Nouvèl: Nasyonal
 
Nouvèl nasyonal
Ayiti, van 30 me 2008

NÒT PWOTÈSTASYON AMHITI AK M.R.A. KONT ATITID BELIZÈ VILBÈ, KONSIL AYISYEN NAN PEYI LAFRANS

ASOSYASYON MILITAN AYISYEN NAN PEYI LAFRANS (AMHITI) ansanm ak MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) pwotèste enèjikman kont atitid Belizè Vilbè, konsil ayisyen nan peyi lafrans, ki pran plezi aliyen desizyon l sou politik rasis prezidan konsèvatè blan franse a, Nikola Sakozi, fas ak ayisyen k ap sibi move trètman depòtasyon ak imilyasyon nan peyi lafrans.

Chevalye Pyè, yon jèn ayisyen 21 lanne, ki debake nan peyi lafrans, nan mwa jiyè 2001, pou l al jwenn manman l, te rantre lekòl nan mwa septanm 2001, nòmalman tankou tout ti moun nan peyi lafrans.

Sepandan, blan franse fè 2 Chevalye Pyè pase 2 lanne nan prizon, pou tèt yo akize l pou agresyon ak yon telefòn pòtab yo di se li ki lakòz li pèdi. Pandan l nan prizon, Chevalye Pyè rapousuiv fòmasyon l, jis li rive nan nivo pou l rantre nan inivèsite.

Apre yon jijman bout mamit, yon jij blan franse nan tribinal vil Vèsay, deside mete Chevalye Pyè nan depo prèt pou repimpe tounen l nan peyi dayiti. Sa ki pi rèd, se konsila ayisyen an, ki dakò delivre otorizasyon pou komèt abi sa.

Chevalye Pyè, genyen 2 frè k ap viv ansanm ak manman yo nan peyi lafrans. Toulede lekòl tou. Pi piti a, Valanten, fèt ak nasyonalite franse nan lane 2003. Lòt frè a, Bèna, lekòl nan lise Dariyis Milo, nan zòn Valanton. Papa Chevalye Pyè mouri.

Savledi, Chevalye Pyè pa gen paran pou akeyi l nan peyi dayiti kote van ensekirite ak enstabilite pa sispann soufle. Enpi, Chevalye Pyè genyen solid atach familyal ak lyen pèsonèl sou teritwa franse a.

Selon atik nimewo 8 Konvansyon Ewopeyèn Dwa Moun ak Libète Fondalnatal, si yo retounen Chevalye Pyè nan peyi orijin li, malgre l fin pije pèn pou deli yo repwoche l, sa konsidere tankou atent grav sou vi prive l ak sou vi familyal li.
ASOSYASYON MILITAN AYISYEN  (AMHITI) nan peyi lafrans, ansanm ak MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) ki p ap sispann defann dwa imigre, reklame liberasyon Chevalye Pyè, prese prese, san okenn kondisyon, enpi pou otorite blan franse akòde l yon tit sejou kòmsadwa, pou l viv diyman nan fanmiy li tankou nenpòt sitwayen.

Lè sitwayen blan franse komèt move zak demeplè nan peyi letranje, tout moun raple yo zafè « lach Noye » a, nan yon peyi afriken, ou toujou jwenn otorite blan franse yo ki kanpe doubout pou yo pwoteje konpatriyòt franse parèy yo. Nou pa kapab konprann kòman  Belizè Vilbè, konsil ayisyen nan peyi lafrans, twouve l konplis otorite rasis nan peyi lafrans, pou l meprize pwòp ayisyen parèy li, kèlkeswa sa yo ta repwoche yon konpatriyòt ayisyen. Nou swete  Belizè Vilbè resezi l, pou l fè suivi dosye Chevalye Pyè a, enpi pou ayisyen nan peyi lafrans jwenn tout pwotèksyon yo merite parapò diskriminasyon yo kapab viktim.

Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè, ki pa janm sispann batay…

ASOSYASYON MILITAN AYISYEN nan peyi lafrans (AMHITI)
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)

Mèt Bidri Dòsenvil
Prezidan AMHITI
Jounalis/Defansè Dwa Moun
Responsab Relasyon Entènasyonal M.R.A.

 

 

Moso listwa Dayiti