Nouvèl: Nasyonal
 
Nouvèl nasyonal
Ayiti, vandredi premye me 2009

DEKLARASYON POLITIK MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN ( M.R.A.) NAN OKAZYON SELEBRASYON JOUNEN AGRILKILTI, JOUNEN OUVRIYE AK PEYIZAN
Ayiti, premye Me 2009

Nan okazyon gran rasanbleman premye me 2009 la nan mòn biklè, limonad, militan M.R.A.  ap pwofite raple yon pati nan  revandikasyon nou, yon pati nan revandikasyon popilasyon an, nan moman kote peyi a okipe ak blan, ak yon gouvènman ayisyen ki pa manifèste okenn sousi anfavè diyite pèp ayisyen an….
Si se vre dat premye me senbolize dat travayè, ouvriye ak peyizan, poukisa frè ak sè ayisyen nou yo kontinye ap ranmase imilyasyon nan batey dominiken, ak nan faktori peyi sousèt yo?

Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A., kontinye reklame pou leta ayisyen, sispann tout kontra zòn franch, kote tout bon tè fètil yo anba men peyi letranje, pandan anpil pitit pèp ayisyen an ap mouri ak grangou. Peyizan ayisyen, endistriyèl nasyonalis ayisyen kapab pwodi valè manje pou nou manje, san vant nou pa bezwen depann de peyi letranje. Nou gen tè, nou gen dlo, nou gen fòs kouray tout pèp ayisyen an ki vle travay, ki anvi travay, men ki pa jwenn travay. Militan pwogresis nan peyi dayiti ak nan peyi letranje dwe makònen fòs yo pou n tabli yon bonjan refòm agrè entegre, pou pwodiksyon nasyonal la tounen reyalite. Konsa, lavichè a ap bese

Pandan pèp ayisyen an reklame pou lavichè bese, gouvènman kòwonpi an reponn ak selèksyon malatchonn pou chouke raketè bèbè restavèk blan, ak palmantè “tayo grate” sou pouvwa.

Anplis, kantite lajan peyi a k ap envèsti pou peye jandam MINISTA, nan lwe gwo kay konfòtab ak achte machin chè pandan y ap vòlè bèt peyizan, vyole, dechalbore jenn tifi ak ti gason ayisyen, tout sa vin ogmante lavichè a ak imilyasyon pi plis toujou. Paske lajan sayo te ka envèsti nan pwodiksyon nasyonal, ak nan sibvansyon pwodi anfavè popilasyon an.

Si peyi tankou Kiba ak Venezyela deside tout bon vre, rinde peyi dayiti konbat lavichè a, se pa menm bagay pou kèk lòt peyi sousèt ak kèk peyi nan amerik latin lan tankou peyi Brezil, ki li menm patisipe nan 2 nivo, nan ogmante lavichè a.

  1. Peyi brezil genyen gwo kontenjan jandam MINISTA Brezilyen k ap gaspiye lajan peyi a.
  2. Brezil, se dezyèm pwodiktè biyo-kabiran nan lemondantye apre peyi etazini.

Biyo-kabiran, se kote yo itilize yon bann tè fètil enpi nan tè sayo, yo plante sitou kann, soja, mayi ak lòt sereyal. Olye yo itilize pwodi alimantè sayo pou bay moun manje, yo pito tranfòme yo, fè yo tounen luil ak gazolin pou mete nan motè machin, nan plas petwòl. N ap raple, petwòl la, se yon fòm esans , yon luil moun jwenn anba tè, anba lanmè, nan peyi tankou peyi Irak, Afganistan, Iran, Venezyela, ak lòt ankò. Se pou yo rive gen kontwòl richès sa yo rele petwòl la,gwo peyi sousèt yo pete lagè toupatou. Pou konnyè a, peyi sousèt yo pa kapab vòlè petwòl jan yo pito ankò, puiske pèp arab, pèp nan amerik disid la leve kanpe, pou yo defann richès anwo tè, tankou richès anba tè lakay yo.

Anfas reyalite sa, peyi sousèt yo blije ap chèche lòt solisyon pou ranplase petwòl la, ki endispansab pou tout motè yo rive mache. Solisyon yo jwenn, se biyo-kabiran an. Se ti peyi pòv, ki te deja nan grangou ki pral peye sa.
Nou menm, nan Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.) nou mande pèp ayisyen an rete veyatif, pou n anpeche yo vin transfòme tè peyi lakay nou pou ta fè tè a tounen jaden pou plante luil pou motè machin yo.  Militan Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.) pwopoze :

Tout leta ki gen mak fabrik nasyonalis ayisyen,  dwe pran responsablite l nan mete kanpe yon Refòm Agrè Entegre », kivledi, gen yon pakèt tè fètil atravè tout teritwa peyi a, gen valè dlo larivyè ak anba tè, k ap gaspiye tribò babò. Nouvo leta a dwe mete kanpe atravè tout teritwa peyi a, fèm agrikòl sou kontwòl peyizan fòme ak mouvman òganize. Zafè distribisyon ti mouchwa tè, kèk zouti agrikòl ak kèk ti gode angrè, se pa sa yo  rele refòm agrè. Okontrè, yon demach konsa pa pote lòt rezilta, ki se vin rann nou pi depandan parapòt ak peyi sousèt yo, pou anvlimen kriz grangou a pi rèd toujou anndan peyi a.

