Nasyonal
Ayiti, mèkredi 12 me 2010 |
|
POZISYON POLITIK
KOLÈKTIF POU YON LÒT 18 ME
OKap- Ayisyen, 11 me 2010
Vitès sitirasyon malouk ki pase apre evènman katastwòf 12 janvye a, pèmèt yon ansanm òganizasyon ki te konn nan lesefrape yon n ak lòt, gen konviksyon lènmi prensipal ki gen anndan peyi a, se ekip Preval/Bèlriv la, Kominote entènasyonal peze souse a, ak kolaboratè palman koupyon rèstavèk la
»» kontinye...
Ayiti, mèkredi 12 me 2010 |
|
MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)
------------------------------------------------
NÒT POU LAPRÈS 12 Me 2010
Atik 31 konstitisyon 29 mas 1987 la ki toujou an vigè nan peyi dayiti, deklare, : »tout ayisyen jwi libète pou yo asosye yo, enpi òganize reyinyon, manifèstasyon politik, sosyal, kiltirèl. »
Militan Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.) sezi tande deklarasyon majistra defakto Michèl Senkwa nan vil okap ki bay tèt li dwa entèdi manifèstasyon « Kolèktif pou yon lòt 18 me », lanse pou dat 18 me 2010 nan vil okap…
»» kontinye...
Ayiti, jedi 27 dawou 2009 |
|
8 LANE EGZISTANS MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.)
21-22 dawou 2001, militan pwogresis nan plizyè depatman peyi a, te òganize yon kongrè politik nan lokalite katyemoren, nan depatman nò peyi dayiti, ki abouti ak kreyasyon M.R.A., MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN, ki pran nesans ak objèktif prensipal silayo:
1-Defann tè ak eritaj zansèt nou yo
2-Travay pou fè rèspèkte prensip inivèsèl dwa moun
3-Fè pwomosyon pou tout kalite pwodiksyon nasyonal nan peyi dayiti
»» kontinye...
Ayiti, jedi 27 dawou 2009 |
|
POZISYON AK DEKLARASYON ASOSYASYON FANM GALMAN (A.F.G.) NAN OKAZYON UITYÈM ANIVÈSÈMRA.
Nan tout faktori, anndan izin soutretans nan peyi dayiti, genyen plis fanm pase gason, savledi gen plis fanm ouvriye pase gason. Chèf gouvènman peyi dayiti jodi 22 dawou 2009 la, se yon fanm….
""kontinye..
Ayiti, dimanch 26 jiyè 2009 |
|
SEFÒM, SEKSYON FÒMASYON NAN DISPANSÈ DOKTÈ W. POLIKAP: delivre 647 sètifika travayè sante…nan dat 26 jiyè 2009
SEFÒM, SEKSYON FÒMASYON NAN DISPANSÈ DOKTÈ W. POLIKAP, se yon òganizasyon travayè sante k ap fè fòmasyon paramedikal gratis denpi lane 1994 nan peyi dayiti. Patisipan nan SEFÒM aprann anpil renmèd fèy, medsin tradisyonèl. Tout moun, san distenksyon, envite vin ranmase konesans medikal sou tout maladi ak lòt pwoblèm nou pi souvan rankontre nan kominote a,
»» kontinye...
POZISYON MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) SOU KESYON SALÈ MINIMÒM LAN
18 jen 2009
Gouvènman restavèk ayisyen an, ki gen nan tèt li yon pope boure, Rene Gasya Preval, ak yon kòlonn maryonèt kolaboratè fòs okipasyon an, ki bay tèt yo pote tit minis okipasyon, ap jwe tout jwèt pou detounen atansyon popilasyon an sou veritab pwoblèm peyi a, ki se okipasyon teritwa nasyonal la ak yon fòs etranje, k ap imilye, sazinen sitwayen ayisyen.
. »» kontinye...
Ayiti, vandredi 29 me 2009 |
|
OMAJ POU PÈ JERA JANJIS
Direksyon Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.), nan non tout militan M.R.A., transmèt senpati l bay zanmi ak fanmiy pè Jera Janjis ki tonbe pandan sazinè ap panpannen.
Travay pè Jera Janjis te akonpli nan dyaspora a ak nan peyi dayiti pa gen pri. Sepandan,
»» kontinye...
SELEBRASYON ANIVÈSÈ KREYASYON DRAPO PEYI DAYITI SOU OKIPASYON
Se pa pou sa nou wè jodi a, Papa Jan-Jak Desalin te fè 18 me 1803, 18 novanm 1803 ak premye janvye 1804. Ideyal ou byen rèv 18 me, 18 novanm 1803 ak premye janvye 1804 la, se kreyasyon yon nanchon ayisyen, kote tout pitit tè a, ak silayo ki ta chwazi vin tounen ayisyen, dwe jwenn yon ti bout tè ki rele yo jantimèt, jantimètrès,
. »» kontinye...
Ayiti,vandredi 01 me 2009 |
|
DEKLARASYON POLITIK MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN ( M.R.A.) NAN OKAZYON SELEBRASYON JOUNEN AGRILKILTI, JOUNEN OUVRIYE AK PEYIZAN
Ayiti, premye Me 2009
Nan okazyon gran rasanbleman premye me 2009 la nan mòn biklè, limonad, militan M.R.A. ap pwofite raple yon pati nan revandikasyon nou, yon pati nan revandikasyon popilasyon an, nan moman kote peyi a okipe ak blan, ak yon gouvènman ayisyen ki pa manifèste okenn sousi anfavè diyite pèp ayisyen an….
»» kontinye...
Ayiti, lendi 27 avril 2009 |
|
Senatè ayisyen yo pa deside valide pouvwa palmantè “tayo grate” selèksyon 19 avril 2009 yo
Nan dat 18 janvye 1993, nan okazyon elèksyon pasyèl, plizyè asayan te patisipe nan maskarad elèktoral nan peryòd koudeta sanglan 29-30 septanm 1991 lan. Yo te rele palmantè sayo “Kò etranje”. Yo pat janm jwenn posiblite rantre anndan palman an, pou yo syeje ak lejitimite,
»» kontinye...
|