| |
|
Majistra lavalas nan vil okap maspinen yon jounalis
Korespondan jounalis radyo Siyal FM lan, Masèl Jwachen, denonse zak madrilay li sibi nan vil okap, anba pa t kasav twazyèm majistra katèl fanmiy san fwa ni lwa lavalas la Frits Jozèf nan dat madi premye jiyè 2008 la, nan moman jounalis la t ap egzèse pwofesyon l.
Frits Jozèf ak yon dekalyon atoufè ki te fè tèt yo pase pou ajan ensekirite l te atake jounalis la ak zam nan men enpi flanke l anpil pataswèl. Jounalis viktim lan reklame jistis ak reparasyon.
Sou bò pa l, responsab SOS jounalis la Jozèf Gilè C.Dèlva di l kondane ak tout fòs li zak britalite sa majistra annapre nan katèl toupisan fanmiy lavalas la ki gen nan tèt li Michèl Senkwa komèt sou jounalis la.
Gilè C.Dèlva di majistra a dwe reponn kòmsadwa douvan lajistis pou zak reprezay tonton makout li komèt la pandan l ajoute zak sa pa dwe rete san pinisyon. |
Polisye kidnapè anba grapen lapolis
Lapolis nan vil Okap lage yon manda nan dengonn ajan II Djeri Dyevèy lakòz li ta sanble gen men l tranpe nan zak dappiyanp.
Anplis, Kamiy Lwi Filip ak Èstannle Lwi Jan ki se enspektè minisipal ak responsab SDPJ nan nò peyi a ta jwenn yo nan izòlman nan enspeksyon jeneral PNH la nan kapital la. Dapre yon sous ki pre pakè tribinal sivil nan nò peyi a, 2 ajan sayo ta akize kòm moun ki ta sanble ap alimante fenomèn ensekirite a nan metwopòl Nòdès la.
Polisye Astrèl Kazimi blese anba bal yon lòt ajan nan enstitisyon an lakòz yon bouch louvri ki te genyen ant yo.
Toutfwa, polisye yo t ap akize yonn lòt kòm bandi.
Sepandan, Astrèl Kazimi te fè yon operasyon nan vant, kote eta sante l pou konnyè a pa andanje. |
Sendika ayisyen yo denonse gouvènman an kip a sispann monte pri gaz la
Plizyè sendika nan lakou peyi dayiti montre yo gen gwo kè sou biskèt douvan pri gaz la k ap kontinye monte wo bibit sou mache nasyonal la.
Sendikalis yo di, se lakòz pri gaz la ki monte sou mache a ki pèmèt pri kous machin yo ogmante.
Dapre kowòdonatè INO a Inyon Nòmalyen ayisyen Jozye Merilyen, yon desizyon konsa kapab lakòz sitirasyon pèp ayisyen an vin anvlimen pi plis toujou anndan peyi a.
Pi lwen sendikalis yo fè konnen, li enpòtan jounen jodya pou gouvènman ayisyen an panche sou monte pri gaz la, ki lakòz chofè ak pasaje toujou nan bouch louvri.
Se pa premye fwa pri gaz la monte sou mache a tandiske chèf leta gade m nan je pran pasyans lan ki jwenn avantaj bab ak moustach sou dosye gaz la nan men peyi venezyela toujou pran pòz li pa wè, li pa tande, enpi l montre tou li pa ka fè anyen pandan ekip pa l la ap itilize avantaj sila nan enterè pèsonèl li. |
Gouvènman ayisyen an ta sanble konplis Janklod Divalye
Dosye lajan bebidòk, Jan klod Divalye te vòlè nan kès leta peyi dayiti pandan l te sou pouvwa rejwenn plas li yon lòt fwa ankò nan aktyalite a
Plizyè òganizasyon ayisyen nan peyi lasuis mande gouvènman ayisyen an antreprann demach nan lide pou pèmèt peyi a jwenn lajan sila.
Nan yon lèt tou louvri yo voye bay chèf leta gade m nan je pran pasyans lan Rene Gasya Preval, òganizasyon nan peyi lasuis yo fikse pozisyon yo sou lajan bebidòk te dechèpiye nan kès leta peyi dayiti pou mete nan bank nan peyi lasuis.
Òganizasyon sayo di, li pa nòmal pou peyi dayiti ap trennen kwiy li douvan kominote entènasyonal la tandiske pa vrèman gen jefò serye ki fèt pou jwenn lajan rejim bebidòk te vòlè pou mete nan bank nan peyi lasuis. Ta sanble, gouvènman ayisyen an ta konplis Bebidòk.
Òganizasyon sayo di, si peyi dayiti te jwenn lajan sa li t ap kapab rinde l fè faskare ak divès pwoblèm l ap kòlte jounen jodya.
Janklod Divalye pa gen ankenn dokiman ki ka pwouve sous kote l te rive genyen lajan sila. |
Kamyon lanmò katèl majistra fanmiy lavalas nan vil okap kraze zo yon ti komèsan
Kamyon lanmò katèl majistra lavalas la ki gen nan tèt li Michèl Senkwa, pa sispann mete dlo nan je ti komèsan yo ak zak kraze brize l ap fè sou ti komèsan sila yo nan vil Okap denpi enstalasyon yo nan tèt meri okap la.
Ajan ensekirite lameri maspinen yon ti komèsan ki rele Patrik enpi menm rive arete l nan mitan jounen jedi 3 jiyè 2008 la, nan ri 5 k a nan moman kote yonn nan ajan ensekirite lameri yo te bay tèt li dwa kare bare pou l choute ak kout pye machandiz ti komèsan sila.
Plizyè dizèn ti komèsan kite move tankou kong douvan Meri Okap la, te lanse anpil èslogan piman bouk kont katèl majistra lavalas okap la ki dapre sayo fè konnen konvèti tèt yo tankou yon gwoup teworis k ap mache pèsekite ti komèsan yo. Ti komèsan yo mande jistis pou viktim lan enpi yo reklame liberasyon l san okenn kondisyon. |
Korektè nan egzamen ofisyèl nan vil okap fèmen pòt biwo levasyon nasyonal la
Plizyè korektè ki t ap korije fèy egzamen kandida ki te patisipe nan egzamen ofisyèl yo, pou ane akademik 2007- 2008 la fèmen pòt biwo levasyon nasyonal la nan depatman nò peyi a.
Dapre sayo fè konnen se poutèt apre plis pase yon semèn kote egzamen sila yo fini ponkò resevwa yon goud nasyonal nan men rèsponsab biwo depatmantal la, alòske dapre menm korektè sayo direksyon depatmantal la ap peye lòt korektè ki pwòch li yo anba chal. |
Palmantè raketè woulibè machann peyi, swadizan pwogresis, pare pou ratifye chwa manzè Michèl Pyè Lwi
Chanm depite a reyisi boutofen mete kanpe komisyon pou egzaminen pyès premye minis deziyen an manzè Michèl Divivye Pyè Lwi.
Komisyon sa ki gen ladan l 7 manm, gen nan tèt li depite Gi Jera Jòj, ki reprezante KPSP konsètasyon palmantè swadizan pwogresis enpi ki se blòk majoritè nan chanm depite a.
Pou lòt palmantè ki fòme komisyon èspesyal ratifikasyon an genyen Nèlson Pyè Lwi pou KPSP, konsètasyon palmantè swadizan pwogresis, prezidan annapre, Mari Klini Dime, Inyon palmantè pou devlòpman nasyonal IPND sekretè rapòtè, Patrik Domon KPSP, Jan Rigo Belizè OPL, Sentilma Jozèf, Fizyon, ak Jirandal Telisma, reprezantan biwo a.
Pou prezidan chanm depite a, gen yon pa ki fèt nan kad demach sila.
Pyè Erik Janjak twouve, pa t bezwen gen tout pale anpil sayo sou dosye sa, komisyon an pra l travay pou l prezante rapò l bay asanble a nan yon delè ki pa lwen.
Premye minis deziyen an pra l envite touswit pou l al fè depo pyès li nan palman an.
Prezidan komisyon èspesyal ratifikasyon an annose gen yon lèt nan sans sa ki ta dwe al jwenn biwo chanm depite a jou mèkredi 2 jiye 2008 la.
Pyè Erik Janjak se moun ki gen rèsponsablite pou voye envitasyon an bay premye minis deziyen an.
Pifò palmantè nan blòk majoritè KPSP a konsètasyon palmantè swadizan pwogresis la, montre yo dakò pou vote chwa manzè Michèl Pyè Lwi a.
Se sa depite Kadouch Granpre a Ig Selesten, ki jwenn li sou menm bit la endike, pandan l fè konnen, diskisyon yo ap rapousuiv anndan menm blòk KPSP a, konsètasyon palmantè swadizan pwogresis yo pou ranfòse tandans sa anfavè premye minis deziyen an, ki selon Ig Selesten, manzè Michèl Pyè Lwi, se moun ki gen kapasite ak konpetans lan pou rinde peyi a soti nan sitirasyon gravman grav l ap kòlte jounen jodya.
