Nasyonal
Ayiti, jedi 19 fevriye 2009 |
|
Krim pasyonèl ou byen sazinay makiye nan komin aken….
Mari Chantal Larye, 30 lanne, Djonn Pitèsonn Woziklè 4 lanne, ak Estefanya Woziklè 2 lanne, se non yon manman ak 2 pitit nan lokalite viji uityèm seksyon kominal aken, popilasyon an leve jwenn mouri lakay yo nan kòmansman semenn lan.
»» kontinye...
Yon pati nan lajan pèp ayisyen an ki te sere nan labank peyi lasuis sou non Bebi Dòk retounen nan pat kasav gouvènman gade m nan je pran pasyans lan nan peyi dayiti
Gwo chabrak nan zafè woulman lajan nan peyi lasuis, nan kontinan ewopeyen an, foure men nan sakèt Bebi Dòk, ansyen diktatè sanginè ki t ap feraye nan peyi dayiti soti lanne 1971 pou rive nan lane 1986
»» kontinye...
Ayiti, mèk 10 fevrye 2009 |
|
Lesefrape ant patizan pati politik Lespwa ak patizan Fanmiy Lavalas nan vil Jakmèl
Jou madi 10 fevriye 2009 la, patizan Jozèf Lanbè yo nan vil jakmèl te nan lese frappe ak kandida lavalas Pòl Preslè
»» kontinye...
Senatè kadejakè nòdwès la, pastè Jidnèl Jan, ap fè pwomosyon pou pase manman lwa peyi a anba pye
Dezyèm senatè kadejakè Nòdwès la Jidnèl Jan ki toujou ap defann ansyen palmantè dasomann etranje Woudòlf Boulòs mande chanm sena a, ak prezidan repiblik la pou yo pèmèt Woudòlf Boulòs retounen vin okipe pòs senatè a nan palè lejislatif la.
»» kontinye...
Jandam fòs okipasyon peyi dayiti, minista, souflete, maltrete polisye ayisyen…
Maten mèkredi 6 dawou 2008 la kèk jandam nan fòs okipasyon misyon destabilizasyon peyi dayiti Minista te mal mennen 2 polisye ayisyen nan site solèy.
»» kontinye...
Majòjon pati politik tradisyonèl nan peyi dayiti soufri maladi « ranpe sou vant pou djòb »
Nan dènye rankont ki te genyen ant chèf leta gade m nan je pran pasyans lan Rene Gasya Preval ak premye minis ratifye a, Rene Gasya Preval te montre l èstomake anpil kont majò jon pati politik tradisyonèl yo ki maton nan ranpe vant atè pou lajan, privilèj ak djòb enpi ki dapre li ap bay yon seri enfòmasyon 2 genn dwat ki pa gen anyen pou wè ak sa ki diskite nan palè nasyonal.
»» kontinye...
Komèsan ak konsomatè nan depatman nòdwès la tanmen mobilize kont lavichè
Plizyè ti komèsan nan depatman Nòdwès la ak kèk konsomatè te leve lavwa pou denonse pri pwodi premye nesesite yo k ap monte mòn.
»» kontinye...
Manda darè nan dèyè komisè polis Frands Jòj, ki akize nan zak asosyasyon malfektè
Pakè Pòtoprens ta lanse yon manda nan vòv komisè polis Frands Jòj nan lide pou fouke l nenpòt kote yo jwenn li. Yo ta akize komisè polis la kòmkwa li ta gen men l tranpe nan asosyasyon malfektè, tantativ sazinay sou yon sibstiti gouvènman.
»» kontinye...
Etidyan nan fakilte dwa nan vil okap rele chalbari nan dengonn dirijan inivèsite leta a
Jan sa te deja anonse pou vandredi 8 dawou 2008 la, plizyè dizèn etidyan nan fakilte leta vil Okap la pran lari pou mande rèsponsab inivèsite yo nan peyi dayiti pran rèsponsablite yo douvan move kondisyon fakilte dezyèm vil peyi a ap fonksyone, kote pa gen sal enfòmatik anndan fakilte a pou pèmèt etidyan yo kontinye fè rechèch, pwofesè pa kapab touche, pa gen mobilye san konte pwoblèm twalèt fakilte a pa genyen elatriye…
»» kontinye...
Ayiti, jedi 07 dawou 2008 |
|
Kadejakè mete zèl nan pye yo nan lokalite fondèblan
Wolan Senjis 28 lane ak Jamsonn Simeyis 25 lane ki te jwenn arestasyon yo poutèt yo te fè kadejak sou yon ti fi 12 lane ta sove nan prizon nan lokalite Fondèblan.
»» kontinye...
|