GRAN RASANBLEMAN MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) NAN LIMONAD PREMYE ME 2009
Nan okazyon selebrasyon jounen agrikilti ak jounen peyizan, MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) ap òganize yon gran rasanbleman nan Mòn Biklè, Bwadlans, Limonad, jou premye me 2009 la. Divès òganizasyon envite: MENPWÒP, AJPB, ROPL BWADLANS, ak lòt ankò. Militan M.R.A. nan depatman nò ak nòdès, miltan tout òganizasyon ki rete soude ak revandikasyon popilasyon an, envite vin patisipe. Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa janm sispann batay. Moun ki sanble, se yo ki rasanble…MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)
|