Manzè Pyè Lwi gen plizyè lanne denpi l ap dirije yon O.N.G. ki rele Fokal, k ap egzekite plan gwo peyi rich sousèt yo anndan peyi a. Nan sans sa anpil nan òganizasyon swadizan popilè abitye al flate manzè Pyè Lwi pou l siyen ti pwojè sove grangou anvavè yo. Gen anpil nan responsab òganizasyon raketè sayo, ki jodya gen kòstim palmantè swadizan pwogresis sou do yo. |
Lesefrape ant chofè ak pasaje lakòz pri gaz la ki monte wo bibit
Desizyon degrenn dwat otorite peyi dayiti yo ak anadip ki se asosyasyon nasyonal distribitè pwodi petwolye yo pran pou monte pri gaz la sou mache a, soulve anpil reyaksyon bò kote plizyè chofè kamyonèt ak pasaje nan vil Okap, yon sitirasyon ki lakòz divès chofè ak pasaje oblije rantre nan bouch louvri, paske pi fò nan yo pa kapab bay 7 goud chofè kamyonèt yo mande a nan vil okap.
Nan sans sa chofè kamyonèt sila yo mande otorite konsènen yo, pou pran desizyon bese pri gaz la ki twò chè anndan peyi a, sa ki deja lakòz pri pwodi yo vin pi chè pase jan sitirasyon an deja mangonmen nan dengonn popilasyon an. |
Malfeltè kidnapè kraze rak pou kite prizon paswa kafou a
Gen apeprè 16 prizonye ki te rive mete zèl nan pye yo nan prizon sivil kafou a lannwit dimanch pou louvri lendi 30 jen 2008 la.
Ensidan sa te rive lakòz prizonye yo te siye pòt prizon an pou te chape poul yo Lapolis te rive poze grapen sou 3 nan yo, alòske gen 13 ki rive kraze rak.
Pami 13 sovadò yo gen kèk ladan yo ki akize nan asosyasyon malfektè, vòl ak zam ak sazinay.
Pòtvwa PNH la Frands Lèbou fè konnen gen yon ankèt ki louvri yon mannyè pou fè limyè sou dosye sa a.
Depite Esdras Fabyen fè konnen pami moun ki sove yo gen plizyè gwo bandi tankou Soni Batis ak Giyòm Laflè ki ta gen men yo tranpe nan zak sazinay sou Natacha Kèbi Desous. Esdras Fabyen deklare se fason prizon an konstri a ki lakòz sitirasyon an. |
Pati Popilè Nasyonal (P.P.N.)
NÒT POU LAPRÈS 29 Jen 2008
Annatandan pati popilè nasyonal PPN bay yon konferans pou laprès pou l fè limyè sou gwo evènman ki pase nan Sen Rafayèl jou ki te vandredi 27 jen 2008 la, kote 2 jounalis Ayiti Pwogrè, enpi ki se manm direksyon PPN jwenn lanmò yo.
PPN ap mete tout moun an gad, patikilyèman près la, kont machin dezenfòmasyon ki mete l an mouvman, ki ta vle taye yon bonèt pou mete sou tèt PPN, konsa yo ka kouvri konplisite yo nan zak sazinay 2 kamarad sayo ki se : Prad Remi Jan Vènè alyas Pèd, administratè jounal Ayiti Pwogrè enpi manm biwo politik PPN, ak Adriyen Michèl ki te korèspondan Nò, enpi manm biwo politik PPN.
Dapre premye enfòmasyon nou rive jwenn, gen yon swadizan atak ki te fèt kont yon kès popilè ki chita nan Sen Rafayèl enpi ki rele « Fratènite Kès Popilè » nan dat 27 jen, pandan 2 militan sayo te nan zòn Nò… a, nan kad travay mobilizasyon pati a pou pwochèn eleksyon senatoryal yo.
Ki gwoup zenglendo ki òganize atak sou kès popilè Sen rafayèl la ? Kilès ki lonje dwèt sou 2 militan sayo pou fè kwè yo te nan ekip zenglendo a enpi pwovoke lenchaj yo sou plas ? Se tout kesyon sayo ki pou eklèsi.
PPN ap egzije otorite yo mennen yon ankèt tout bon, pou laverite ka blayi enpi jwenn rèsponsab krim sayo.
Nou p ap nan « lankèt sepousui » nan ka sa a. Nou konnen fòs fè nwa yo vle simen dèy pou kranponnen manm PPN enpi gen lòt sektè k ap ede yo kreye konfizyon ak vye rimè ak dezenfòmasyon.
Pou biwo politik pati popilè nasyonal PPN
Jòj Onora Sekretè jeneral adjwen |
Senatè Youri Latòti reklame retou lame dayiti...
Premye senatè Latibonit lan Youri Latòti bay 3 kondisyon pou l kapab vote chwa manzè Michèl Divivye Pyè Lwi a tankou : mete kanpe enfrastrikti kididonk wout, elektrisite, elatriye, ki plis pra l sèvi enterè klas gran posedan yo, tankou boujwa, grandon, etranje yo, ak relanse swadozan pwodiksyon nasyonal la enpi mete kanpe yon fòs lame dayiti sou menm modèl ak ansyen an k ap vin fè koudeta pou toufounen, kraze zo, masakre pèp la pou defann enterè gwo peyi rich sousèt yo.
Premye senatè latibonit lan deklare, palman an pa gen dwa bloke premye minis deziyen an sitapòz pyès li kòrèk kididonk dapre Youri Latòti, menm lè deklarasyon politik jeneral manzè Michèl pa bon pou pèp la, palman an dwe vote l kòm premye minis.
Pou senatè repiblik la tout moun konstate 2 dènye lane ki sot pase yo montre aklè polis nasyonal la ki nan jan l ap fonksyone byen souvan fè pèp la sonje ansyen lame makout la.
N ap fè sonje premye senatè latibonit lan Youri Latòti, yon ansyen manb lame dayiti, fè deklarasyon sayo nan finisman semèn pase a pandan yon boukantay pawoli li te genyen ak manm pati politik tradisyonèl li a Latibonit an aksyon sou oryantasyon pati a. |
Premye senatè Nòdwès la mande chèf leta gade m nan je pran pasyans lan Rene Gasya Preval pou l pran bonjan mezi pou pèmèt popilasyon an fè faskare ak pri gaz la ki pa sispann monte malgre avantaj bab ak moustach pouvwa okipasyon Rene Gasya Preval la jwenn bò kote peyi Venezyela nan kad akò petrokaribe a
Evalyè Boplan deklare, yon sitirasyon konsa, kapab gen gwo konsekans sou kondisyon lavi pèp ayisyen an.
Sou bò pa l, prezidan sena repiblik la Keli C.Basyen di se devwa leta pou kreye travay enpi pran lòt desizyon yon mannyè pou popilasyon an rale yon souf anfas pri gaz la k ap kontinye monte disèt otè. Keli Basyen ki te kontinye pale, fè remake ogmantasyon pri gaz la gen move konsekans sou transpò piblik la enpi sou lavi popilasyon an. |
Prizonye asasen Jera Diwozye mouri anvan asiz kriminèl yo nan vil pòdpè
Nan Pòdepè yon prizonye, Jera Diwozye 36 lane tonbe mouri maten vandredi 27 jen 2008 la, lakòz yon kriz kadyak dapre responsab sèvis medikal APENA, nan moman l t ap pare l pou l te retounen anndan selil li apre l te fin benyen, selon enfòmasyon jij depè Jan Matye Dòvilis ki t al fè konsta legal kadav prizonye a.
Jera Diwozye te akize kòm moun ki te retire lavi madam Merin Dimèfis. Li te rantre nan prizon sivil Pòdepè a nan dat 26 oktòb 2007 pase a, enpi li t ap gen pou jije nan dat 13 jiyè 2008 k ap vini la nan kad asiz kriminèl ak asistans jiri yo k ap dewoule nan tribinal sivil pòdepè a nan mwa jiyè 2008 la. |
Netwayaj jij kòwonpi nan aparèy jistis depatman sid la
Yon delegasyon ministè lajistis ak polis nasyonal la te debake nan depatman sid la vandredi 27 jen 2008 la.
Bi delegasyon an, se te revoke mèt Andre Milyen kòm dwayen tribinal premye enstans vil okay , enpi enstale mèt Ezekyèl Vaval kòm dwayen pou yon ti bout tan ak mèt Jòj Jilyen kòm komisè gouvènman pou yon ti bout tan nan plas mèt Ejèn Yasent.
Sekretè leta pou swadizan refòm jistis la Danyèl Jan fè konnen prezans yo nan depatman sid la se te pou montre aklè yo p ap mache ak dilè dwòg, pandan l swete nouvo rèsponsab yo pran nòt.
