Nouvèl: Nasyonal
 
Nouvèl nasyonal
Ayiti, van 04 jiyè 2008

Majistra lavalas nan vil okap maspinen yon jounalis

Korespondan jounalis radyo Siyal FM lan, Masèl Jwachen, denonse zak madrilay li sibi nan vil okap, anba pa t kasav twazyèm majistra katèl fanmiy san fwa ni lwa lavalas la Frits Jozèf nan dat madi premye jiyè 2008 la, nan moman jounalis la t ap egzèse pwofesyon l.

Frits Jozèf ak yon dekalyon atoufè ki te fè tèt yo pase pou ajan ensekirite l te atake jounalis la ak zam nan men enpi flanke l anpil pataswèl. Jounalis viktim lan reklame jistis ak reparasyon.

Sou bò pa l, responsab SOS jounalis la Jozèf Gilè C.Dèlva  di l kondane ak tout fòs li zak britalite sa majistra annapre nan katèl toupisan fanmiy lavalas la ki gen nan tèt li Michèl Senkwa komèt sou jounalis la.

Gilè C.Dèlva di majistra a dwe reponn kòmsadwa douvan lajistis pou zak reprezay tonton makout li komèt la pandan l ajoute zak sa pa dwe rete san pinisyon.

 

 

Moso listwa Dayiti