Dirijan OPL nan depatman nò a kontinye ap fè sitwayen abi, pandan yo benyen , tranpe nan kòripsyon jouk nan mwèl zo
Nan komin dondon plizyè manb pati politik tradisyonèl ki rele OPL nan zòn lan, fè tèt yo pase pou polisye, selon deklarasyon Jodani Jan ki se yon sitwayen k ap viv nan komin sila.
Jodani Jan fè konnen, apre l te fin patisipe nan yon emisyon politik nan yon èstasyon radyo vil Okap, kote l denonse malvèsasyon ak koripsyon k ap fèt nan biwo depatmantal edikasyon nasyonal la, ansanm ak yon pwojè bidon ansyen kandida pou pòs senatè depatman nò a, Miltonn Cheri te ekri nan non 26 lekòl nazareyen. Lajan ki ta dekloke pou pwojè bidon sa ta monte 21 milyon goud. Lajan sa se zafè pèsonèl ti gwoup raketè silayo l ap regle men ki pa nan enterè peyizan k ap viv nan zòn nan.
Yon ti frè Milton Cheri ki rele Bona Cheri te rele Jodani Jan nan telefòn, fè l menas pou di l li resevwa lòd nan men mouche Eliska Chal, yon lòt ansyen kandida pou senatè anba banyè OPL nan depatman nò a, Miltonn Cheri, Delimèn ak Jisten Metelis ki pwomèt li lanmò.
Yon jou apre menas sayo, yon ti fanmiy Jodani Jan resevwa yon bal nan men kote lapolis ak kazèk bogi a menm rive arete Papa l , san yo pa genyen okenn bout papye nan men yo.
Nan sans sa Jodani Jan mande jistis ak reparasyon pou Papa l k ap kwoupi nan prizon. |