyen ki fòme nan peyi letranje vin pote konkou yo nan konstriksyon peyi a, nan respè pou tout lòt yo ki pat gen chans deplase al pran fòmasyon nan lòt peyi.
Anplis, si yon sitwayen ayisyen gen lòt nasyonalite, se pa sèlman nan pòs depite, senatè, prezidan, minis, li kapab itil peyi a. Gen anpil lòt fonksyon, lòt aktivite nan èstrikti edikativ yo, nan èstrikti teknik yo, nan èstrikti ekonomik peyi a, yo kapab itil.
Malgre konstitisyon an byen klè sou kondisyon pou yon sitwayen vin brige manda senatè. Malgre chanm sena ayisyen an fin revoke ansyen senatè dasomann Woudòlf Boulòs, sa pa anbeche Boulòs vin fè pwovokasyon nan palman an, pou l tòchonnen manman lwa peyi a.
Atik nimewo 158 kòd penal ayisyen an deklare : »…Tout fonksyonè revoke, dèstitiye, yo sispann ou byen entèdi legalman, si l kontinye egzèsis fonksyon yo, menm apre li fin okouran ofisyèlman, la lwa ap pini l pou fè l pase pou pi piti 6 mwa, pou pi plis 2 lanne dèyè bawo prizon ak amand. Anplis, sitwayen sa p ap kapab egzèse okenn fonksyon piblik pandan pou piti yon lanne, pou pi plis 3 lanne, apati dat li fin sibi pèn li. Ki rat, ki pral pase kòd la nan kou chat mimi mya w la ?
Sa se lalwa nan peyi dayiti. Pou w fè aplike lalwa, fòk ou gen fòs pou sa……
Peyi dayiti te rache lendepandans li, gras ak sakrifis, gras ak san zansèt nou yo ki te koule. Se etranje ki te senyen, ki kontinye ap senyen venn nou. Tout pitit peyi a gen fyetè, lonè ògèy. Nou pa dwe aksèpte etranje dirije nou, ni lwen ni pre, ni dirèktemen, ni endirèkteman, ni ak rèstavèk blan.
Nou dwe kontinye batay diyite a, jis nan bout li. Paske viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè, ki pa janm sispann batay…
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)
Mèt Bidri Dòsenvil
Master nan Edikasyon
Inivèsite vil Pari, nan peyi lafrans
Avoka
Dirijan Responsab Relasyon Eksteryè Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.) |