Sou bò pa l, mèt Jòj Jilyen di l deside batay kont kòripsyon ak kesyon dwòg, pandan l mande soutyen kolaboratè l yo.
Delegasyon sa te gen ladan l sekretè leta ak sekirite piblik la Lik Echè Jozèf, sekretè leta pou refòm jistis la Danyèl Jan, direktè jeneral PNH la Maryo Andresòl.
Pou konnyè a tribinal premye enstans vil la pa gen jij denstriksyon, kote sèl jij kite genyen an pase kòm nouvo dwayen. |
Gwo dife pete nan machefè vil okay, plizyè ti komèsan pèdi machandiz yo
Yon gwo dife te pete nan machefè vil okay la lannuit vandredi 27 jen 2008 la.
Dife sa pèsonn moun pa t konn orijin li te boule yon bon pati nan mache a san konte machandiz plizyè milye ti komèsan ki te pase anba flanm dife.
Apre kèk èdtan yon ekip sapè ponpye te vini yon fason pou wè kòman yo te kapab tenyen dife a, men gen plizyè machandiz ti komèsan ki te deja kankannen anba flanm dife a.
Vòlè te pwofite pran woulib sou dife sa pou te pote ale machandiz komèsan yo.
Swadizan ankètk ap mennen pou konnen èske se yon men kriminèl ki ta dèyè ensandi sila. |
Michèl Divivye Pyè Lwi, nan kalfou moralite anvan l rantre nan papòt primati a
Prezidan sena repiblik la Keli C.Basyen anonse y ap fòme komisyon k ap gen pou analize pyès madam Divivye Michèl Pyè Lwi a, nan pwochen seyans k ap gen pou fèt madi premye jiyè 2008 k ap vini la.
Palmantè a di li pa konprann mache trennen ki genyen nan pwosesis ratifikasyon nouvo premye minis deziyen an.
Prezidan sena repiblik la rete kwè se bon negosyasyon, kivledi bon kout kòb anba tab ak pwomès djòb, k ap pèmèt Michèl Pyè Lwi pase pou jan tansyon an ap evolye nan sena repiblik la.
Sou bò pa l senatè Evalyè Boplan di l konte anpil sou moralite pèsonalite ki ta vle okipe pòs premye minis lan, paske rimè pèsistan ta fè konnen premye minis deziiyen an ta yon omoseksyèl, kidonk lèsbyèn ou byen madivinèz.
Nan sans sa, premye senatè Nòdwès la poze tèt li kesyon pou di èske chèf leta Rene Gasya Preval te reflechi byen sou aspè moralite a anvan l te chwazi Michèl Pyè Lwi a.
Palmantè a pwopoze pou bare lawont ak tout moun ki ta gen dout ki pandye sou moralite yo.
Evalyè Boplan di l swete kandida pou pòs premati a louvri pòt dyalòg li gran louvri bay tout sektè yon mannyè pou pèmèt peyi a vanse. |
Asiz kriminèl san asistans jiri preliminè nan vil okap
Nan kad dosye asiz kriminèl san asistans jiri preliminè yo ki t ap dewoule soti 17 pou rive 26 jen 2008 la nan vil Okap, lajistis kase fèy kouvrisa nan okap te tande 8 ka pami 18 moun otorite jidisyè yo akize.
Pami 18 akize sila yo genyen 11 nan yo ki kondane enpi 3 jwenn liberasyon, gen yon lòt desizyon 25 jen 2008 la ki ponkò rann.
Pifò nan akize sila yo, lajistis te tande moun sayo sou 6 seri akizasyon : asosyasyon malfektè, vòl kalifyè, trafik dwòg, moun ki blese lòt moun ki lakòz lanmò l, anlèvman ou byen moun k ap fè zak kidnaping.
Dapre komisè gouvènman an, Klèsyas Selansye, mezi sila yo pran nan aparèy lajistis kase fèy kouvrisa, se nan lide pou konbat kantite prizonye ki kontinye ap koupi nan prizon sivil okap la.
Dapre komisè Klèsyas Selansye, apre tribinal kriminèl te fin tande 5 moun lajistis nan vil okap te akize kòm moun k ap fè zak anlèvman kididonk kidnaping, 4 nan yo te kondane pou yo pase tout rès vi yo nan prizon. Non moun sa yo se :
Renòl Jan Ilè alyas janjan kase wòch, Jefwa Èstil, Fabyen Mondezi, Antwa n Èstil. Kanta pou Filomèn Simeyon li jwenn liberasyon l, paske lajistis pa jwenn prèv kont li, nan kad zak kidnaping ki te fèt sou Pòl Mari Chilè Monpremye, Rozlèn Janbatis, Gabriyèl Gason alyas gwo Gabi.
Antouka chèf pakè vil okap la Klèsyas Selansye lanse yon pinga bay ajan Apena prizon sivil dezyèm vil peyi a, pou yo pran rèsponsablite yo nan men, paske yo plase pou siveye moun ki nan prizon an.
Mèt Klèsyas Selansye fè konnen nenpòt lè ta genyen yon envazyon ki fèt nan prizon an, swa pou yon enterè ou byen neglijans ajan Apena yo ou byen ajan ki t ap travay jou sayo ap gen pou vin reponn kesyon lajistis menm jan 3 ajan ki lakòz 6 bandi kite prizon vil okap la pra l peye jounen jodya.
|
Senatè Woudi Erivo pa deside vann vòt li a bay manzè Michèl Divivye Pyè Lwi pou degouden
Senatè lwès anba banyè fanmiy lavalas la Woudi Erivo bay kondisyon pa l pou l vote pou Michèl Pyè Lwi fas ak yon tèt chaje li di l genyen.
Dapre palmantè a, premye minis deziyen an dwe eksplike kòmsadwa ki plan li genyen pou pote yon solisyon nan pwoblèm ensekirite a, enpi pozisyon l genyen parapòt ak privatizasyon antrepriz leta yo, pouvwa Aleksi Preval la deja tanmen aplike danble anndan peyi a.
Dezyèm senatè lwès la di premye minis deziyen an ap jwenn vòt li si l montre li gen otorite kididonk li pa yon chèf rèstavèk pou trete dosye sayo. |
Mobilizasyon nan dengonn gouvènman ayisyen an jwenn ankourajman nan men responsab pouvwa egzekitif la
Malgre avantaj bab ak moustach pouvwa Rene Gasya Preval la jwenn bò kote chèf leta pwogresis Venezyelyen an Ougo Chavèz nan kad akò petro karibe a, sa pa anpeche pri gaz la monte yon lòt fwa ankò nan ponp yo.
Gazolin 95 lan ki te nan 217 goud pase nan 230 goud, gazolin 91 lan ki te nan 213 goud pase nan 235 goud, gazòy lan ki te nan 152 goud, pase nan 171 goud.
Kewozèn lan kidonk gaz blan an ki t ap vann 151 goud monte nan 168 goud.
Nouvo pri sayo ta dwe kòmanse aplike jedi 26 jen 2008 la dapre rèsponsab ministè ekonomi ak finans.
Sitirasyon sa tanmen lakòz gwo pale anpil nan mitan chofè machin k ap fè jimnastik tout lajounen dèyè yon bwa volan pou bat ak lavi ansanm ak pasaje, ti malere, komèsan nan vil tankou andeyò ki malgre tout sakrifis ponkò janm ka jwenn kote lavi fè kwen.
Ogmantasyon pri gaz la rive apre chèf leta “gade m nan je pran pasyans” lan Rene Gasya Preval la te pran desizyon pou l pa kontinye sibvansyone gaz la ak pretèks kès leta ayisyen fè yon defisi plizyè milyon goud.
Yon desizyon Mouvman Revolisyonè Ayisyen (M.R.A.) te kondane nan yon nòt li te pibliye, kote l te relate tout move konsekans anplis yon desizyon konsa pra l genyen sou lavichè kloròks, asid batri a, pèp la te toujou ap tann yon lòt premye minis vin amelyore. Antouka li klè pou tout moun, lespwa sa tounen dezespwa puiske dirijan ayisyen yo pwouve nan konpòtman yo, pa gen okenn jefò yo deside fè pou pèmèt pèp la ta menm rive rale yon souf.
Se nan moman kote anpil malere, malerèz ap reflechi, ap frape tèt yo tribò babò poutèt yo pa wè kijan yo pra l voye pitit yo lekòl, pri gaz ak pri transpò a remontè.
Nan ka sa, li klè se prezidan gade m nan je pran pasyans lan li menm ki bay siyal la pou mobilizasyon san pran souf kont gouvènman an redemare. |
Responsab lajistis kase-fèy-kouvri-sa nan vil fòlibète a resevwa gwo magogo lajan pou fè mannigans nan dosye ansyen palmantè dasomann etranje a, Woudòlf Boulòs
Dapre majò jon Fizyon sosyo demokrat yo, tribinal premye enstans Fòlibète a bay ansyen senatè dasomann etranje Woudòlf Boulòs jistis, lè l deside voye jete rezolisyon sena repiblik la te pran nan dat 18 mas 2008 pase a, sou dosye Woudòlf Boulòs la.
