Gouvènman ayisyen an ta sanble konplis Janklod Divalye
Dosye lajan bebidòk, Jan klod Divalye te vòlè nan kès leta peyi dayiti pandan l te sou pouvwa rejwenn plas li yon lòt fwa ankò nan aktyalite a.
Plizyè òganizasyon ayisyen nan peyi lasuis mande gouvènman ayisyen an antreprann demach nan lide pou pèmèt peyi a jwenn lajan sila.
Nan yon lèt tou louvri yo voye bay chèf leta gade m nan je pran pasyans lan Rene Gasya Preval, òganizasyon nan peyi lasuis yo fikse pozisyon yo sou lajan bebidòk te dechèpiye nan kès leta peyi dayiti pou mete nan bank nan peyi lasuis.
Òganizasyon sayo di, li pa nòmal pou peyi dayiti ap trennen kwiy li douvan kominote entènasyonal la tandiske pa vrèman gen jefò serye ki fèt pou jwenn lajan rejim bebidòk te vòlè pou mete nan bank nan peyi lasuis. Ta sanble, gouvènman ayisyen an ta konplis Bebidòk.
Òganizasyon sayo di, si peyi dayiti te jwenn lajan sa li t ap kapab rinde l fè faskare ak divès pwoblèm l ap kòlte jounen jodya.
Janklod Divalye pa gen ankenn dokiman ki ka pwouve sous kote l te rive genyen lajan sila. |