Nouvèl: Nasyonal
 
Nouvèl nasyonal
Ayiti, madi 13 me 2008

Ansyen palmantè woulibè machann peyi yo ki te eli pou 2 lanne, blije  rache manyòk yo pay palman an blanch

Twazyèm ansyen senatè woulibè machann peyi yo, blije rache manyòk yo bay palman an blanch, malgre yo gen plizyè min ki  mare sou fwon yo.

Palmantè woulibè sayo ki te chita nan kapital la, ap woule bè l machin ofisyèl, blanchi lajan anba tab, yo pa t janm desanm nan katye zòn lakay yo pou al rann popilasyon an kont sou malvèsasyon yo pat sispann fè.

Enben jounen jodya, yo gen obligasyon pou retounen nan depatman yo pou y al lanbe pye popilasyon an yon fason pou l ta ba yo yon lòt manda.

Sepandan, gen sèten nan yo ki gen gwo difikilte pou yo retounen paske yo te kenbe anba pa t kasav yo diri, tòl ak lajan yo te bayo pou sibvansyone lekòl timoun k ap viv nan lari yo.

 

 

Moso listwa Dayiti