Nouvèl: Nasyonal
 
Nouvèl nasyonal
Ayiti, van 04 jiyè 2008

Kamyon lanmò katèl majistra fanmiy lavalas nan vil okap kraze zo yon ti komèsan

Kamyon lanmò katèl majistra lavalas la ki gen nan tèt li Michèl Senkwa,  pa sispann mete dlo nan je ti komèsan yo ak zak kraze brize l ap fè sou ti komèsan sila yo nan vil Okap denpi enstalasyon yo nan tèt meri okap la.

Ajan ensekirite lameri maspinen yon ti komèsan ki rele Patrik enpi menm rive arete l nan mitan jounen jedi 3 jiyè 2008 la, nan ri 5 k a nan moman kote yonn nan ajan ensekirite lameri yo te bay tèt li dwa kare bare pou l choute ak kout pye machandiz ti komèsan sila.

Plizyè dizèn ti komèsan kite move tankou kong douvan Meri Okap la, te lanse anpil èslogan piman bouk kont katèl majistra lavalas okap la ki dapre sayo fè konnen konvèti tèt yo tankou yon gwoup teworis k ap mache pèsekite ti komèsan yo. Ti komèsan yo mande jistis pou viktim lan enpi yo reklame liberasyon l san okenn kondisyon.

 

 

Moso listwa Dayiti