Manb kolèktivite teritoryal nan piyon ak laskawobas denonse gouvènman Preval/Divivye Pyè-Lwi a
Kòdonatè kasèk premye seksyon kominal piyon nan depatman nò, fè konnen popilasyon an ap fè fas kare ak gwo pwoblèm ensekirite nan kanton sila, lakòz mwayen otorite lapolis yo di yo pa genyen pou yo kwape bandi ame. Kòdonatè kasèk la blije mete kanpe brigad vijilans nan seksyon an, nan lide pou frennen aksyon bandi yo.
Delege vil laskawobas la, Gregwa Etyèn, kritike gouvènman « gade m nan je, pran pasyans » Preval/Divivye Pyè-lwi a, paske popilasyon an pa jwenn ankadreman. Delege vil la deklare, li tande nan radyo gen elèksyon ki pwograme pou swadizan renouvle tyè sena, nan mwa avril 2009 la, sepandan jis jounen jodi, rès elèksyon pou kolèktivite teritoryal pou chouke asanble minisipal, asanble depatmantal, ponkò janm òganize. Delege vil la ki fè tèt li pase pou pòtvwa popilasyon zòn lan, fè konnen kandida pa menm bezwen vin fè kanpay, paske plis pwoblèm yo gen se lavichè, grangou ak absans sèvis.
|