Yon kabann pou 10 prizonye, nan prizon sivil ench
Plizyè prizonye nan prizon sivil ench blije dòmi yonn apre lòt, pafwa tou kanpe ou byen chita, lakòz yon ogmantasyon 60 lòt sou 120 prizonye ki te deja ranpli prizon an.
Responsab sant detansyon sila, enspektè Basyen Dani Jozèf deklare sitirasyon sa mete prizonye yo nan plis pèn. Dapre responsab sila, pou sa ki konsènen manje, swen sante, prizonye yo pa gen okenn pwoblèm. Alòs kesyon yo ta renmen poze mouche Basyen, menm si prizonye sayo ta jwenn valè manje pou yo manje ak swen sante a gogo, èske kondisyon jeneral prizonye sayo pa mete yo nan sitirasyon pou manje pa ka desann nan gagann yo, enpi èske kondisyon pwomiskuite sa pa anjandre plis ka maladi atrapan, ki pafwa pa ka jwenn trètman.
Sou plis pase 150 prizonye, 87 nan yo deja kondane, rès yo ap tann desizyon lajistis-kase-fèy-kouvri-sa.
|