Rapò Reveyon SEFÒM 2007
SEKSYON FÒMASYON (SEFÒM), nan dispansè doktè W. Polikap te òganize yon reveyon nan dat samdi 22 desanm 2007 la, sou envitasyon komite egzekitif kowòdinasyon 260 fòmatè SEFÒM ki konstitiye yon gran òganizasyon travayè sante ki tann zèl li nan plizyè depatman anndan peyi dayiti.
Lèt envitasyon an te redije konsa:
SEFÒM
SEKSYONFÒMASYON
Dispansè Doktè W. Polikap, Katyemoren, Galman Dipla B.P. # 184 Okap Ayisyen
Telefòn: 559-5635 / 553-4431 / 553-4838 / 708-8921 / 786-623-4695
E-mail: docteurwpolycarpe@yahoo.fr / E-mail: sefom1994@yahoo.fr
Sit Entènèt : www.atlantikhaiti.com
Soti nan Komite Egzekitif Kowòdinasyon Fòmatè SEFÒM
Rezon : Envitasyon nan reveyon SEFÒM
Komite kowòdinasyon SEFÒM ap òganize yon gran reveyon nan dat samdi 22 desanm 2007, nan Oditoryòm Radyo Atlantik, galman dipla, katyemoren, soti 7 tè nan aswè, pou rive jouk li jou.Chak patisipan nan reveyon an, ap bay yon ti kotizasyon 150 goud.
Sefòmis ki gen otorizasyon patisipe nan reveyon SEFÒM lan, se sèlman fòmatè SEFÒM, ansyen, ak nouvo patisipan SEFÒM. Senpatizan ou byen pwòch paran sefòmis kapab patisipe, sèlman ak otorizasyon èspesyal kowòdinasyon an. Kontakte biwo SEFÒM lan, pou plis presizyon.
Ou kapab peye frè patisipasyon w, swa nan biwo SEFÒM nan dispansè a, swa nan chòp AT.P. site lesko, swa nan men tout kowòdonatè yo.
Dènye delè pou w peye kotizasyon w, se lendi 17 desanm 2007 a minui.
NB : Yon gwo bouyon kiltirèl ap kòmanse pwogram lan, gras talan tout fòmatè ak tout patisipan SEFÒM, ki dwe voye pou pita nan dat 17 desanm 2007, lis aktivite yo konte prezante tankou dans, poezi, ti pyès teyat, blag ak lòt ankò. Anpil prim pral distribiye, enpi se plezi, siye pye èspesyal, manje ak bwè vant deboutonnen tout lannuit jouk li jou. Lè pwogram lan kòmanse, pòtay ap fèmen, moun p ap rantre ni soti. Enpi, pa bliye, pral gen gran tiraj SEFÒM, kote ak grenn 25 goud moun ki mize kapab genyen : radyo kasèt-CD dènye modèl, blenndè, plizyè telefòn tou aktive, ak anpil prim konsolasyon. Sefòmis ki rive distribiye plis tikè gran tiraj SEFÒM lan, ap resevwa yon gwo prim.. Tout moun gen dwa achte tikè gran tiraj SEFÒM lan… Tiraj la ap retransmèt an dirèk, sou ond Radyo Atlantik, ak sou sit : www.atlantikhaiti.com
Reveyon SEFÒM, se reveyon tout ansyen ak nouvo sefòmis. Se fèt pou tout gran fanmiy SEFÒM lan.
