Nouvèl: Nasyonal
 
Nouvèl nasyonal
Ayiti, 03 mas 2009

Yon sitwayen vil ench, ki ta akize kòm kidnapè, ta mouri nan dechoukay

Mekanik Konpè, yon jenn gason ki gen 29 rekòt kafe ,mouri rache ak kout manchèt, nan finisman semenn pase a, nan lokalite  mourik ki chouke nan katriyèm seksyon kominal vil ench. Selon enfòmasyon yo, krim sa komèt nan moman Mekanik Konpè ta fin sakaje yon komèsan ki te sou wout pou l ale nan mache, enpi li pote ale tout lajan li te jwenn sou komèsan an. Moun nan zòn lan, ki te enfòme sou zak dappiyanp lan, ta debake, enpi pase alenfinitif Mekanik Konpè ak kout manchèt, kout kokomakak.
Krim sa pat kite dlo nan je fanmiy ak zanmi defen an yo di ki te prale nan jaden. Sepandan, otorite lajistis yo ki te prezante pou fè konsta, pat fè okenn arèstasyon. Yo te sèlman drese pwosevèbal, enpi renmèt kadav la bay paran l pou lantèman.

 

 


 

 

 

Moso listwa Dayiti