Aparèy lajistis-kase-fèy-kouvri-sa…. an pa n nan vil okay
Plizyè mèt avoka nan vil okay tanmen yon mouvman grèv denpi kèk senmenn pou yo reklame revokasyon komisè gouvènman an mèt Klenò Jilyen yo di k ap malmennen bak aparèy lajistis-kase-fèy-kouvri-sa nan kanton an.
Nan sans sa, avoka grevis yo pa plede nan tribunal jiridiksyon an, sa ki mete 2 pye dwayen tribinal premye enstans okay la, mèt Ezekyèl Vaval nan yon sèt ti bòt batèm pou l ta rive organize asiz kriminèl yo.
Pou kounnyè a, gen plis pase 350 prizonye ki kwoupi dèyè bawo prison sivil okay la, kote pifò nan yo ponkò pase douvan jij natirèl yo lakòz avoka ki pa plede.
Lòt revandikasyon mèt avoka grevis yo, se reklamasyon nominasyon yon jij enstriksyon nan tribinal premye enstans la.
|