Viktò Benwa ki pètèt ta santi l sou tèt pouvwa egzekitif ak pouvwa lejislatif la mande pouvwa leta yo rèspèkte desizyon sa a.
ajò jon Fizyon an di egzekisyon swadizan jijman sa pra l yon siy rèspè pou vòt sitwayen Nòdès yo.
Sou bò pa l, prezidan sena repiblik la Keli C.Basyen te deklare , yon desizyon lajistis kase fèy kouvrisa pran pa kapab anile yon rezolisyon chanm sena a pran, men avoka Woudòlf Boulòs la mèt Samyèl Madisten reponn pou di se pa vre ; sèlmam yon akt lejislatif kididonk lwa, yon moun pa kapab atake lajistis.
Lè yo te poze l kesyon pou konnen si kòmkwa Woudòlf Boulòs ap retounen vin kantonnen l anfas pèp la nan palman an, mèt Madisten te reponn li pa gen dout sou sa.
Se nan dat 18 mas 2008 pase a, asanble senatè yo te pran rezolisyon pou mete ansyen senatè dasomann etranje Woudòlf Boulòs manb pati politik tradisyonèl Fizyon ak Iltimo Konpè pou Lespwa deyò nan sena repiblik la kòmkwa yo ta gen 2 nasyonalite.
Nan sans sa, plizyè depite ki byen pètèt se dasomann etranje k ap touche sou do pèp la ki reyaji.
Bò kote yon lòt konpayèl Woudòlf Boulòs, depite woulibè machann peyi Gi Jera Jòj fè konnen lajistis kase fèy kouvrisa pa ta dwe mete an kesyon yon desizyon sena repiblik la fin pran.
Pou palmantè Inyon an desizyon tribinal fòlibète a pa kanpe sou anyen. |
Depite dasomann etranje anvayi palman ayisyen an
Pou sa ki konsènen 2 nasyonalite a, annatandan komisyon k ap mennen ankèt sou dosye kèk palmantè nan chanm depite a, gen bonjan prèv ki montre gen 2 depite ki gen paspò meriken nan palman an.
Depite Lik Senvil ak Gi Jera Jòj fè konnen menm si non depite sa yo ponkò pibliye, yo pa p tolere 2 palmantè sayo nan nivo chanm depite a ankò.
Palmantè yo di 2 depite sayo k ap fonksyone ak paspò meriken, ta dwe gentan mare pakèt yo menm anvan komisyon an pibliye rapò l. |
Federasyon pwotestan peyi dayiti, manifèste anpil enkyetid sou chwa fanm premye minis deziyen an
Federasyon pwotestan peyi dayiti di l swete yo founi je gade si pyès lòt premye minis deziyen an kòrèk.
Prezidan Federasyon an di li gen lespwa palmantè yo pra l trete dosye Michèl Pyè Lwi a ak anpil transparans.
Silven Egzantis kwè li enpòtan pou lòt premye minis deziyen an di kilès moun li ye, yon mannyè pou kominote pwotestan an wè sa l kapab pote kòm moral nan sosyete a.
Rimè ta fè konnen Michèl Divivye Pyè Lwi ta yon fanm lèsbyèn, kivledi madivinèz, enpi ta gen ti pwoblèm nan dokiman l dwe prezante nan palman an. |
Konfimasyon revokasyon komisè gouvènman okay la, mèt Ejèn Yasent...
Sekretè leta ak sekirite piblik la Lik Echè Jozèf konfime revokasyon komisè gouvènman okay la ak tout sibstiti a.
Lik Echè Jozèf fè konnen mèt Ejèn Yasent jwenn revokasyon l lakòz li pa t byen trete divès dosye moun ki akize kòmkwa msye te pran kèk kout kòb anba tab pou te pase lajistis anba pye l malgre jefò li di egzekitif la fè pou bay lapolis ak lajistis kase fèy kouvrisa bonjan mwayen.
Sekretè leta a anonse lòt chanjman ministè jistis kase fèy kouvrisa prevwa fè pa twò lontan. Jij Kenòl Èstenvil li menm tou rese vwa lèt revokasyon l, ministè a akize jij la kòmkwa li ta jere rapò ak divès moun ki arete pou krim ak deli dwa komen yo trè mal, yon enfòmasyon jij la voye jete. |
Egzamen ofisyèl bakaloreya yo bout san gran ensidan nan vil okap
Se jounen jedi 26 jen 2008 la, egzamen ofisyèl ki t ap fèt pou reto ak klas tèminal yo bout pou lane akademik 2007-2008 la, kote anpil nan kandida sila yo deja anonse reyisit yo, puiske dapre sa yo fè konnen egzamen sayo pa t twò difisil paske tout sa yo te wè nan pwogram lan, se li menm yo bay nan egzamen yo.
Kivledi dapre kandida sa yo Radyo Atlantik te rankontre, se posib pou genyen anpil kandida ki pase nan egzamen ofisyèl la pou lane sila.
Elèv yo swete rèsponsab leta peyi dayiti yo pran desizyon pou konstri bonjan inivèsite pou jèn sila yo ki se avni peyi a, yon fason pou yo kapab itil sosyete a pou se pa domino jèn yo ap jwe tout jounen. |
RÈSPÈKTE !!!! : SE MODÒD RAPÈ BARIKAD YO
AKSIDAN OU BYEN KRIM LACH ? BARIKAD KWOU AP RETE VIVAN
Disparisyon dramatik plizyè lidè gwoup Rap ayisyen an Barikad, simen dèy nan kè jenès ayisyen an. Kesyon anpil moun t ap poze:
1- Kòman nou kapab eksplike lanmò lidè gwoup Barikad yo.
2- Poukisa jenès la anbrase mouvman Rap kreyòl, Rap ayisyen an.
3- Enpi poukisa sektè reyaksyonè yo tante jete diskredi sou gwoup Barikad?
Kòman nou kapab eksplike lanmò lidè gwoup Barikad yo?
Lè la reyaksyon santi l menase toutbon, li itilize 2 taktik. Ou byen l eseye achte konsyans lidè ki pa gen konviksyon, ou byen l sazinen lidè yo.
Lanmò lidè gwoup Barikad yo pa sèlman sispèk. Lè nou analize tout tèks gwoup Barikad yo, nou konprann manb gwoup la pa aksepte vann konsyans yo. Yo kwè ak bit yo, ak pawòl angaje yo, yo kapab rive reveye jenès peyi a, ki se nanm peyi a.
Lanmò brital sa, kote yo fè moun kwè mizisyen yo mouri kankannen san yo pa ka rive rekonstitiye kadav kò yo, pa klè, ni l pa yon aksidan tout bon vre.
Yo di mizisyen yo te sou, yo di machin yo frape poto elektrik enpi machin nan kankannen ak fil ot tansyon. Tout sa se manti.
Mizisyen yo mouri ak zak teworism leta. Ta sanble se yon kò èspesyal nan polis nasyonal la, ansanm ak misyon destabilizasyon peyi dayiti, ki sazinen mizisyen yo, enpi yo kankannen machin ak kadav kò yo.
Lè yo te vle fè moun kwè mizisyen yo konn patisipe nan dosye ki pa dwat, tout moun wè se manti, paske poukisa prezidan, ak minis achte kat byen chè pou yo vin chita nan tribin ofisyèl nan lantèman rapè yo?.
Yon konplo byen monte pou touye yon rèv, pou frennen yon lide.
Poukisa jenès la anbrase Mouvman Rap Ayisyen an, Rap Kreyòl la?.
Jenès ayisyèn lan ap chèche modèl. Li pa jwenn bon modèl nan klas politik tradisyonèl la, jenès la pa jwenn bon modèl pami silayo ki ta dwe sèvi gid nan yon sosyete k ap deperi.
Yo jwenn move modèl lidè relijye kòwonpi, raketè, palmantè woulibè machann peyi, prezidan « pran pasyans gade m nan je » minis ak direktè jeneral, gran fonksyonè leta ki gen dwèt long siperyè enpi ki tranpe nan tout kalte zak kòripsyon.
Li vin nòmal pou jenès la anbrase lide ki kreye lespwa, lide ki reklame chanjman. Se lide sayo jenès la jwenn nan mizik Barikad yo.
Mizik Barikad yo fè pwomosyon pou valè nasyonalis yo, pou kilti peyi a, yo chante peyi dayiti, yo denonse okipasyon teritwa a, ak sektè reyaksyonè yo ki responsab mizè ak imilyasyon pèp ayisyen an, yo pa danse kole ak babilòn ki osèvis la reyaksyon. Mouvman Rap Ayisyen an pote korèksyon pa l nan gran mouvman altèmondyalis ki rele IP-ÒP - RAP la, pou yo adapte l ak reyalite sosyal ak kilti pèp ayisyen an.Mouvman Rap Ayisyen an, reprezante yon fòm defoulman, yon mwayen rezistans pou jenès la ki santi.
lavni l poteke, men ki kwè nan posiblite chanjman si gen inite pou kase batay la.
