SELEBRASYON ANIVÈSÈ KREYASYON DRAPO PEYI DAYITI SOU OKIPASYON
Se pa pou sa nou wè jodi a, Papa Jan-Jak Desalin te fè 18 me 1803, 18 novanm 1803 ak premye janvye 1804. Ideyal ou byen rèv 18 me, 18 novanm 1803 ak premye janvye 1804 la, se kreyasyon yon nanchon ayisyen, kote tout pitit tè a, ak silayo ki ta chwazi vin tounen ayisyen, dwe jwenn yon ti bout tè ki rele yo jantimèt, jantimètrès, pou yo viv nan pwogrè ak diyite.
Plizyè lanne kalamite pase, denpi premye janvye 1804, ak divès fòs okipasyon, ki anpeche rèv pèp ayisyen an reyalize. Jodi a, yo rele fòs okipasyon an, Misyon destabilizasyon peyi dayiti, MINISTA, ki kreye tout kondisyon pou l tabli kò l san limit sou teritwa a, alòske popilasyon an rejte prezans li.
Ensekirite òganize, se enstriman Minista pou jistifye prezans li sou teritwa a, pandan gouvènman peyi etazini, peyi kanada ak peyi ewopeyen yo itilize sòlda peyi azyatik ak jandam kèk peyi latino-meriken pou molèste pèp ayisyen an, vòlè bèt ak rekòt peyizan, derèspèkte, imilye sitwayen ayisyen, nenpòt lè ki fè yo plezi.
Kesyon sektè òganize nan sosyete peyi dayiti ap poze: se poukisa pèp ayisyen an te vote yon prezidan ak yon palman? Pèp la te vote yon prezidan, nan anpil difikilte, pou l mete kanpe yon gouvènman ayisyen pou asire byennèt fizik, byennèt moral, ak byennèt sosyal chak grenn ayisyen. Prezans Minista pa danse kole ak objèktif sayo. Pèp ayisyen an te vote depite ak senatè, ki ta dwe adòpte bonjan lwa ki ale nan sans enterè popilasyon an, enpi pou oblije gouvènman an aplike sa ki ekri nan manman lwa peyi a, kote lame etranje pa gen dwa ap sikile lib e libè sou teritwa a.
Èske palmantè, prezidan, manb gouvènman ayisyen gen dwa siyen, san konsantman pèp ayisyen an, pou fòs okipasyon kontinye ap panpannen sou teritwa peyi dayiti?
Peyi dayiti bezwen zanmi, pou kopere ak li, pou boukante lide, pwodi, materyèl ak li, pou konstri pwojè pwogrè ansanm. Men, okipasyon pa nan enterè pèp ayisyen an. Nan sans sa, direksyon MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) pa apiye renouvèlman manda Minista nan peyi dayiti. Militan MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.), pwopoze pou leta ayisyen voye jenn fanm ak jenn gason ayisyen al pran fòmasyon nan domèn sekirite, nan peyi latino-meriken, tankou : peyi Kiba, peyi Venezyela, peyi Ekwatè, peyi Bolivi, peyi Salvadò, peyi Nikaragwa, pou yo retounen vin mete kanpe yon fòs sekirite nasyonalis osèvis pèp ayisyen an.
Nou pa kapab kreye fòs sekirite piblik ni ak ansyen jandam lame dayiti kòwonpi, ki gen pase kriminèl, ni ak ajan fòs okipasyon, peyi letranje ta chwazi. Fòs sekirite peyi dayiti dwe obeyi ak lojik entegrasyon espas latino-meriken an k ap chèche libere tèt li anba dominasyon gran pisans k ap defann enterè ekonomik yo. Fòs sekirite piblik ayisyen an, dwe enskri tèt li nan lojik altèmondyalizasyon an, pou anfen, peyi dayiti rejwenn diyite l.
Nan okazyon selebrasyon anivèsè kreyasyon drapo ayisyen an, nou dwe pwofite egzije dirijan yo sispann renouvèlman manda fòs okipasyon anndan peyi dayiti.
Renouvèlman manda Minista, NON !!! Kreyasyon yon fòs sekirite nasyonalis ayisyen, ak jenn fanm, jenn gason detèmine, byen fòme, WI !!!
18 me , dwe yon dat mobilizasyon pou n reklame depa twoup etranje sou teritwa peyi dayiti, pandan nou pa dwe sispann lonje dwèt sou konplis fòs okipasyon yo, ki se prezidan ak tout minis peyi a, tout depite ak senatè ipokrit, woulibè machann peyi yo, k ap plenyen tankou nenpòt sitwayen sou prezans blan nan peyi a, alòske se yo menm, ansanm ak dirijan pati politik tradisyonèl yo, ki rantre ak blan yo anndan peyi a, se yo menm ki bay blan yo sekirite lalwa, se yo menm tou ki pa fè anyen pou pouse do blan yo, enpi se yo menm blan yo vin sèvi. Blan yo pa vin sèvi pèp ayisyen an. Okontrè, blan yo, se imilye yo vin imilye memwa zansèt nou, se detri yo vin detri kilti ak listwa nou.
Batay pou diyite drapo ayisyen an dwe rapousuiv nan chak kay, nan chak katye, nan chak bitasyon, nan tout òganizasyon. Pèp ayisyen an konn batay, pèp ayisyen an ka batay. Nou p ap bay legen…
Viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè , ki pa janm sispann batay… Moun ki sanble, se yo ki rasanble…
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)
|