Lè n konsidere, mayi, pwa, se 3 ou byen 4 mwa sa pran pou l donnen, ki sa ki anpeche yon leta nasyonalis pwodi mayi ak pwa nan gran kantite nan tout peyi a, nan fèm agrikòl lakay.. Savledi, nan yon èspas pou pi plis 6 mwa, gran mache nasyonal yo t ap kapab chaje ak manje ki pwodui lakay. Se sa yo rele Pwodiksyon Nasyonal.
Alèkile, lè mache nasyonal yo fin chaje ak pwodi nasyonal, fwa sa a, n ap kapab voye vann manje nan peyi letranje, pou n jwenn deviz. Deviz sa yo kapab sèvi pou  n devlope peyi nou, pandan nou fin rezoud pwoblèm grangou lakay nou, enpi n ap kapab, menm jan an tou, voye sinistre bay zòt.

Nan sans sa, militan Mouvman Revolisyonè Ayisyen M.R.A. panse, pwopozisyon sa, se yonn pami divès lòt mwayen ki kapab pèmèt popilasyon an reprann konfyans, malgre l deja pèdi lespwa. Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A. p ap janm sispann reklame pou leta legalize tout tè ki deja nan men mas pèp la. Peyizan ki deja travay tè yo, ki deja bati kay sou tè yo, dwe jwenn papye tè yo nan men leta. Malere, malerèz ki deja bati kay yo sou tè leta dwe jwenn papye tè yo nan men leta. Lajistis dwe pase kòd nan kou tout sitwayen ki kraze rekòt ak byen peyizan, enpi k ap fè fo papye pou eseye jistifye tè leta se pou yo.

Nou konnen,  yon leta restavèk pa gen ni volonte, ni posiblite pou l kapab satisfè lis revandikasyon popilasyon an.
Militan Mouvman Revolisyonè Ayisyen, M.R.A. renouvle angajman yo, pou yo kontinye patisipe nan tout aktivite ki kapab debouche nan satisfaksyon revandikasyon sayo, puiske rezilta yo p ap janm rive posib toutotan flanm mobilizasyon an pa kontinye monte toupatou anndan peyi a.

Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A. mande popilasyon an pou l pa dekouraje. Nou tout ki sanble, ann rasanble. Si w dakò pote kole ak senserite nan batay pou defann kòz mas yo, ann rasanble; mouvman ak pati politik mas popilè yo, asosyasyon peyizan ak ouvriye, ann rasanble; gwoup kiltirèl, asosyasyon atis, etidyan, elèv lekòl, ann rasanble; asosyasyon sosyo-pwofesyonèl, òganizasyon katye ki soude ak popilasyon an, patriyòt pwogresis, ann rasanble; ann rasanble nan yon gran mouvman  inite pou n sove peyi dayiti.

Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A., panse, si nou rive rasanble nan kan pwogresis, nan kan  popilè a, nan yon gran FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN, nou kapab anpeche pouvwa reyaksyonè kontinye chouke pou aplike plan peyi letranje. Si nou rive mete tèt nou ansanm nan kan popilè a, nan chak depatman peyi a, nan peyi letranje, nou kapab rive konstri ansanm FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN an.

Se yon FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN ki kapab pèmèt nou reklame pou okipasyon teritwa peyi dayiti a sispann, enpi pou ayisyen regle zafè yo ant yo menm, pandan nou pa rejte koperasyon sosyo-ekonomik, kiltirèl ak peyi letranje. Se yon FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN, ki kapab pèmèt nou batay pou fè pri gaz bese, pou lavichè bese. Yon FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN, se espas politik tèt ansanm ant tout militan pwogresis ak tout popilasyon an.

Se yon FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN, ki kapab pote boure pou fè wout yo konstri, pou mache yo konstri ak sekirite, byen pwòp ak twalèt, dlo pou ti komèsan sèvi, enpi pou taks sou machandiz ti komèsan bese, pou anplwaye leta ak ouvriye touche salè yo nan lè, san aryere. Se sèl yon FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN, ki kapab mete kanpe yon veritab refòm agrè entegre, yon refòm agrè ki byen ankadre peyizan ak endistriyèl ayisyen, pou bay pwodiksyon nasyonal la jarèt, nan kad aplikasyon yon pwojè sosyete anti-neyoliberal, savledi yon pwojè lavi. Se sèl yon FWON NASYONAL POPILÈ AYISYEN, ki kapab enskri devlòpman peyi dayiti nan kad yon gran pwojè sosyalis latino-meriken tou nèf, anfas plan neyoliberal pwazon ak mondyalizasyon lanmizè a nan peyi depandan yo.

Kanmarad atravè tout teritwa peyi dayiti, kanmarad patriyòt pwogresis ayisyen nan peyi letranje, ann ini fòs nou, nan konstri yon zouti batay politik initè, pou n kwape pwojè lenmi pèp ayisyen an, lenmi lespwa, lenmi libète.
Batay pou n jwenn amelyorasyon kondisyon lavi tout popilasyon an, p ap sispann, paske viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè  ki pa janm sispann batay. Moun ki sanble, se yo ki rasanble.
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN,  M.R.A.     MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN  M.R.A.

 

 

 

 


 

 

 

Moso listwa Dayiti