Bizismann Èstannle Saba resevwa plizyè bal nan men bandi
Bizismann Èstannle Saba resevwa plizyè bal lannuit lendi pou louvri madi 13 Me 2008 la, nan moman l t ap fè rezistans ak bandi ki t ap chèche fè dappiyanp sou li nan Petyonvil.
Dapre sa pòtvwa PNH la Frandsz Lèbou declare, yo te pote viktim lan lopital, pandan l fè konnen gen ankèt ki deja tanmen nan sans sa, alòske lapolis nan ka sa yo, konn byen souvan anreta, te bay kidnapè yo kont tan pou mete zèl nan pye yo. |