POZISYON MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) SOU PWOJÈ AMANDMAN KONSTITISYON PEYI DAYITI
Ant finisman lanne 2008 pou bout nan kòmansman lanne 2009 la, plizyè dirijan nan amerik latin lan òganize referendòm pou yo amande konstitisyon nan peyi lakay yo. Nou kapab site egzanp prezidan Rafayèl Koreya pou peyi Ekwatè, prezidan Evo Moralès nan peyi Bolivi, prezidan Ougo Tchavès Friyas nan peyi Venezyela.
Nou dwe poze kesyon pou konnen, mak fabrik dirijan latino-meriken silayo ki chwazi wout referendòm pou pase men nan manman lwa peyi lakay yo, enpi nou dwe konnen tou, ki sa ki motive amandman konstitisyonèl yo.
Referendòm, se yon pwosesis konsiltasyon popilè, kote dirijan ki sou pouvwa mande popilasyon an dizon l sou yonn ou byen sou plizyè atik manman lwa peyi a, ki vin pa adapte ak reyalite sosyo-ekonomik, ak reyalite politik moman an. Referendòm, se pa ak zak gwo ponyèt li fèt, ni ak kout zam ak prezans fòs okipasyon.
Dirijan latino-meriken sayo nou mansyone non yo, se dirijan pwogresis ki gen mak fabrik sosyalis. Se pa dirijan ki resevwa lòd nan men peyi letranje. Dirijan latino-meriken sayo p ap mache tann kwiy pou yo jwenn lacharit. Enpi, rezon ki motive amandman konstitisyonèl nan peyi Ekwatè, nan peyi Bolivi ak nan peyi Venezyela, se paske konstitisyon nan peyi sila yo te ekri anfavè desandan ansyen kolon piyajè blan panyòl, kote te gen eksklizyon pèp endijèn otoktòn yo, kidonk moun nwa ak endyen yo, ki se veritab pwopriyetè latè nan peyi silayo ak nan anpil lòt peyi amerik la.
Lòt rezon ki enterese dirijan pwogresis nasyonalis, sosyalis Rafayèl Koreya, Evo Moralès, ak Ougo Tchavès, se pou yo rive retabli ekilib nan lwa ki te otorize grandon kontinye kenbe pi bon tè anba pat kasav yo, pandan ti peyizan toujou nan dimwatye. Alòs, pifò nan tè ki te nan men ti peyizan, pouvwa politik reyaksyonè yo pèmèt gwo potanta ranmase pi bon tè sayo, enpi yo lage peyizan 2 bra pandye.
Sepandan, lè sektè lareyaksyon ap prezante analiz sou rezon ki enterese dirijan sosyalis yo pase men nan manman lwa peyi yo, reyaksyonè yo plis mete aksan sou posiblite pou dirijan pwogresis nasyonalis yo vin jwenn lòt manda nan men pèp la. Dapre yo se sèl foli pouvwa ki dèyè tèt dirijan sosyalis yo
Anvan dirijan sosyalis latino-meriken yo reklame amandman konstitisyonèl, yo fè tout sayo kapab pou yo konbat lavichè, yo ogmante pouvwa dacha malere malerèz, yo konstri plis lekòl leta, ak lopital leta, yo konstri plis bonjan wout, yo mete kouran, dlo, telefòn lakay tout moun . Antouka, dirijan nasyonalis yo fè plis envèstisman sosyal pandan yo anpeche gran konpayi etranje, gran konpayi blan vin souse mwèl tè ak anba tè peyi lakay yo. Dirijan nasyonalis yo fè fason yo kapab pou richès peyi a sèvi popilasyon lakay yo.
Sepandan, nan yon peyi afriken ki rele Kamewoun, yon diktatè kòn siye ki rele prezidan Pòl Biya ki pa sispann vòlè enpi piye kès leta, genyen nan bouch li, menm pawòl amandman konstitisyon, pou l kenbe pouvwa, enpi jwenn mwayen reprezante kòm kandida pou prezidan yon lòt fwa ankò nan lanne 2011.
Nou kapab raple, nan mwa fevriye 2008, pandan pèp grangou nan peyi Kamewoun leve kanpe, yo pran lari pou yo reklame pou lavichè a bese, pou yo jwenn manje, enben prezidan reyaksyonè Pòl Biya bay lame zago loray peyi Kamewoun lòd pou yo louvri kout zam sou manifèstan. Plizyè santèn kamewounè malere malerèz pèdi lavi yo. Enpi , kòm pwopozisyon pou swadizan rezoud pwoblèm lavichè, prezidan reyaksyonè Pòl Biya pwopoze pase men nan konstitisyon peyi Kamewoun pou l jwenn plis pouvwa pou l simen kout zam sou pèp inosan k ap reklame dwa pou yo viv miyò. Enpi, si se referendòm tout bon vre, se sèl dirijan pwogresis nasyonalis ki gen kapasite reyisi nan referendòm yo òganize.
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) ap denonse atitid prezidan Rene Gasya Preval ki mete kanpe nan mwa fevriye 2009 la, yon swadizan komisyon pou pase men nen konstitisyon peyi a, san l pa presize ki atik nan manman lwa peyi a ki anpeche l kontinye fè pwomosyon pou okipasyon teritwa peyi dayiti., enpi pou l kontinye kenbe okipan blan nètalkole anndan peyi a.
Pandan grangou, chomaj, lavichè, ap pete fyèl pèp ayisyen an, pandan menm gouvènman “gade m nan je pran pasyans” la ap pwograme elèksyon pike-kole pou mwa avril 2009 la, pou l mete nan “palman-kachèt-pou-raketè”, divès palmantè bèbè, panzouyis, woulibè, machann peyi, yon komisyon monte pou chanje atik nan manman lwa peyi a, ak fòs okipasyon teritwa a kòm abit. Tout responsab pati politik tradisyonèl yo konplis, yo bèbè.
Dirijan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.), pwofite raple pouvwa egzekitif la, palman an, yon referendòm, yon konsiltasyon popilè enpòtan konsa, pa kapab òganize pandan peyi a okipe ak blan misyon destabilizasyon peyi dayiti, minista.
Referendòm, se ekspresyon volonte popilè, se manifèstasyon souverènte, kididonk dwa grandèt pèp ayisyen an.
Dirijan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) envite elit entèlèktyèl ayisyen nan peyi dayiti tankou nan peyi letranje pou yo pwononse yo sou kesyon an, enpi pou tout veritab patriyòt pwogresis, tout nasyonalis ayisyen pran responsabilite yo, nan drese tout kalite barikad pou anpeche Papa Desalin resevwa kout ponya nan do.
Plan lènmi pèp ayisyen an p ap pase.
Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa janm sispann batay.
Moun ki sanble, se yo ki rasanble……
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)
|