Nouvèl: Nasyonal
 
Nouvèl nasyonal
Ayiti, jedi 15 me 2008

Grèv manch long nan lopital jistinyen nan vil okap. Vè, fatra ak dlo santi blayi anndan sal operasyon

Divès sitwayen nan depatman Nò ak Nòdès peyi a ap poze tèt yo plizyè kesyon sou sans responsablite otorite sante piblik nan peyi a, fas ak pwoblèm lopital jistinye nan vil okap ap konfwonte. Travayè sante soutyen an grèv denpi lendi 12 me 2008. Aparèy radyografi an pa n. Mòg lopital la pa fonksyone…

Maten Mèkredi 14 Me 2008 la, travayè sante soutyen lopital la pa t reprann travay nan lide pou kontinye mobilizasyon manch long yo deklanche nan dengon rèsponsab sante yo nan peyi a pou fòse yo peye 8 mwa leta ayisyen dwe yo denpi yon goud nasyonal pa touche men yo..

Anplwaye soutyen lopital jistiyen yo, ki te chita men nan machwè anndan lakou lopital la repòtè Radyo Atlantik te rankontre,  pa t kache endiyasyon yo douvan konpòtman rèsponsab yo. Lè travayè sante soutyen yo pa manyen bale ak mòp, vè kale, fatra fè pil, ma dlo santi gaye anndan sal operasyon nan lopital la.

Dapre nan Gonmye, li fasil pou tout moun kapab konprann jounen jodya , rezon ki fè pa genyen yon politik sante ki makonnen ak enterè popilasyon an. Se paske pwoblèm sante popilasyon an twouve l sou kontwòl politisyen raketè pati politik tradisyonèl yo anndan peyi a, ki mare nan pye tab peyi sousèt yo.

 

 

Moso listwa Dayiti