Polisye Kesnèl Apolon, alyas « Keke », anba grapen lajistis
Lajistis kase fèy kouvri sa nan fòlibète mete anba kòd polisye Kesnèl Apolon, tout moun konnen sou non Keke pou « vwadefè » Se yonn nan jij lenstriksyon Fòlibète yo Lwisiyis Brenò ki te lage manda arestasyon nan non polisye a.
Pou konnyè a , polisye a Kesnèl Apolon ki twouve l dèyè bawo prizon sivil Fòlibète ap tann desizyon otorite lajistis kase fèy kouvri sa ki pra l deside sou pinisyon ki rezève pou li, fas ak pakèt zak malonèt li deja komèt. |