SEFÒM SE POU MWEN, SEFÒM SE POU WOU, SEFÒM SE POU NOU TOUT
Efèktivman, gran reveyon tradisyonèl SEFÒM lan te dewoule san okenn ensidan, ak anpil disiplin, nan respè yon n pou lòt, an prezan plizyè santèn patisipan, sefòmis, senpatizan, paran ak zanmi sefòmis. Aktivite a, ki te tanmen a 7 tè nan aswè jou samdi 22 desanm lan, pou l te bout jou dimanch 23 desanm 2007 la, a 6 zè edmi nan maten, selon pwotokòl sila :
PWOTOKÒL REVEYON 2007 SEFÒM (22-12-07)
NAN ODITORYÒM RADYO ATLANTIK (KATYEMOREN)
I- PATI REKREYATIV KILTIRÈL: (Soti 7 tè pou rive 11 zè nan aswè)
1- Mo byenvini (Fòmatè Arismandi Viksama)
2- Lapriyè èspesyal nan non SEFÒM (Fòmatè Danyèl Vènè)
3- Tèm reveyon an se: “SEFÒMIS, ANN LEVE FLANBO SEFÒM LAN PI WO”
4-Imn SEFÒM (tout moun, sou direksyon Komite egzekitif kowòdinasyon SEFÒM)
5- Chan Nwèl (LEKÒL OKSILYÈ MEDIKAL NAN KATYEMOREN: Baz SEFÒM LEKOMÈK)
6- Powèm: (Fòmatè Franki Lorèstil)
7- Devinèt (Leyonèl, Baz SEFÒM nouvo pò vètyè)
8- Dans Linyon ( Baz LEKOMÈk)
9- Chan “Sa yo vle m fè” (Leyonèl Jwaza, Baz SEFÒM Vensa Oje, nan vil okap)
10- Powèm « Lam veritab » (Baz SEFÒM Sanit Belè, nan vil okap)
11- Dans : « Tòp Adèlmann » (Nwèdlin Pyè, Baz SEFÒM Galman dipla)
12- Devinèt ( Lwiz Cheri, Baz LEKOMÈK)
13- Blag ak devinèt ( Jozye Anri Fizeme, Baz SEFÒM ti bouk Obòy)
14- Dans (Baz SEFÒM Jan Praysmas, nan vil okap)
15- Chan (Fòmatè Bènadèt Metelis)
16- Ti pyès teyat « Ayiti Sendomeng » (Baz SEFÒM Sanit Belè)
17- Dans: “Esklav Modèn” (Baz SEFÒM Site lesko, nan vil okap)
18- Devinèt (Imolèn, baz SEFÒM wanament, nan depatman nòdès
19- Ti pyès teyat mizikal (Dyela, baz SEFÒM Wanament)
20- Chan ( Elizna Batis, baz SEFÒM site lesko)
21- Ti pyès teyat « Piki kont pwazon » (baz SEFÒM ti bouk Obòy)
22- Devinèt : Fòmatè Nadèj Mèvil
23- Dans : baz SEFÒM Jan Praysmas
24- Etèpretasyon mizikal Fòmatè Nèli Jozèf
25- Ti pyès teyat, BAZ LEKOMÈK
26- Devinèt : (Nobram Prensipal, baz SEFÒM ti bouk Obòy
27- Blag: (Janklod Chal, baz SEFÒM Ti bouk OBòY)
28- Dans: Baz SEFÒM Sanit Belè
29- Entèpretasyon mizikal, (Wozni Edmon Baz SEFÒM nouvo pò vètyè)
30- Devinèt Edwa Fransiyis , baz LEKOMÈK
31- Entèpretasyon mizikal Mikayèl Steti Pyè, “Nachka” ak Joslen Pyè,
Baz LEKOMÈK
32- Powèm Imèn Jozèf, Baz LEKOMÈK
33- Devinèt (Woz Kamèn, Baz LEKOMÈK)
34- Entèpretasyon mizikal (Lòvli Anbwaz, baz LEKOMÈK)
35- Dans “Brodèz Pòsi” baz LEKOMÈK
36- Preparasyon Gran Tiraj SEFÒM
Animatè: Fòmatè Inosan Deriklè
Responsab son: Ekip Radyo Atlantik/ An dirèk ak sou sit www.atlantikhaiti.com
II- DEZYÈM PATI
37- 11 zè aswè: Manje ak brevaj vant deboutonnen ak bon ti bweson
38- Gran Tiraj SEFÒM
39- « Siye-Pye pou rive jouk li jou klè: Danse bonjan mizik ayisyen
40- Bòn Ane 2008. Randevou pou desanm 2008. SEFÒM, SE POU NOU TOUT
Pati kiltirèl la, te pi rich pase jan sa te prevwa, gras ak talan patisipan plizyè baz SEFÒM yo.
Gran tiraj SEFÒM lan te reyalize.
LIS GAYAN NAN GRAN TIRAJ SEFÒM :
Premye Pri : Yon Radyo – CD – Kasèt : Gayan : Jan Maks Dòlse, ki rete chastenwa, katyemoren
Dezyèm Pri : Yon blenndè : Gayan : Izalèn Meyis, ki rete senmichèl Latalay
Twazyèm Pri: 2 telefòn tou aktive: Gayan : Silafèt Avrilyen, ki rete ti bouk Obòy
Prim konsolasyon:
1- Leyoni Jan Chal, ki rete Mayisad
2- Bazil Jèfta, ki rete okap
3- Dominik Joslen ki rete senrafayèl
4- Gòlmann ki rete okap
5- Mèlin Jozèf, ki rete okap
Prim ankourajman:
1- Loreya nan distribisyon tikè gran tiraj SEFÒM lan: Leyoni Jan Chal, ki rete Mayisad
2- Baz SEFÒM, ki prezante pwogram ki pi original: Baz SEFÒM wanament ak fòmatè Loudrij Janbatis, ak fòmatè Etris Simon
Felisitasyon èspesyal pou:
1- Kowòdonatè Aral Loreyis, responsab relasyon piblik nan komite egzekitif SEFÒM
2- Fòmatè Inosan Deriklè
SEFÒM SE POU MWEN, SEFÒM SE POU WOU, SEFÒM SE POU NOU TOUT
|