Poukisa sektè reyaksyonè yo tante jete diskredi sou gwoup Barikad?.
Tout moun kapab konprann konnyè a poukisa sektè reyaksyonè yo vle jete diskredi sou gwoup Barikad ki sèmante y ap drese Barikad kont tout barikad ak divizyon lareyaksyon ap simen nan mitan popilasyon an.
Lè tout jenès la temwaye respè li genyen pou mizisyen Barikad yo, sa simen lapèrèz nan kan lènmi mas yo ki pa vle jenès la adòpte bonjan modèl. Enpi se siy mouvman rap ayisyen an gen yon vizyon chanjman sosyete a. Lènmi mas la gen kè yo sou biskèt, paske yo pa swete Rap la pran tèt gran mouvman pwotèstasyon kont abi popilasyon an ap sibi. Sa raple nou gran mouvman pwotèstasyon ki te soufle atravè lemondantye nan mwa me lanne 1968, kote jenès la te pran responsablite l, enpi l te fòse reyaksyonè yo fè bak sou pwojè lanmò popilasyon pòv yo.
Dezòmè Barikad tounen « MARTYR ». Nou panse ankèt sou veritab kòz lanmò mizisyen Barikad yo pa p janm bout.
Tout Barikadis yo, tout rapè ayisyen yo, pa dwe dekouraje.
Plizyè ekip Repòtè Radyo Atlantik, te fè deplasman pou al kouvri evènman lantèman lidè gwoup BARIKAD yo. Anpil temwen pale, anpil gran vedèt ayisyen eksprime opinyon yo.
Repòtè radyo atlantik yo pat sèlman pran son, yo te pran imaj tou. Genyen yon albòm pou pi piti 67 foto divès faz krim lan sou sit atlantik la.
Nan repòtaj la nou kapab remake pwen sila yo ki dwe atire atansyon nou:
POU LISTWA LANMÒ KATAFAL, DAD, DEJAVOU TOUJOU RETE VIVAN…
Gen yonn nan foto yo, w ap wè yon anana ki rete tou fre, ki pa brile, alòske kakas machin lan detri brile fè chabon nèt. Anana sa te twouve l anndan machin rapè yo, anvan krim lan.
Genyen foto moun ki konplis krim lan..
Nan foto yo, ou kapab remake yon fil ki soti anlè pou abouti sou kakas machin lan. Se pa fil ot tansyon l ye vre. Se yon fil yo rele gay ki kenbe poto limyè yo. Kote machin lan ye a, fil ot tansyon an rete entak, kote l te toujou ye a.
Anpil temwen rapòte, machin lan pa t ap fè okenn eksè vitès.
Yon krim. Malerèzman, blije gen kase-fèy-kouvri-sa, pou bagay la pa gate.
Tout medya nan pòtoprens te derefize kite rapè ki soti nan geto yo eksprime endiyasyon yo. Se sèl Radyo Atlantik ki te louvri mikwo l bay rapè krache kòlè yo….
Pou listwa Lanmò Katafal, Dad, Dejavou toujou rete vivan….
Mouvman Rap Kreyòl la, rap ayisyen an nan dèy pou kèk tan. Men, Barikad p ap janm mouri. Barikad ap toujou rete vivan. Lanmò sa kapab sèvi siman pou kontinye soude Mouvman Rap Ayisyen an. Se yon krim lach, ki pa dwe demobilize lòt gwoup Rap yo, ki oblije kontinye travay konsyantizasyonn jenès la ki dwe prepare l pou l vin pran larelèv.
Anbil barikad drese sou wout liberasyon pèp la. Nèg ak nègès geto deja janbe plizyè barikad…. Pa dekouraje…
Viktwa final , se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki p a p janm sispann batay.
Mouvman Revolisyonè Ayisyen M.R.A. |
Jan Eli Melè, alyas ti Eli anba grapen lapolis
Ajan PNH yo nan kapital peyi a poze grapen apremidi madi 24 jen 2008 la nan Dèlma II sou yon bandi tout moun konnen sou non Jan Eli Melè alyas Ti Eli.
Arestasyon sa te rive posib apre biwo siveye rapòte DCPJ a te fin mete okouran komisarya Pòtoprens lan sou prezans ti Eli nan zòn dèlma II.
Ti Eli pou konnyè a ap resevwa swen lakòz li te blese nan pye , nan moman l t ap fè rezistans ak lapolis.
Sepandan dapre komisè polis Pòtoprens lan, Jan Eli Melè t ap opere nan zòn kwadèboukè pi èspesyalman Meyè enpi li ta gen men l tranpe nan plizyè zak dappiyanp pami yo dappiyanp ki te fèt sou komisè Mikèlanj Jedeyon. |
Delege defakto depatman nò a Jòjmen Pwofèt fèmen baryè lè kabrit fin pase
Delege defakto depatmantal nò a, boutofen pran desizyon pou entèdi moun vann fè nan depatman an lakòz divès boulèt kanno kolonyal ki disparèt nan plizyè fò nan rejyon an.
Delege defakto a Jòjmen Pwofèt fè konnen lapolis ap arete tout moun ki ta kouche anba kont desizyon sila a.
N ap fè remake, delege a te ankò nan pòs li nan moman pyès kanno sa yo t ap disparèt enpi l te toujou la tou nan moman yo t ap ranmase fè k te konstri izin wèlch la ak ray tren ki te konn pase lontan nan zòn bwadlans, tandiske se jodya li chwazi mete entèdiksyon sa kidonk msye dakò pou l rele « Fèmen baryè lè kabrit fin pase ». |
Anpil dega materyèl apre gwo lapli nan vil gonayiv
Gwo lapli ki t ap tonbe denpi apeprè 2 zè nan apremidi nan vil gonayiv jounen madi 24 jen 2008 la te inonde pi fò kay ak ri nan vil gonayiv.
Se ak anpil tristès moun te kapab wè ak 2 nawè yo kijan dlo t ap anvayi kay popilasyon an lakòz travay kanal k ap fèt denpi 2 lane edmi apre pasaj siklòn Ja n lan, ki pa janm bout.
Li te 4 trè nan apremidi lè lapli a t ap kontinye tonbe.
Yon sitirasyon ki vin non sèlman ogmante laperèz popilasyon an lè yo sonje sa ki te pase nan vil la, nan epòk siklòn Ja n lan, men ki vin mete tou abse sou klou douvan sitirasyon difisil moun yo te deja ap viv sitou ak grangou kloròks asid batri a mete sou antre lekòl la ki pa lwen.
Sou bò pa l direksyon depatmantal jesyon risk ak dezas la te di se yon ond twopikal ki t ap pase sou depatman Latibonit lan, pandan l te mande moun ki abite bò ravin sou tèt mòn yo pou deplase yon fason pou evite yo viktim. |
Milyadè Jòj Sowo, premye minis deziyen nan peyi dayiti
Apre anpil dilatwa trennen pye ki te genyen sou kesyon moun ki ta dwe deziyen kòm premye minis, chèf leta « gade m nan je pran pasyans » lan rive chwazi manzè Michèl Divivye Pyè Lwi kòm premye minis tounèf apre yon rankont li te genyen ak prezidan 2 chanm yo kidonk chanm depite ak chanm sena a.
Si gen palmantè ki yon ti jan ap renka pou di yo pa byen konnen madam lan, kanta prezidan sena repiblik la Keli C. Basyen li kouri deklare, jan l abitye fè sa, chwa Michèl Divivye Pyè Lwi a se yon bon chwa, pandan l di li te wè ak 2 nawè l pyès madam Michèl Pyè Lwi nan palè nasyonal, yo pa gen pwoblèm.
Manzè Michèl Pyè Lwi pa nenpòt ki moun. Se majò jon yon òganizasyon non gouvènmantal ki rele FOKAL, k ap travay denpi plizyè lane nan lakou peyi dayiti nan enterè gwo peyi rich sousèt yo. Moun ki toujou ap finanse madan Michèl Pyè Lwi, se yon milyadè ki rele Jòj Sowo, kididonk chwa madam Michèl Pyè Lwi a se chwa peyi letranje. |
Menm manje ranje a, dasomann etranje Woudòlf Boulòs, menase retounen nan palman ayisyen an ankò. Lajan kase wòch?
Palmantè dasomann etranje Woudòlf Boulòs yo te fin flanke deyò nan sena repiblik la kapab retounen al chita nan chanm sena repiblik la dapre pwòp deklarasyon avoka l mèt Samyèl Madisten.
Nan sans sa, tribinal premye enstans nan Fòlibète ki tabli nan nòdès peyi dayiti rann yon desizyon anfavè ansyen premye senatè depatman nòdès la.
