Nouvèl: Nasyonal
 
Nouvèl nasyonal
Ayiti, lendi 18 me 2009

28 me 2009

OMAJ POU PÈ JERA JANJIS

Direksyon Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.), nan non tout militan M.R.A., transmèt senpati l bay zanmi ak fanmiy pè Jera Janjis ki tonbe pandan sazinè ap panpannen.
Travay pè Jera Janjis te akonpli nan dyaspora  a ak nan peyi dayiti pa gen pri. Sepandan, sa pa anpeche ti gwoup sanginè te deside sal imaj pè Janjis, enpi fè l sibi tout kalite move trètman ki abouti ak lanmò vanyan patriyòt sa.
Se toujou menm ti gwoup atoufè sayo ki bwè san Antwa n Izmeri, Jan Leopòl Dominik, pè Jan Mari Vensan, pè ti Jan…, yon fason pou kontinye drese barikad sou wout liberasyon pèp ayisyen an.
Disparisyon fizik pè Jera Janjis kapab sèvi detonatè pou lezòt ki deside atrap flanbo mobilizasyon an, ak objèktif byen klè pou n debarase peyi dayiti ak neokolon blan ak tchoul yo.
Pè Jera Janjis pa mouri vre. Zèv li, pawòl li, konsèy li ap toujou rete vivan.
Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa janm sispann batay… Moun ki sanble, se yo ki rasanble…
Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.)

 

 

 

 

 

 


 

 

 

Moso listwa Dayiti