Nouvèl: Nasyonal
 
Nouvèl nasyonal
Ayiti, madi 13 me 2008

Je wont je, depite yo blije, yon lòt fwa ankò, bay dasomann etranje neyoliberalis Erik Pyè kanè pou l al refè klas li lakay patwon l nan peyi etazini...

Palmantè woulibè machann peyi yo ta dwe pran vakans jounen lendi 12 Me 2008 la jan manman lwa peyi a mande sa.

Sepandan palmantè yo te dwe reyini nan asanble nasyonal lendi 12 Me 2008 la yon fason pou kapab louvri dezyèm sesyon lejislati yo.

Palmantè yo te tou pwofite ekri move nòt nan kanè Erik Pyè pou retounen l bay paran l. Malgre senatè woulibè machann peyi yo ki te fin mare sosis ak Erik Pyè, yo te bay li vòt konfyans, tankou soubreka yo, Jozèf Jasmen te anonse l nan laprès, sa pa anpeche depite yo, je wont je, te blije fè madigidja nan kanè Erik Pyè, ki rekale yon lòt fwa ankò. Pou konnyè a, toulede pye Rene Gasya Preval nan yon sèl ti bòt batèm, pou l twouve yon lòt premye minis deziyen.

 

 

Moso listwa Dayiti