Dapre avoka mouche Boulòs la, mèt Samyèl Madisten ki bliye sa yo rele endepandans 3 pouvwa yo tèlman l kite lajan pran douvan l, se lòt pouvwa yo ki sipoze koube yo anba desizyon sa a.
Kòm reyaksyon, senatè Keli C. Basyen di yon desizyon konsa, lajistis pa dwe mete l an kesyon. Pou senatè Basyen, se sèl yon lòt desizyon asanble senatè yo ki kapab anile yon rezolisyon l te deja adòpte.
Palmantè a di si gen dife boule ant 2 pouvwa, konstitisyon an prevwa entèvansyon yon komisyon konsilyasyon, alòske dapre palmantè a, komisyon sa p ap janm kreye.
Anfas tantativ 2 grenn dwat sa kote yon lòt fwa ankò mannèv ap fèt ak gwo kout kòb pou ta pèmèt palmantè dasomann etranje Wouldòf Boulòs, retounen vin kastonnen l ankò nan figi moun anndan palman ayisyen an, yon demach ki pa danse kole ak manman lwa peyi a.
Enben obsèvatè k ap swiv tout mouvman mannigans di yo pa p brannen sitapòz yon bagay konsa rive fèt puiske selon yo menm, pouvwa gade m nan je, pran pasyans Rene Gasya Preval la anbrase pandan yon pati nan manda l la, pawòl grandèt yo souvan ap repete nan peyi dayiti ki di « Lajan kase wòch » |
Mikwòb ki rele palmantè dasomann etranje, enfèkte chanm depite ayisyen an
Plizyè depite nan 48tyèm lejislati a ap sikile ak paspò letranje, dapre deklarasyon depite Asèn Dyejis.
Prezidan komisyon ki gen rèsponsablite pou mennen ankèt sou nasyonalite palmantè yo, pwomèt pou l renmèt rapò l la bay biwo a sou dosye sa kote l mete anpil kaka chat nan lari, enpi se biwo a sou bò pa l ki pra l pran pwòp desizyon l.
Asèn Dyejis fè konnen tout depite dasomann etranje yo ap blije rache manyòk yo bay chanm lan blanch. |
Mèt Ejèn Yasent revoke pou dwèt long siperyè ak move zafè
Komisè gouvènman Okay la mèt Ejèn Yasent resevwa lèt revokasyon l pou move zafè.
Ministè lajistis kase fèy kouvrisa pran desizyon sa lakòz mèt Yasent te lage kèk endividi ki ta gen men yo tranpe nan tou kalte move trafik, sètènman apre mèt la te fin resevwa lo kòb pa li.
Yon desizyon ki dapre IFADES yon òganizasyon ki pretann l ap defann dwa sitwayen nan zòn nan fèt ak anpil emosyon, men mèt antoni Jedeyon di, se ta yon dekourajman pou tout pwofesyonèl si revokasyon sa ta gen politik dèyè l. |
Popilasyon seksyon kominal basenble bay tèt li jistis
Popilasyon dezyèm seksyon kominal Basenble a rache ak kout manchèt nan finisman semèn ki sot pase a yon vòlè ki gen 27 rekòt kafe sou tèt li.
Walkè Jan te gen akizasyon sou do l poutèt li ta rinde 2 lòt endividi piye yon kanbis nan zòn nan.
Lapolis te debake enpi arete yonn nan endividi yo tandiske twazyèm lan te gentan chape poul li. |
Majistra lavalas nan vil okap pran pretèks maladi grip bèt volay pou l jete chodyè manje ti malerèz ki fè komès « chen janbe » manje kuit, pou fè levasyon pitit yo...
Mikwòb ki bay maladi bèt volay yo ki rele maladi grip avyè a kontinye ap fè aktyalite nan depatman nò peyi a, kote katèl majistra lavalas la deja pran douvan nan mache sezi chodyè machann manje kuit yo ak machann poul yo nan vil okap, san yo pa menm konnen ki sa ki rele maladi grip avyè a.
Dapre doktè Kawòl Antwa n gen anpil kondisyon ki ta dwe reyini pou moun ta rive trape maladi grip avyè a nan peyi dayiti. Men sepandan direksyon sante piblik nan depatman nò a, ponkò resevwa okenn ka konsa nan biwo depatmantal la.
Doktè Kawòl Antwa n fè konnen se pa nesesèman poul blanch k ap soti dominikani yo ki bay mikwòb grip avyè, pito se yon seri bèt volay ki soti nan plizyè peyi byen lwen ki pote mikwòb la, kididonk nenpòt bèt volay kapab pote maladi sila nan peyi a.
Dapre direktè pwovizwa sante piblik la nan depatman nò a Kawòl Antwa n, li nesesè pou tout otorite egzekitif yo pran desizyon pou pwoteje popilasyon an, men sepandan l rete kwè se pa nan yon poul ki kapab bouyi moun kapab pran maladi grip avyè a, puiske se nan vwa respiratwa bèt volay yo mikwòb la gaye, kidonk se yon maladi ki atrapan.
Doktè Kawòl Antwa n mande popilasyon an pou l pa panike douvan enfòmasyon degrenn dwat k ap sikile nan bouch sèten otorite ki vle fè tèt yo pase kòm papa bon kè, ki deja retounen ap pèsekite ti komèsan yo. |
Yon sitwayen komin tomasik mouri rache ak kout manchèt
Malere, malerèz k ap reziste anba pataswèl move lavi nan Lagonès ki chouke nan premye seksyon kominal Tomasik, leve jwenn nan finisman semèn pase a yon sitwayen kanton an, mouche Limennès Jozèf, ki mouri rache ak kout manchèt.
Otorite lajistis kase fèy kouvrisa yo ki t al fè konsta ak lapolis te fè 4 arestasyon.
Nan deklarasyon l fè, komisè gouvènman tribinal sivil Ench lan Michlè Jan Rene fè konnen endividi sayo deja dèyè bawo prizon pou reponn kesyon lajistis.
Jij depè komin tomasik la ak lapolis drese pwosè vèbal enpi renmèt kadav la bay fanmiy li pou fè lantèman. |
Responsab Elèktrisite Dayiti, E.D.H. nan vil gonayiv,responsab Jezila Piram mouri kankannen nan kouran
Jezila Piram yon jèn fiy 20 rekòt kafe pran wout pou peyi san chapo nan kouran elektrik apremidi dimanch 22 jen 2008 la nan katye pak Vensan ki chouke nan biskèt vil Gonayiv.
Dram sa rive nan lakou kay dam sa ki nouris 7 mwa, nan katye pak Vensan.
Dapre temwayaj manman viktim lan, se plizyè jèn gason ki t ap pran yon priz anba chal nan vwazinaj la yon fason pou yo te gade yon match foutbò ki t ap jwe ant peyi Lespay ak peyi Itali, ki te lage yon fil kouran nan lakou fanmiy Piram. Devènn pou viktim lan, yon fil te tonbe sou li, alòske yon frè l ki t ap beyen nan moman an te sezi enpi voye dlo sou li, enpi se sa k te lakòz li pèdi lavi l.
Tousuit apre dram lan, lapolis ak fòs okipasyon minista te debake nan zòn kote aksidan fèt la, men endividi yo ki te komèt krim lan te gentan mete zèl nan pye yo.
Jezila Piram mouri kite yon ti lèzanj 7 mwa. Antouka, obsèvatè k ap suiv tout mouvman mannigans kwè, se rèsponsab EDH nan vil Gonayiv ki ta lotè lanmò sa puiske se irèsponsablite yo anfas moun ki bezwen sèvis nan sosyete a ki lakòz sa rive. |
Egzamen Bakaloreya tanmen ak dlo nan je nan vil okap
Se jounen lendi 23 jen 2008 la plizyè milye kandida tanmen sibi egzamen pou klas reto ak filo yo nan 4 kwen peyi a.
Dewoulman egzamen sayo tanmen ak anpil dlo nan je lakòz plizyè dizèn kandida ki pa rive jwenn fich pou y al sibi egzamen sayo.
Elèv yo ki pa t konnen ki kote yo gad, te oblije ale nan biwo depatmantal nò ministè levasyon nasyonal la ki te voye yo nan direksyon lekòl yo ki pa t anmezi pou bay yo yon bon rezilta puiske anpil nan lekòl sila yo, se yon seri lekòl bòlèt ki pa menm anrejistre nan ministè levasyon nasyonal, ou byen ki aksepte pran lajan nan men elèv yo menm si yo verifye pyès li, yo wè ak grenn je yo elèv sila pa t reyisi nan klas sizyèn lane fondamantal ak klas nevyèm lane fondamantal.
Elèv sayo malere, malerèz paran yo fin fè san soti nan wòch pou te pèmèt yo t al lekòl, ta rive pèdi tout lane sila, malgre anpil sakrifis paran yo douvan mank rèsponsablite dirijan levasyon nasyonal yo nan peyi dayiti. |
Tout sektè rekonèt valè travay pozitif gwoup Barikad Kwou
Jan sa te prevwa, lantèman 4 sipèsta Barikad kwou yo ak fiyanse papa Katafal la te chante maten samdi 21 jen 2008 la nan kyòs oksid Janti sou channmas.
