Nofraj yon ti bato po pistach nan lanmè zòn pestèl. Plizyè moun disparèt san kite tras…
Moun Pestèl ap viv ak dlo nan je dènye jou sayo, lakòz yon ti bato popistach ki pote non « Dye Swa Louwe » ki t ap soti Pestèl pou te rann li nan kapital la, te al monte sou resif lannuit samdi pou louvri dimanch 11 Me 2008 la.
Ti bato popistach sa ki te gen ladan l apeprè 100 kretyen vivan, kote pi fò nan yo se timoun t al chwe nan zòn gresye.
Rèskape, kididonk tiponyen moun ki soti vivan k ap pran swen nan lopital konnyè a twouve yo nan yon eta gravman grav. |