Onè respè pou doktè Ènèsto Che Gevara ak Salvadò Ayennde
Che Gevara pran nesans nan peyi ajantin. Apre l te fin etidye medsin pou l vin doktè, li te deside mete konesans li ak vi li osèvis limanite, sitou malere, pòv yo nan tout peyi amerik latin yo ak nan peyi afriken yo.
Rankont li ak yon gran lidè pwogresis kiben, Fidèl Kastwo nan peyi meksik, pral jwe yon wòl detèmainan nan la vi Che a. Li pran desizyon akonpanye Fidèl Kastwo, nan gran lagè geriya pou dechouke Fouljennsyo Batista, yon diktatè sanginè nan peyi kiba. Peyi kiba libere. Revolisyon an triyonfe nan dat premye janvye 1959. Denpi nan dat sa, gouvènman peyi etazini deside mete anbago pou asfiksye pèp kiben an, yon mannyè pou anpeche pèp kiben an ak pèp latino-meriken yo jwi frui revolisyon kibèn lan.
Apre liberasyon peyi kiba, doktè Ènèsto Che Gevara, ki te okipe divès fonksyon ministeryèl nan gouvènman peyi kiba, deside bandonnen tout privilèj li te genyen pou l te rapousuiv veritab objèktif li, ki se liberasyon pèp pòv yo anba grif enperyalism lan. Nan dat premye avril 1965, Che ekri yon lèt orevwa bay Fidèl Kastwo, ki li menm te bay lèkti lèt sa nan okazyon gran rankont komite santral pati kominis kiben an, nan dat 3 oktòb 1965. Che Gevara kite peyi kiba, pou l al tabli baz yon geriya pou l te libere peyi bolivi. Nan dat 4 novanm 1966, Che Gevara pase pa vil madrid, kapital peyi lèspay, ak Sao Paolo nan peyi brezil pou l rantre nan peyi bolivi ak yon fo non : Adòlfo Mena Gonnzalès, ak yon paspò irigweyen, kòm swadizan yon anvwaye èspesyal òganizasyon eta ameriken (O.E.A.).
Malerèzman, dirijan pati kominis nan peyi bolivi, ki te gen nan tèt li yon pakèt reyaksyonè, tankou Maryo Monje, ki te sekretè jeneral pati kominis bolivyen an, te kite lanbisyon pouvwa pran douvan sou nesesite lit ame pou libere peyi bolivi. Maryo Monje te egzije se li menm ki dwe gen kontwòl direksyon politiko-miitè geriya a. Che Gevara pat dakò. Anplis, travay konsyantizasyon peyizan kolonbyen yo te manke fèt byen, sa te lakòz mouvman geriya a, te manke api bò kote mas yo.
Lè lame enperyalism etazinyen an aprann nouvèl prezans Che Gevara nan peyi bolivi, gouvènman etazinyen an depeche plis pase 1500 randjèz, byen antrene pou al ansèkle gwoup geriya Che Gevara a.
Nan dat dimanch 8 oktòb 1967, lame etazinyen ansèkle 17 rebèl yo ak Che a, nan zòn youro, tou pre riyo grande. Pandan konba a, 4 geriyewo pèdi lavi yo. Geriyewo yo ki tonbe sou chan batay, yo rele yo : Kaptenn Òlando Pantoja (ak non gerye Antonyo), kaptenn Albèto Fènandès (ak non gerye Patcho), lyetnan Rene Matinès Tamayo (ak non gerye Atouro), ak Aniseto Renaga ki se yon militan jenès kominis bolivyèn lan. Twa pami rebèl yo te sazinen apre premye konba a. Lame peyi etazini sazinen Wann Pablo Tchang (ak non gerye : el Tchino), ki se dijijan perivyen E.L.N. ki se « Ejercito de Liberación Nacional », lame liberasyon nasyonal, yon geriya ki toujou byen vivan nan peyi pewou ; lòt militan ki te sazinen, se Simon Kiba (ak non gerye l, Wili). Lòt vanyan rebèl peyi etazini sazinen, yo rele l doktè Ènèsto Che Gevara.
10 lòt sivivan rebèl yo te pataje fè 2 gwoup. Yonn pami 2 gwoup yo te pran nan yon anbiskad nan zòn larivyè riyo grande ak miskwe. Lame etazini masakre tout 4 geriyewo yo ki te konstitiye gwoup la.
Pami lòt 6 nan dènye gwoup geriyewo yo, lame peyi etazini, lame ak lapolis peyi bolivi sazinen 2 nan yo. Rès 4 geriyewo yo ki mache nan raje pandan plis pase 200 kilomèt, rive nan fwontyè ant peyi bolivi ak peyi chili, nan zòn sid arika. Yon senatè sosyalis chilyen, Salvadò Ayennde, ki te prezidan sena peyi chili, te pran sou rèsponsablite l akeyi geriyewo yo, enpi akonpanye yo jis nan peyi tayiti pou sove yo lavi. Ayibobo pou Salvadò Ayennde. Pou listwa toujou rete vivan, tout moun dwe sonje, Salvadò Ayennde, ki te rive prezidan nan peyi chili, te mouri sazinen ak bal jal Awgousto Pinochè, sou zòd peyi etazini. |