Nouvèl: Nasyonal
 
Nouvèl nasyonal
Ayiti, mèkredi 25 fevrye 2009

Gadkòt meriken pimpe retounen 214 konpatriyòt ayisyen nan vil okap

Jounen lendi 23 fevriye 2009 la, gadkòt meriken voye tounen nan lakou peyi dayiti, pi espesyalman nan vil okap, 214 konpatriyòt ayisyen « vyann pou reken », ki t ap tante pran lanmè prèske sou po vant yo nan chèche lavi miyò nan peyi etazini. Konpatriyòt sayo orijinè depatman latibonit, nan vil gonayiv, yo te pran kanntè nan dat 18 fevriye 2009, men se nan dat 21 fevriye 2009 gadkòt meriken yo te poze grif sou yo enpi pimpe yo retounen. Majorite nan konpatriyòt yo, se jèn gason ki fin boukle etid segondè yo, kivledi yo gen toulede papye bakaloreya yo. Nou te konte apeprè 30 ti moun ki gen laj pou pi plis 10 rekòt kafe sou tèt yo.
Malgre konpatriyòt ayisyen te kontakte responsab imigrasyon, delege defakto nan depatman nò a, ak majistra vil okap la, yo pat rive jwenn okenn mwayen ekonomik pou yo ta retounen lakay yo.


 

 

 

Moso listwa Dayiti