Korektè nan egzamen ofisyèl nan vil okap fèmen pòt biwo levasyon nasyonal la
Plizyè korektè ki t ap korije fèy egzamen kandida ki te patisipe nan egzamen ofisyèl yo, pou ane akademik 2007- 2008 la fèmen pòt biwo levasyon nasyonal la nan depatman nò peyi a.
Dapre sayo fè konnen se poutèt apre plis pase yon semèn kote egzamen sila yo fini ponkò resevwa yon goud nasyonal nan men rèsponsab biwo depatmantal la, alòske dapre menm korektè sayo direksyon depatmantal la ap peye lòt korektè ki pwòch li yo anba chal.
… |