Nouvèl: Nasyonal
 
Nouvèl nasyonal
Ayiti, jedi 15 me 2008

Nan vil Ench, mò gate deside kite simityè a pou yo rantre lavil

Sitwayen ki rete akote simetyè vil Ench lan leve lavwa pou di yo pa kapab ankò ak kadav nan simetyè sila k ap degaje move lodè.

Sitwayen sayo deklare se lakòz simetyè sa vin twò piti kote l pa kapab resevwa kadav ankò, sa k pèmèt yo mete mò yo pil sou pil.

Gen kadav ki dekonpoze enpi ki ponkò menm gen 6 mwa denpi yo antere yo, foseyè bliye fouye tè nan menm ranplasman an pou mete lòt kadav, yon sitirasyon ki frajil pou sante foseyè ak pou  tout moun k ap viv nan zanviwon simetyè a.

 

 

Moso listwa Dayiti