POZISYON MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) SOU ECHÈK SELÈKSYON 19 AVRIL 2009 LA
20 avril 2009
Malgre divès siyal pèp ayisyen an te voye bay dirijan nan gouvènman kòwonpi Preval/Divivye Pyè Lwi a, ak nan K.E.P. Konsèy Elèktoral Prezidansyèl la, pou di yo byen klè, yo pa deside kontinye siyen chèk an blan ankò, dirijan sayo panse pasyans pèp la ta vledi l konsanti ak tout malvèsasyon yo. Yo fonse tèt bese nan òganize yon selèksyon malatchonn. Rezilta a la, pèp la imilye dirijan ayisyen yo ansanm ak kominote entènasyonal mafya a.
Ki sa ki eksplike imilyasyon sa?
Menm si pa gen mwayen transpò, menm si gen entimidasyon, yon pèp detèmine ki rekonèt revandikasyon l atravè lidè konsekan, sa pa ka anpeche pèp souvren an al defann enterè l ak yon bilten vòt. Revandikasyon pèp ayisyen an, se pa sèlman pran plezi al vote pou yon endividi ou byen pou yon kèlkonk sektè. Revandikasyon yo pi pwofon. Idantifikasyon an, se, ki endividi, nan ki sektè, ki prèt pou defann tout bon vre, enterè popilasyon an. Nan sans sa, 19 avril 2009 la, pèp ayisyen an te pare pou l boude tout sektè, tout endividi ki pa makònen ak revandikasyon l. Ni silayo ki pase deja sou pouvwa, san yo pa janm regle anyen, ni silayo mas la deja idantifye kòm reyaksyonè.
Direksyon Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.) te envite popilasyon an boude selèksyon 19 avril 2009 yo, paske pat gen okenn kandida enskri pou patisipe nan maskarad la, ki anfavè pèp, ni ki te pare pou al defann revandikasyon popilasyon an. Veritab rezon ki jistifye popilasyon an rete chita lakay li, se paske se sèl mwayen l te genyen konnyè a, pou l sanksyone pouvwa kòwonpi Preval/Divivye Pyè Lwi a. Popilasyon an te tou pwofite pou l bay bwa long kenbe ak tout lòt kandida san koutcha ipokrit, k ap kritike pouvwa anplas la, men ki pare pou kontinye vin bay popilasyon kout ponya nan do yon lòt fwa ankò, paske sa pa gen lontan, se yon menm ki te gen kòmand bak peyi a.
Pèp ayisyen an pa deside pran nan blòf ankò. Veritab revandikasyon popilasyon an, se pou lavichè a bese, se pou pri manje, pri gaz bese, pou l jwenn bonjan wout, dlo pou l sèvi, kouran, sekirite pou bèt, pou tè peyizan, pou machandiz ti komèsan. Se pou sa pèp la te rete chita lakay li. Li pat rekonèt okenn nan kandida enskri yo, atravè revandikasyon silayo. Sektè politik k ap klèwonnen di yo pisan, pandan y ap mande tanpri souple bay yo chans pou yo patisipe nan selèksyon elèktoral, pa dwe kwè se modòd yo popilasyon an te suiv. Pèp la te deja rejte tout avadra ki gen foli pouvwa pou pouvwa san sousi pou revandikasyon yo.….
Anfas zak gaspiyay lajan leta, ki te kapab itil pèp ayisyen an, li parèt nesesè pou popilasyon an pouse revandikasyon l pi lwen toujou. Puiske pouvwa anplas la pa ka satisfè revandikasyon ki pi piti yo, enben, gouvènman Preval/Divivye Pyè Lwi a vin pèdi tout lejitimite. Anplis, kòd lajistis dwe pase nan kou konseye elèktoral, nan K.E.P. Konsèy Elèktoral Prezidansyèl la, paske yo gaspiye lajan pèp ayisyen an nan move kondisyon. Si konsèy elèktoral Preval la pèsiste nan òganize lòt selèksyon nan menm sikonstans lan, nou kapab konsidere sa tankou yon veritab pwovokasyon k ap kontinye pase pèp ayisyen an nan betiz.
Pèp ayisyen an dwe gonfle fòs li, san l pa janm bay legen. Pèp la montre l konn batay. Pèp ayisyen an ka batay. Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa janm sispann batay. Moun ki sanble, se yo ki rasanble…
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)
|