Je wont je, depite woulibè yo blije, yon lòt fwa ankò, bay dasomann etranje neyoliberalis Erik Pyè kanè pou l al refè klas li lakay patwon l nan peyi etazini...
Palmantè woulibè machann peyi yo ta dwe pran vakans jounen lendi 12 Me 2008 la, jan manman lwa peyi a mande sa.
Sepandan palmantè yo te dwe reyini nan asanble nasyonal lendi 12 Me 2008 la, yon fason pou yo kapab louvri dezyèm sesyon lejislati yo.
Palmantè yo te tou pwofite ekri move nòt nan kanè Erik Pyè pou retounen l bay paran l. Malgre senatè woulibè machann peyi yo, ki te fin mare sosis ak Erik Pyè, te bay li vòt konfyans, tankou soubreka yo, Jozèf Jasmen te anonse l nan laprès, sa pa anpeche depite yo, je wont je, te blije fè madigidja nan kanè Erik Pyè, ki rekale yon lòt fwa ankò. Pou konnyè a, toulede pye Rene Gasya Preval nan yon sèl ti bòt batèm, pou l twouve yon lòt premye minis deziyen.
Nan sans sa, plizyè sitwayen ayisyen ki gen trip, anndan tankou deyò peyi a, pote reflèksyon pa yo, konsènen kalòt sa, reprezantan ansyen blòk antineyoliberal la, ansanm ak Rene Gasya Preval resevwa.
Mèt Bidri Dosenvil, yon avoka, defansè dwa moun, dirijan M.R.A pat manke raple sikonstans ki akouche lesefrape nan mitan klas piyajè raketè yo rele platfòm Lespwa a.
Pandan Rene Gasya Preval fin pyeje palmantè woulibè machann peyi yo, nan grese men yo ak kout kòb, ak pwomès djòb, konnyè a li menase tout palmantè l ap redui manda yo nan elèksyon antisipe. Anplis, pataj djòb fèt sèlman ant Rene Preval, Erik Pyè ak senatè woulibè. Depite yo pa jwenn. Alòs, malgre yo pa jwenn, Rene Preval pwopoze yo kontinye aji tankou palmantè japwouv, jouk manda yo bout, pou yo retounen ak lawont nan katye lakay yo.
Nan sans sa, palmantè woulibè yo nan chanm depite a, fè yon lòt kalkil. Yo rale zèl kat woulib kòmkwa yo pa dakò ak chwa Erik Pyè a, yon fason pou popilasyon a ta gen yon ti senpati pou yo. Petèt menm popilasyon sa, nan okazyon lòt elèksyon ki gen pou fèt, pèp la ka gentan bliye, se menm depite sayo ki te bay Jak Edwa Alèksi vòt konfyans ki te deklanche kòlè popilasyon an.
Vòt depite yo, ki chire paj kanè Erik Pyè, sanble tou ak yon revanj chanm depite a pran sou chanm sena a. Depite yo pat padone senatè woulibè yo ki te adòpte yon vòt kontrè ak yo nan okazyon revokasyon Jak Edwa Alèksi a.
Prensipal leson nou ta dwe tire nan deblozay klas reyaksyonè yo, se gwo sabò dirijan Lespwa yo resevwa. Pandan Jozèf Jasmen ansanm ak Keli C. Basyen, prensipal dirijan platfòm Lespwa a fin bat bravo lakontantman pou di tout palmantè Lespwa yo deja fin antann separasyon djòb pou yo vote anfavè Erik Pyè, sa pa anpeche se menm palmantè sayo ki ale nan latrin ak papye dosye Erik Pyè, pou yo siye kote poupou konn soti a.
Tout opòtinis ki pi entèlijan jodi nan bay bèl pawòl, nan fè bèl analiz politik, nan pwopoze bèl plan nan blòk swadizan anti-neyoliberal, enpi demen, se menm reyaksyonè sayo ki pi zele nan defann plan neyoliberal. Tout mask tonbe. Mask kominis, mask sosyalis, mask pwogresis, tout inifòm chire. Bounda tout sanzave woulibè nan lari. Tout bèt volay ki pentire zèl yo an pèp, wèpawè yon jou fòk popilasyon an wè klè.
Modòd jounen jodi a, se mobilizasyon kont lavichè, kont pri manje ki pa desann, kont pri gaz ki kontinye monte. Pawòl elèksyon pa dwe rantre nan kalandriye popilasyon an konnyè a, ki grangou, enpi k ap resevwa kout ba nan men palmantè woulibè machann peyi, ak rat do kale trafikan lanmizè.
Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa janm sispann batay
Mèt Bidri Dòsenvil
Prezidan AMHITI
Avoka/ Defansè Dwa Moun
Responsab Relasyon Entènasyonal MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) |