Nan okazyon an plizyè milye moun ki soti nan divès sektè tankou zanmi, otorite gouvènman, manm nan sosyete sivil la, delegasyon radyo Atlantik ki te soti nan nò peyi a, fanatik Barikad kwou yo te reponn prezan pou vin rann yon dènye omaj bay fanmiy viktim lan.
Sepandan, selebran presipal la pè David Seza nan omeli sikonstans li mande pou travay pozitif mizisyen Barikad kwou yo t ap fè pou pèmèt yon bon chanjman nan sosyete a pa kanpe nan wout.
Pi lwen, pè David Seza te deklare mizisyen Barikad yo mouri men zèv yo p ap janm mouri.
Pami divès pèsonalite ki te pran lapawòl nan sikontans lan te gen minis zafè sosyal la Jan Mari Klod Jèmen ki di l retire chapo l douvan gwo travay gwoup sa t ap fè nan peyi a. Minis lan di gouvènman l lan ap toujou akonpanye manm Barikad yo. èske pawòl minis lan di a se pawòl apre dizè, enpi tou, se ki kalte akonpayman li pra l ye?.
Sou bò pa l, Vedèt entènasyonal la Wiklèf Jan ki li menm te pran lapawòl nan moman seremoni an, te pwofite mande pou gen inite nan mizik ayisyèn nan pandan l te fè yon kout je anneryè pou gade zansèt nou yo tankou Janjak Desalin, Chalmay Peralt, Wozalvo Bobo ak Anri Kristòf. Atis entènasyonal la te preche linyon nan mitan tout sektè anndan peyi a.
Akote plizyè milye moun ki te abiye ak rad nwa ak blan ki te prezan nan fineray la, te gen minis zafè sosyal la, Jan Mari Klod Jèmen, minis jistis kase fèy kouvrisa a, minis kilti jenès ak èspò, minis kondisyon fanm lan Mari Lorans Joslen Lasèg, rèsponsab pati PDCH la ak plizyè atis tankou Jid Jan, Donn Kato, Boukmann eksperyans alyas Banabe, mayestwo Twopikana a, Ti Blan.
Apre lantèman an, fanmiy yo te pran direksyon vil jakmèl ak papa Katafal ak fiyanse l la pou t al antere yo, alòske yo te pran direksyon Leyoga n ak kò Dejavou ak Dad enpi lòt kò yo te antere nan kapital la. |
Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a prèt pou l enstale nan fonksyon l
Konsèy siperyè pouvwa jidisyè a genyen pou konnyè a 9 manb li yo. Nevyèm manb lan se mèt Gistav Farawon ki se dwayen tribinal sivil Gonayiv , Msye te eli maten vandredi 20 jen 2008 la, kòm reprezantan jij tribinal premye enstans Gonayiv.
Se jij ki soti nan plizyè jiridiksyon ki te vote mèt Gistav Farawon. Nan sans sa, dwayen tribinal sivil gonayiv la vin konplete lis gwo potanta ki pra l fè pati CSPJ.
Dapre direktè jeneral ministè lajistis kase fèy kouvrisa a, konsèy sa pra l pèmèt pouvwa jidisyè a granmoun tèt li kòmkwa li pa sou lobedyans pèsonn.
Kontrèman ak jan sa toujou ye jodya enpi se li menm tou ki pra l jere enpi kontwole sistèm lan.
Sou bò pa l, mèt Jozye Pyè Lwi di, demach sa montre volonte otorite konsènen yo genyen pou fè pouvwa jidisyè a vin fò.
Konsèy la ap kontinye jere wòl jij yo nan jiridiksyon yo.
Konsèy siperyè pouvwa jidisyè a gen 9 manb ladan l, lakou kasasyon gen 3 moun ki reprezante l : prezidan an, yon jij ak komisè gouvènman an.
Lakou dapèl, tribinal premye enstans yo, tribinal depè yo ak bawo yo chak gen yon reprezantan.
Minis jistis kase fèy kouvri sa a chwazi yon ofisye ministè piblik nan tribinal premye enstans kòm nevyèm manb.
Antretan, y ap gen pou enstale manm CSPJ yo nan mwa sektanm k ap vini la.
Sou bò pa l, batonye lòd avoka Pòtoprens lan bat bwavo lakontantman pou mèt Gistav Farawon ki eli nan konsèy siperyè pouvwa jidisyè a.
Toutfwa, mèt Neyemi Jozèf prezante dwayen tribinal sivil pòtoprens lan kòm yon moun konpetan enpi ki abitye lite kont kòripsyon nan aparèy jidisyè a.
Antouka, pèp ayisyen an ki ayik ak bèl pawòl sayo k ap repete denpi djab te kaporal pa kwè angajman sa ki pran an pra l pwouve nan zak, sitou lè l rann li kont se sèl jandam okipan yo ki gen lavwa ochapit anndan peyi a enpi se yo menm tou ki genyen vrè kontwòl la sou sa yo rele aparèy lajistis kase fèy kouvrisa a nan peyi dayiti. |
REFLÈKSYON MOUVMAN REVOLISYONÈ AYISYEN (M.R.A.) SOU DISPARISYON FIZIK MIZISYEN GWOUP RAP AYISYEN AN, BARIKAD KWOU
AKSIDAN OU BYEN KRIM LACH ? BARIKAD KWOU AP RETE VIVAN
Disparisyon dramatik plizyè lidè gwoup Rap ayisyen an Barikad, simen dèy nan kè jenès ayisyen an. Kesyon anpil moun ap poze:
1- Nan ki sikonstans gwoup Barikad rive pran nesans
2- Kòman nou kapab eksplike lanmò lidè gwoup Barikad yo
3- Poukisa jenès la anbrase mouvman Rap kreyòl, Rap ayisyen an.
4- Enpi poukisa sektè reyaksyonè yo tante jete diskredi sou gwoup Barikad?
Nan ki sikonstans gwoup Barikad rive pran nesans ?
Nan tout sikonstans kote mas defavorize yo ap sibi move trètman anba klas dominant lan, dezerite yo toujou jwenn yon lòt souf pou yo òganize rezistans, pou yo pa disparèt tankou kout zeklè.
Nou kapab site egzanp revòlt èsklav nan sendomeng ki pra l chanje non pou l vin tounen peyi dayiti, kote divès fòm rezistans te pran nesans nan mitan mas èsklav nwa a pou l rive kase chenn lèsklavaj kolon blan te mete nan kou nan pye ak nan ponyèt èsklav yo.
Divès fòm rezistans yo se mawonaj, se anpwazònman blan yo, se lit ame ki te abouti ak lendepandans peyi dayiti nan lane 1803.
Nan peyi etazini rezistans mas nwa a te pase pa plizyè faz tankou dezobeyisans sivil ak Maten Litèking, san bliye etap lit ame ak Malkòlm Èks, Blak Pantè ak lòt ankò. Se gras ak divès fòm rezistans sayo, gras ak divès barikad sayo nwa yo te travèse, pandan mas nwa a kontinye ap òganize tèt li, ki pèmèt yon Barak Obama, nwa ameriken rive jwenn chans pou l vin tounen premye prezidan nèg nan peyi etazini, kidonk, grenn nèg ki pi pisan sou latè, si toutfwa, si toutfwa, lareyaksyon pa gentan fè l benyen nan pwòp san l anvan, pandan ou byen apre eleksyon l kòm prezidan.
Se nan menm sans adòpsyon divès fòm rezistans mas defavorize atravè lemondantye mouvman RAP, IP-ÒP la rive pran nesans. Sa pa ta dwe etone pèsonn si nan peyi dayiti divès gwoup RAP pran nesans ak yon diskou revolisyonè, k ap denonse kòripsyon imoralite enpi ki pwopoze rezistans aktiv.
Barikad kwou pran nesans nan geto, nan katye pòv.
Sa pa anpeche sektè reyaksyonè yo souvan asimile rapè ak moun ki derasinen. Lareyaksyon santi l nan ensekirite lè mas defavorize òganize tèt yo, enpi lè yo ap veyikile yon diskou ki pa preche reziyasyon.
Kòman nou kapab eksplike lanmò lidè gwoup Barikad yo?
Lè la reyaksyon santi l menase toutbon, li itilize 2 taktik. Ou byen l eseye achte konsyans lidè ki pa gen konviksyon, ou byen l sazinen lidè yo.
Lanmò lidè gwoup Barikad yo sispèk anpil. Lè nou analize tout tèks gwoup Barikad yo, nou konprann manb gwoup la pa aksepte vann konsyans yo. Yo kwè ak bit yo, ak pawòl angaje yo, yo kapab rive reveye jenès peyi a, ki se nanm peyi a.
