Nouvèl: Nasyonal
 
Nouvèl nasyonal
Ayiti,madi 24 fevrye 2009

MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)

MODÒD KONT ELÈKSYON MWA AVRIL 2009 YO

Atansyon: Nòt sa te tanmen pase sou ond radyo Atlantik 92. 5 FM denpi nan dat 22 janvye 2009

Direksyon Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.) sezi konstate, malgre divès manifèstasyon popilasyon an òganize pou l reklame pou lavichè a bese, bonjan wout pou anpeche fatra ak pousyè kontinye touye moun nan katye popilè yo, pou leta peye pwofesè lekòl leta yo, yon mannyè pou elèv lekòl jwenn levasyon ki se yon dwa, malgre sa, nan kalandriye gouvènman “gade m nan je, pran pasyans” Rene Gasya Preval ak Michèl Divivye Pyè Lwi a, se elèksyon pike-kole pou kwoke nan gagann pèp la, yon latriye kandida san koutcha, ki gen misyon al ranfòse nan lachanm koupyon an, lame palmantè bèbè, woulibè, machann peyi. Nan sans sa, dirijan Mouvman Revolisyonè Ayisyen, (M.R.A.) mande popilasyon an boude elèksyon malatchonn sa yo. Lè kandida san koutcha pase nan katye popilè, nan milye peyizan, pwofite poze yo kesyon pou konnen ki mwayen yo dispoze pou yo rezoud pwoblèm lavichè a, ki kote yo jwenn lajan pou yo mennen kanpay, enpi ki kote yo pral jwenn lajan pou yo rive kenbe fo pwomès ki toujou nan bouch yo. Pandan elèksyon lanne 2006 pou kolèktivite teritoryal yo ponkò menm bout,  elèksyon pi rèd pou swadizan renouvle tyè sena. Gouvènman popetwèl sou zòd blan nan peyi Papa Desalin lan mèt chwazi palmantè bèbè raketè jan yo vle pou al aplodi etranje, jwe pyès teyat nan palman tòchon an. Pèp ayisyen an p ap deside bay raketè woulibè okenn lejitimite. Yon sèl modòd M.R.A. : NAN ELÈKSYON PIKE-KOLE, NOU P AP VOTE. NAN ELÈKSYON MALATCHONN NOU P AP TRANPE DWÈT NOU NAN LANK KOUT PONYA NAN DO
Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou  pèp solidè ki pa janm sispann batay…. Nou menm ki sanble, ann rasanble
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)

 


 

 

 

Moso listwa Dayiti