Nouvèl: Nasyonal
 
Nouvèl nasyonal
Ayiti, jedi 19 fevrye 2009

Krim pasyonèl ou byen sazinay makiye nan komin aken….

Mari Chantal Larye, 30 lanne, Djonn Pitèsonn Woziklè 4 lanne, ak Estefanya Woziklè 2 lanne, se non yon manman ak 2 pitit nan lokalite viji  uityèm seksyon kominal aken, popilasyon an leve jwenn mouri lakay yo nan kòmansman semenn lan. Komisè gouvènman aken an, mèt Andre Antwa n, deklare se pwazon viktim yo ta vale ak pwòp volonte yo pou touye tèt yo. Sepandan, kèk moun viji fè konnen se lakòz mari madanm lan ta bandonnen l pou tèt yon lòt boubout ki ta pouse manman ti moun yo touye tèt li ak 2 ti moun yo.
Yon swadizan ankèt ta tanmen sou ka lanmò sa yo kote lajistis kase-fèy-kouvri-sa ta deja tande plis pase 10 sispèk, pami yo papa ti moun yo.


 

 

 

Moso listwa Dayiti