Nouvèl: Nasyonal
 
Nouvèl nasyonal
Ayiti, van 29 dawou 2008

Palmantè woulibè yo sezi konstate premye minis ratifye a deja enstale tèt li nan primati a san dizon palman an

Depite Teyodat di l espanta lè l tande madan Michèl Pyè Lwi al chita nan primati a kidonk nan biwo premye minis lan nan renyon san vòt palman an.Toutfwa palmantè a di madanm lan ta sanble pase anba pye l atik 158 la lè l pran yon mezi konsa. Depite a di madanm lan twonpe tèt li lè l deside fè yon jès konsa.

Jan sa te prevwa, premye minis ratifye a pat prezante politik li a ankò jedi 28 dawout 2008 la. Mezi sa ta vini apre palmantè woulibè yo ta kite kapital la pou rann yo nan kèk zòn moun ki viktim  nan kad ouragan tanpèt Gistav la. Premye minis ratifye ta  gen pou l prezante politik jeneral li nan palman ayisyen an vandredi 29 dawou 2008 la.

 

 

Moso listwa Dayiti