MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN
M.R.A.
DEKLARASYON NAN OKAZYON SELEBRASYON JOUNEN ENTÈNASYONAL FANM
Ayiti, 8 mas 2008
Fanm ayisyèn genyen tout rezon pou yo fyè, fas ak gran kontribisyon yo pote nan konstriksyon nasyon peyi dayiti ak nan konstitisyon èskelèt ekonomik peyi a.
Anvan fanm lòt peyi te kòmanse goumen pou yo rive jwenn satisfaksyon nan batay anfavè dwa sosyal yo, fanm ayisyèn te deja tanmen batay pou peyi dayiti egziste tankou nanchon lib, endepandan.
Denpi nan tan lèsklavaj, fanm peyi dayiti te adòpte divès mwayen rezistans fas ak kolon blan, fas ak eksplwatè. Fanm ayisyèn te deside rantre nan mawon pou yo patisipe nan lit revolisyonè ki akouche bèl peyi nou an, peyi dayiti. Fanm nègès ki te deside rete sou bitasyon pou sèvi mèt blan an, tankou domestik, te pote konkou pa yo, fason yo kapab pou aboutisman aksyon revolisyonè yo.
Nan tout etap listwa peyi dayiti, fanm ayisyèn te makònen ak gason ayisyen, pou eseye pote chanjman pèp ayisyen toujou ap fè rèv pou li yo.
Se vre, listwa peyi dayiti retni non plizyè fanm tankou Sesil Fatiman nan bwa kayiman, Katrin Flon nan lakayè, Defile nan pon wouj, Sanit Belè… Men, syè ak san anpil lòt fanm vanyan te koule pou peyi dayiti rete vivan.
Nou menm nan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.), nou ta swete leta ayisyen onore memwa tout fanm sayo atravè yon gran èstati fanm nègès mawon kòt-a-kòt ak èstati nèg mawon.
Nan sans sa, militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) konprann, batay pou amelyore kondisyon lavi pèp ayisyen an, se yon batay kole zepòl ant fanm ak gason. Nou pa kwè nan batay degrennen, divize, malgre nou rekonèt dega mank edikasyon lakòz nan mitan sosyete yo, kote anpil ka abi souvan anrejistre. Si denpi lakay, nan lakou yo, nan mitan fanmiy yo, nan lekòl, nan tout òganizasyon sosyal yo, nan biwo prive tankou nan biwo piblik yo, bonjan edikasyon fèt sou egalite chans, egalite aksyon ant fanm ak gason, ak sou nesesite pou sèks yo ini anfas menm pwoblèm k ap frape sosyete a, nou panse rèv chanjman yo kapab tounen reyalite.
Pwoblèm ki poze anfas fanm tankou gason, se lavichè, ensekirite, chomaj, grangou ak tout kalite enjistis sosyal…
Edikasyon, plis edikasyon, kapab chanje mantalite yo, pandan nou dwe toujou rete veyatif fas ak tout zak abitrè nenpòt endividi ta komèt. Okenn endividi pa dwe panse sèks li, kantite lajan ak pouvwa l genyen, kapab bay li dwa fè lòt moun abi. Okenn zak abitrè pa dwe rete san pinisyon.
Direksyon MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.), toujou bay priyorite ak fanm, nan tout aktivite sosyal mouvman an, san neglije gason, selon konpetans ak devouman yo.
Jodi 8 mas 2008 la, se okazyon, pou dirijan M.R.A. salye ak respè, tout dirijan ak militan gran òganizasyon sa, ki rele A.F.G., Asosyasyon Fanm Galman, ki an reyalite regwoupe fanm katyemoren, fanm okap, fanm nan divès komin depatman nò a. Salitasyon èspesyal, pou tout gwoupman fanm ki vin selebre 8 mas 2008 la ansanm ak A.F.G.
A.F.G., ki se yonn nan branch MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.), dwe toujou genyen misyon kreye plis aktivite, enpi enterese plis fanm ak gason entegre mouvman an, nan menm pèspèktiv pou gran rèv chanjman ak devlòpman peyi nou an tounen reyalite.
Dirijan ak tout militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.), pa konsidere dat 8 mas la tankou yon jou fèt pou fanm. Se menm yon dat kote gason ta dwe akonpanye fanm ti komèsan nan lari a, pou n mobilize jiskaske gouvènman « gade m nan je, pran pasyans » lan retire taks li mete sou machandiz yo, pou lavichè bese.
A.F.G., Asosyasyon Fanm Galman, genyen 3 lanne ki enskri nan batistè l, jou 8 mas 2008 la. Batay la ap rapousuiv. Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè, ki pa janm sispann batay
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) |