EDITORYAL: Apre anpil dilatwa ak trennen pye bò kote responsab konsèy eleKtoral pwovizwa, K.E.P. a, katèl majistra lavalas la, ki gen nan tèt li Michèl Senkwa, rive enstale nan meri vil okap
Apre anpil dilatwa ap trennen pye bò kote responsab konsèy eleKtoral pwovizwa, K.E.P. a, katèl majistra lavalas la, ki gen nan tèt li Michèl Senkwa, rive enstale nan meri vil okap. Sepandan, si gen dilatwa ki t ap fèt nan konsèy elèktoral la, enben, pou katèl tou nèf la, se lekontrè. Alatèt katèl meri vil okap la, Michèl Senkwa, te menm fè arete yon sitwayen zòn pon nèf pou tèt li t ap fè yon konstriksyon anachik, yon desizyon anpil moun te aplodi.
Toutfwa, katèl lavalas la te deside pase vitès siperyè, lè l fè soti kominike pou bay ti komèsan, garajis, machann planch, elatriye…, yon dèle tou kout pou yo debarase tout pèwon nan lari a, yon fason pou pèmèt pyeton, moun sou moto, sou bisiklèt, nan machin, rive sikile lib e libè, pou tanmen bay vil okap, imaj li te genyen nan tan lontan. Yon desizyon anplis, tout ayisyen ki te konnen ak renmen vil okap aplodi, sitou lè yo gade nan ki eta dezyèm vil peyi a devni jounen jodi a, apre pasaj ansyen katèl majistra okap la, ki te gen nan tèt li Aspil Fleran.
Sepandan, menm desizyon sa, nouvo katèl meri vil okap la pran an, apati yon kominike, parèt presipite, ta parèt britsoukou, puiske nouvo katèl meri lavalas la te dwe evalye anvan, gwo konsekans yon mezi konsa kapab genyen sou sektè sa yo li vize nan sosyete a, sektè ki ta reprezante yon bon pati nan moun ki te al vote l, e anplis k ap rinde leta ayisyen ki non sèlman pa kreye travay pou malere, men tou, ki pa ofri okenn akonpayman.
Pou evite sitirasyon dezolasyon sa, nouvo katèl meri vil okap la ta dwe anvan tou, reflechi ak chèche konnen ki kote k genyen divès tè leta ki vid, oswa negosye ak patikilye ki okipe espas sa yo ki p ap fè anyen, ansuit, konvoke sektè sa yo pou mete yo anfas sitirasyon an, enpi detèminen ki kote, reprezantan leta chwazi pou mete yo sou baz yon dèle rezonab. Konsa, nouvo katèl lavalas meri vil okap la t ap jwenn sipò nètalkole pi plis sektè toujou anndan sosyete a, e menm sektè ki tonbe anba mezi sa yo. Nouvo katèl la konnen byen pawòl sa yo ki di : « gouvènen, se dirije, se prevwa ». Kididonk, si anvan sa, nou te konn kritike zòt ki te chwazi aji mal ak pèp ayisyen an, jounen jodi a, pitit pèp la ki gen pouvwa, ta dwe sèvi modèl pou jistifye pozisyon nou te konn pran anvan.
Nouvo katèl majistra vil okap la dwe evite tonbe nan menm sitirasyon ak ansyen katèl majistra Wilma Inosan an, pou l aji ak tèt frèt, osnon mezi sa yo, ki kòrèk nan yon sans, pral komèt plis dega nan yon lòt sans.
Jodi a, malere, malerèz nan divès sektè ki frape ak mezi sa yo ap poze tèt yo kesyon, se kisa yo pral fè pou bay kay la manje, pou peye lwaye, pou voye ti moun yo lekòl, elatriye…, puiske se aktivite yo t ap fè a ki te reprezante kòd lonbrit fanmiy lan. Anpil sitwayen, se sou baz kredi, kout ponya y ap viv. Kidonk, nouvo katèl la ka konprann nan ki sitirasyon moun sa yo twouve yo jodi a, apre mezi presipite sa, ki p ap fè lòt bagay ke ranfòse ensekirite a, nan pouse ti komèsan ki disparèt sou beton an, al rantre nan lòt aktivite louch pou yo jwenn kòb. Enpi, mezi sa a pral ogmante wèpawè lavichè a, selon prensip ekonomik ki rele « Lwa òf ak Demand ».
Pou tout rezon sa yo, nouvo katèl la dwe retounen arebò tab pou l al repanse mezi presipite l ap aplike yo, enpi kanpe annatadan sou mezi sa yo, retounen sou pwopozisyon kòrèk ki chita sou prensip, yon mannyè pou l rejwenn konfyans bò kote tout ayisyen ki ta renmen pou vil okap rejwenn eskanp figi l, puiske, tankou lòt la di l : « Li pa janm twò ta pou fè sa ki byen…»
|