Nouvèl: Nasyonal
 
Nouvèl nasyonal
Ayiti, jedi 28 fev 2008

MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) APIYE MODÒD MANIFÈSTASYON KONT LAVICHÈ A

Pèp ayisyen an te brave danje pou l te vote pou prezidan, senatè, depite ak kolèktivite teritoryal, paske pèp la te panse elèksyon yo te kapab pèmèt kondisyon lavi l amelyore.

Sepandan, nou remake elèskyon pou kolèktivite teritoryal pa janm reyalize jouk nan bout li, prezidan ap separe lajan bay senatè ak depite pou yo valkanse, minis ap chouke ti zanmi ak ti fanmiy nan tout administrasyon leta.

Pri manje, pri gaz, pri tout machandiz ogmante. Gouvènman anplas la deside trangle ti komèsan nan vil okap ak taks.

Manb gouvènman ak depite senatè ap jwe pyès teyat nan palman, goumen pou djòb minis ak direktè jeneral, pandan grangou ak lavichè, ensekirite simen kè sote nan lèspri manman ak papa pitit.

Mouvman Revolisyonè Ayisyen, M.R.A. mande tout militan M.R.A. tout popilasyon an pou yo patisipe tout fason yo kapab nan mobilizasyon pou fòse pouvwa anplas la bese taks sou machandiz ti komèsan, pou lavichè bese.

Mobilizasyon kapab raple dirijan malonèt yo devwa yo genyen pou yo rèspèkte angajman yo te pran vizavi popilasyon an. Pèp ayisyen, mobilize, mobilize pou lavi nou chanje.

Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa janm sispann batay…

MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)

 

 

Moso listwa Dayiti