Pozisyon politik MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A nan okazyon 204 lanne anivèsè lendepandans peyi d Ayiti
Prezidan Rene Gasya Preval entèvni jou madi premye janvye 2008 la, sou plas gonayiv, nan okazyon selebrasyon 204 lanne anivèsè lendepandans peyi dayiti, nan yon diskou ki pa gen okenn konsistans.
Apre yon entèvansyon konsa, popilasyon an santi l pèdi LESPWA pi plis toujou. Nou panse l enpòtan pou n ta fè yon ti bilan sou aksyon gouvènman Preval/Alèksi a, apre egzèsis pouvwa a, pandan yon peryòd plis pase yon lanne edmi san okenn opozisyon politik.
Tout moun kapab konstate, peyi a toujou sou kontwòl fòs okipasyon, pandan pwoblèm ensekirite a pa rezoud pou lontan, menm si pafwa konn gen ti akalmi. Nan sans sa, nou kapab konprann se sitou ensekirite politik.
Operasyon dèstriksyon ak zak kraze brize nan kèk katye popilè, kote anpil inosan pèdi lavi yo, san okenn òganizasyon dwa moun pa pwotèste, pa rezoud pwoblèm ensekirite a. Sepandan, nou kwè l nesesè ak aksyon selèktiv, pou netralize bandi ame k ap simen latwoublay nan sosyete a.
Sou plan sosyal, okenn pwogrè pa reyalize nan sistèm levasyon peyi a, kote nou jwenn divès direktè depatmantal levasyon ki fè bwat yo tounen bwat prive pou anrejistre tout kalte kòripsyon, abi, ak chèk zonbi. Tout dirèksyon jeneral ak depatmantal tounen bwat pou fè kòb, pou kaze ti zanmi ak ti fanmiy. Se pa zafè peyi k ap regle.
Nan domèn sante, kèk ti operasyon kont chalatan ak renmèd pwazonnen dat pase ministè sante piblik te kòmanse antreprann, men dispansè ak lopital yo toujou konfwonte menm kalite pwoblèm absans travayè sante, mank medikaman ak sèvis kontini.
Chomaj kontinye ap vale teren. Manman ak papa pitit pa ka peye lekòl pitit yo, yo pa ka jwenn manje lakòz lavichè ki kwaze pye l sou kòtòf popilasyon an, lakòz sektè gran komès la k ap jwi enpinite bò kote gouvènman anplas la.
Pou sa ki gen arevwa ak ranfòsman enstitisyon yo anndan peyi a, se bak total, kote elèksyon kòmanse denpi nan lanne 2006, jis jounen jodi elèksyon pa ka bout, pandan konsèy elèktoral pwovizwa monte desann, nan gaspiye ti kras resous ekonomik peyi a nan reyalize elèksyon bidon.
Anplis, yon palman kòwonpi ak palmantè bèbè, k ap resevwa koutay nan men etranje, nan men enstitisyon, ak nan men moun ki gen gwo lajan, pou yo fèmen zòrèy, fèmen bouch, fèmen je, ak pense fès yo douvan bonjan lwa, pwojè-lwa, akò, ak konvansyon ki ta dwe louvri wout devlòpman peyi a. Antreta n tande, tout fonksyonè, minis, anpil palmantè deja ap foubi zam yo pou yo vin kandida pou prezidan, kandida pou minis, pou yo vin dechèpiye.
Okenn bonjan travay pa reyalize nan kad enfraèstriki global anndan peyi a. Wout ak pon kraze, yo pa ka repare. Lè yo pwomèt konstriksyon yon twonson wout tou nèf, li kòmanse, kabouyay pete l pa ka fini. Popilasyon an toujou gen pwoblèm dlo potab, kouran, kominikasyon….
Ministè komès demisyone fas ak pwodi pwazonnen ki anvayi mache a san kontwòl ni kalite, ni pri yo. Yo di gen ministè anviwònman, ak ministè kolèktivite teritoryal, sepandan fatra, ma dlo santi ap toufounen popilasyon an ak move maladi atrapan, pandan majistra yo ap gaspiye resèt leta.
Sou plan ekonomik, gouvènman Preval/Alèksi a pa fè okenn jefò serye pou l entegre peyi dayiti nan dinamik ekonomik amerik latin lan, ki te kapab louvri wout tout bon vre, pou devlòpman dirab peyi a. Yon politik tann kwiy pou resevwa kout ponya nan men peyi sousèt, pa kapab danse kole ak pwojè sosyete ki makònen ak pwodiksyon nasyonal, ki se kle kwasans ekonomik ki kapab pèmèt nou envèsti nan gran sektè sosyal anfavè popilasyon an.
Plizyè dirijan pwogresis nan peyi amerik latin lan, ofri peyi dayiti tout kalite ankadreman, nan domèn enèjetik, nan domèn refòm agrè entegre, nan domèn ekonomik, tankou bank sid ki fenk mete kanpe pou kuipe politik neyokolonyal, neyoliberal fon monetè entènasyonal ak bank mondyal…
Responsab gouvènman ayisyen an, ap konpòte yo tankou bèt volay ki mare nan pye tab dirijan peyi etazini. Y ap tann lòd ak miyèt, nan politik kite mele m.
Se pa pou sa nou wè jodya, Papa Jan Jak Desalin te pwoklame lendepandans peyi dayiti, nan dat premye janvye 1804, apre anpil sakrifis privasyon ak san ki te koule.
Direksyon MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A. mande popilasyon an, sektè òganize tankou endividi ki pa nan òganizasyon, pou yo pase men nan zye yo, pou yo reklame satisfaksyon revandikasyon yo. Se pou sa nou te vote. Nou gen rèv tou, tankou tout silayo ki pran plezi itilize resèt leta pou yo regle zafè yo, zafè zanmi ak fanmiy yo.
Nou gen devwa pwotèste, nou pa dwe rete bra kwaze, nou pa dwe dekouraje, paske viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè kip a janm sispann batay.
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, M.R.A.
|