Nouvèl: Nasyonal
 
Nouvèl nasyonal
Ayiti, jedi 15 me 2008

Lwi Kebwo, achevèk vil okap, denonse sitirasyon okipasyon teritwa peyi dayiti

Achevèk tounèf vil Okap la monsenyè Lwi Kebwo rann dirijan peyi dayiti yo rèsponsab sitirasyon ayisyèn nan ap kòlte jounen jodya lè yo kontante fè alyans ak blan je vèt yon fason pou yo kapab kraze peyi yo.

Toutfwa nimewo 1 legliz katolik la ki mete rendengòt swadizan nasyonalis li jounen jodi a, sanble bliye si anpil nan gwo bonèt legliz katolik yo te travay anfavè okipasyon teritwa peyi dayiti, menm jan yo te pwomotè lèsklavaj ti nèg nwè. Sa pa anpeche monsenyè a an envite pèp ayisyen an, yo panse ki pa gen memwa, pou l pran desten l nan men l.

 

 

Moso listwa Dayiti