ASOSYASYON FANM GALMAN
A.F.G.
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN
M.R.A.
KATYEMOREN, GALMAN / TEL: 559-5635/ 553-4838
E-mail: mouvementrevolutionnairehaitien@yahoo.fr
Sit Entènèt : www.atlantikhaiti.com
POZISYON AK DEKLARASYON ASOSYASYON FANM GALMAN (A.F.G.)
NAN OKAZYON JOUNEN ENTÈNASYONAL FANM 8 MAS 2008
Denpi nan lanne 1977, nasyonzini chwazi dat 8 mas pou selebre yon jou nan lonè tout fanm sou latè. Nou menm nan ASOSYASYON FANM GALMAN (A.F.G.), branch MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.), nou pwofite okazyon sa pou n fikse pozisyon nou parapòt ak jounen sa a, nan konjonkti aktyèl peyi dayiti a.
Nou konstate, malgre leta peyi dayiti tabli yon swadizan ministè kondisyon fanm talon kikit, dwa ak revandikasyon pifò fanm peyizan, fanm malerèz nan sosyete peyi dayiti ponkò janm respekte. Yo toujou bliye fanm yo ki te lite enpi ki kontinye ap trimen tout bon vre yo...
Nan listwa rezistans ak batay fanm pou liberasyon, nou pa dwe janm bliye fanm endyen yo ki te sibi tout kalite imilyasyon. Nou p ap bliye larèn Anakawona, anvayisè panyòl yo te sazinen. Nou p ap bliye Mennsya, madanm kasik Anri, blan panyòl te vyole.
Denpi anvan seremoni bwa kayiman an, nan dat 14 dawou 1791, fanm ayisyèn te patisipe nan tout fòm batay rezistans pou yo akouche lendepandans peyi dayiti. Ayibobo pou Katrin Flon ki te koud drapo ble ak wouj la. Ayibobo pou Defile ki te ranmase moso kò Papa Desalin yo te tchakannen ak kout kouto lènmi libète.
Jodi 8 mas 2008 la, apre divès batay fanm peyi dayiti te mennen ansanm ak patriyòt gason, pou rive chouke yon pouvwa ki ta gen sousi satisfè revandikasyon popilasyon an, nou rekòlte imilyasyon, ensekirite, lavichè, grangou, kadejak nan bragèt militè fòs okipasyon.
Pandan fanm ti komèsan ap reklame pou taks sou machandiz bese pou lavichè bese, gouvènman ayisyen reponn pou di : « kanpe gade l nan je, pran pasyans » kite grangou touye nou. Pran pasyans, tann yo fin separe kont milyon bay depite ak senatè pou ti krik ti krak.
Nou menm nan ASOSYASYON FANM GALMAN, nou konnen, se nan batay pèp toujou rache tout viktwa enpòtan yo. Se pou sa, nou deklare, nou fenk kare batay, enpi nou gen garanti n ap ranpòte laviktwa, paske viktwa final, se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa janm sispann batay...
ASOSYASYON FANM GALMAN (A.F.G.) - MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) |