Mafya kominote entènasyonal
Sa yo abitye rele kominote entènasyonal la, se yon gwoup malfektè, mafya raketè peyi letranje ki makònen nan sosis pou yo souse richès peyi apovri. Responsab etranje sayo souvan klèwonnen peyi dayiti ak anpil lòt peyi ki gen dirijan souflantchou, pou di peyi pa nou yo se peyi pòv.
An verite, peyi dayiti pa yon peyi pòv. Peyi dayiti chaje ak richès kiltirèl, richès listwa, richès materyèl anwo tè, tankou anba tè. Nan peyi dayiti, anpil etranje resevwa otorizasyon nan men kèk dirijan ayisyen pou yo deklare plizyè zòn entèdi pou sitwayen ayisyen. Entèdiksyon sayo, se pou bay blan, kont tan pou yo kontinye dechèpiye richès peyi nou.
Lè se pa kout ponya dirijan ayisyen pran pou yo gaspiye, enpi kite dèt pou pèp ayisyen an, se piyay k ap fèt sou resous peyi dayiti nan plizyè zòn, tankou mòn sennikola, pitobè nan wanament, sou zile lanavaz, nan zile la gonav, nan zile latòti, nan zòn mònpele pou katyemoren, nan zòn kankòk, ak anpil lòt kote ankò.
Tout jounen, tout lannuit, nou tande, nou wè ti avyon peyi etazini, avyon peyi kanada, chaloup ak batiman ki bat paviyon tout kalite peyi letranje k ap vin bwote richès peyi dayiti. Tankou nan zòn kankòk ki genyen min lò, min boksit, min dyaman, pui petwòl, min iranyòm ki kapab sèvi pou konstri gwo izin nikleyè swa pou bay kouran, swa pou konstri bonb atomik ki kapab touye moun pa bann ak pa pakèt. Se piyay blan yo ap fè sou richès nou.
Denpi sou gouvènman bann machwè, tout dirijan yo okouran kòman etranje ap kase kòf trezò nan peyi dayiti. Yo tout konplis, yo bèbè, paske yo resevwa pousantaj pa yo. Zanfè pou pèp.
Palmantè bèbè, panzouyis, woulibè machann peyi di kitemeleyo, denpi yo jwenn grapday pa yo. Responsab nan gouvènman « gade m nan je, pran pasyans.. » ap dekoupe kòpyèz, yo sezi tè peyizan, yo kite etranje ap gate tè ak anba tè peyi a, lè yo fin charye, yo kite dezolasyon.
Repòtè radyo atlantik te pandye mikwo l anba bouch plizyè peyizan nan zòn granbwa pou kankòk ki te pwofite poze prezidan an ak tout minis yo kesyon pou konnen ki pèp ki bay yo dwa brade, likide richès peyi a. Peyizan yo te pouse gwo rèl nan dengonn direktè jeneral ministè yo, nan zòrèy depite, senatè bèbè, panzouyis, woulibè ak majistra machann peyi pou yo reponn nou, enpi di nou ki kalte dirijan ki responsab mizè pèp ayisyen an, pandan etranje ap panpannen lib e libè.
|