Lanmò brital sa, kote yo fè moun kwè mizisyen yo mouri kankannen san yo pa ka rive rekonstitiye kadav kò yo, pa sanble klè, ni l pa sanble ak yon aksidan tout bon vre.
Yo di mizisyen yo te sou, yo di machin yo frape poto elektrik enpi machin nan kankannen ak fil ot tansyon.
Men pèsonn pa di yo jwenn enpak bal nan tèt , nan kò viktim yo. Pèsonn pa sipoze petèt machin mizisyen yo te kapab pyeje ak yon bonb ladan l ki te kapab telegide pou l eksploze sou kòmand.
Nan ka sa, nou kapab di, se travay ekspè entènasyonal, ou byen nasyonal. Nou te kapab menm di sa santi lodè teworism leta. Anplis, yo di madanm lidè mizisyen yo ta touye tèt yo ak bal. Nou panse, sa kapab yon lòt krim makiye an suisid, menm suit konplo a ki egzekite madanm lidè yo, pou yo jwenn plis mwayen jete diskredi kòmkwa se ak zam ki te abitye sèvi nan dappiyanp.
Tout moun konnen kòman l fasil pou otorite lapolis nasyonal ak entènasyonal mete sachè poud blanch ak move zam nan machin moun, nan kay moun yo vle akize kòm malfektè.
Yon konplo byen monte pou touye yon rèv, pou frennen yon lide.
Poukisa jenès la anbrase Mouvman Rap Ayisyen an, Rap Kreyòl la ?
Jenès ayisyèn lan ap chache modèl. Li pa jwenn bon modèl nan klas politik tradisyonèl la, jenès la pa jwenn bon modèl pami silayo ki ta dwe sèvi gid nan yon sosyete k ap deperi.
Yo jwenn move modèl lidè relijye, raketè, palmantè woulibè machann peyi, prezidan « pran pasyans gade m nan je » minis ak direktè jeneral, gran fonksyonè leta ki gen dwèt long siperyè enpi ki tranpe nan tout kalte zak kòripsyon.
Li vin nòmal pou jenès la anbrase lide ki kreye lespwa, lide ki reklame chanjman. Se lide sayo jenès la jwenn nan mizik Barikad yo.
Mizik Barikad yo fè pwomosyon pou valè nasyonalis yo, yo chante peyi dayiti, yo denonse okipasyon teritwa a, ak sektè reyaksyonè yo ki responsab mizè ak imilyasyon pèp ayisyen an. Mouvman Rap Ayisyen an, reprezante yon fòm defoulman, yon mwayen rezistans pou jenès la ki santi lavni l poteke, men ki kwè nan posiblite chanjman si gen inite pou kase batay la.
Poukisa sektè reyaksyonè yo tante jete diskredi sou gwoup Barikad ?
Tout moun kapab konprann konnyè a poukisa sektè reyaksyonè yo vle jete diskredi sou gwoup Barikad ki sèmante y ap drese Barikad kont tout barikad ak divizyon lareyaksyon ap simen nan mitan popilasyon an.
Lè tout jenès la temwaye respè li genyen pou mizisyen Barikad yo, sa simen latwoublay nan kan lènmi mas yo ki pa vle jenès la adòpte bonjan modèl. Enpi se siy mouvman rap ayisyen an gen yon vizyon chanjman sosyete a. Lènmi mas la pa ta renmen Rap la pran tèt gran mouvman pwotèstasyon kont abi popilasyon an ap sibi. Sa raple nou gran mouvman pwotèstasyon ki te soufle atravè lemondantye nan mwa me lanne 1968, kote jenès la te pran responsablite l, enpi l te fòse reyaksyonè yo fè bak sou pwojè lanmò popilasyon pòv yo.
Dezòmè Barikad tounen « MARTYR ». Nou panse ankèt sou veritab kòz lanmò mizisyen Barikad yo pa p janm bout.
Direksyon Mouvman Revolisyonè Ayisyen M.R.A. salye memwa, kouraj ak detèminasyon tout mizisyen gwoup Barikad Kwou, enpi militan M.R.A. pataje lapènn ak tristès tout Barikadis yo, tout rapè ayisyen yo.
Mouvman Rap Kreyòl la, rap ayisyen an nan dèy pou kèk tan. Men, Barikad p ap janm mouri. Barikad ap toujou rete vivan. Lanmò sa kapab sèvi siman pou kontinye soude Mouvman Rap Ayisyen an. Enpi, si se yon krim makiye, li pa dwe demobilize lòt gwoup Rap yo, ki oblije kontinye travay konsyantizasyonn jenès la ki dwe prepare l pou l vin pran larelèv. Anbil barikad drese sou wout liberasyon pèp la. Nèg ak nègès geto deja janbe plizyè barikad…. Pa dekouraje…
Viktwa final , se pou pèp òganize, se pou pèp mobilize, se pou pèp solidè ki pa p janm sispann batay.
Mouvman Revolisyonè Ayisyen M.R.A. |
Delege defakto depatman nò a, ansanm ak katèl meri lavalas nan vil okap, kite bourik pou yo bat makout…
Delege depatmantal defakto a Jòjmen Pwofèt ansanm ak katèl majistra fanmiy lavalas la ki jwenn benediksyon depatmantal polis nasyonal la nan nò peyi a, kite bourik pou yo bat makout la, lè yo deside karebare enpoze yon kouvrefe kont chofè taksi moto yo kòmkwadire pou yo pa pran lari apati 6 zè nan aswè pou jouk tan menm otorite sila yo bay lòd pou trafik sa rekòmanse nan vil la.
yon mezi anpil obsèvatè kalifye tankou yon zak abitrè, puiske menm otorite sayo konnen byen fenomèn kidnaping lan, se rezilta kòripsyon k ap gangrennen 2 prensipal enstitisyon rèsponsab ki se lapolis ak lajistis peyi dayiti.
kote anpil fwa non plizyè polisye toujou site nan zak kidnaping san bliye non plizyè jij ak komisè ki konn site nan pran lajan nan men yon seri prezime bandi pou libere yo, ki lakòz jounen jodya popilasyon an pa konnen ki sen pou l rele pou l jwenn yon ti lòsyè sekirite pou l rale souf anba men bandi san fwa ni lwa yo k ap mache simen dèy nan mitan popilasyon an. |
Lapolis ak aparèy lajistis la, se prensipal responsab fenomèn ensekirite a, nan peyi dayiti
Reyaksyon kontinye ap tonbe sou fenomèn dappiyanp lan k ap vale teren nan depatman Nò peyi a, bò kote divès sektè nan popilasyon an lakòz anpil moun genyen kè yo sou biskèt douvan sitirasyon ensekirite bandi san fwa ni lwa yo tabli nan depatman an.
Dapre direktè egzekitif OIDH la kise òganizasyon inivèsite defans dwa moun lan, Batelemi Jan Nwèl, lapolis ak aparèy lajistis kase fèy kouvrisa nan depatman nò a rèsponsab fenomèn kidnaping lan k ap pouse rasin li nan 19 komin depatman an, ki dapre sa l fè konnen 2 enstitisyon sila yo ki se prensipal enstans ki plase pou garanti yon èstabilite sekirite pou popilasyon an ap benyen denpi nan pye jouk rive nan tèt, nan zafè kòripsyon k ap layite kò l anndan peyi dayiti.
Direktè egzekitif OiDH la kwè sèl mwayen popilasyon an tava rale yon souf ak fenomèn ensekirite a fòk pouvwa ki anplas la netwaye enstitisyon lapolis la ak aparèy lajistis kase fèy kouvrisa nan lakou peyi dayiti.
Direktè jeneral polis nasyonal la Maryo Andresòl, minis jistis kase fèy kouvrisa mèt Rene Maglwa ak sekretè leta sekirite piblik la Lik Echè Jozèf ki te nan tèt yon delegasyon te fè yon kout pye nan depatman Nò peyi a jounen jedi 19 jen 2008 la.
Nan sans sa, manm delegasyon an te chita koze ak plizyè moun ki te viktim zak ensekirite yo nan lide pou wè ki kalte mezi yo pra l pran pou konbat ensekirite a nan nò peyi a, alòske yo pa menm an mezi pou tabli yon plan kòrèk menm pou ta diminye ensekirite ki mande anraje nan kapital peyi a.
Alatèt PNH la anonse, y ap ranfòse enstitisyon an yon mannyè pou l fè travay li kòmsadwa. Yon pwomès moun k ap reflechi kalifye kòm yon blòf puiske se pa sèlman ogmante plis moun nan enstitisyon an k ap rive konbat ensekirite a.
Pou sa k gen pou wè ak kèk polisye ki ta gen men yo tranpe nan zak dappiyanp yo, Maryo Andresòl te sèlman anonse, yo pra l mennen ankèt pou idantifye enpi pini koupab yo. Yon lòt deklarasyon ankò moun pa ka fè konfyans lè n konsidere wòl ak konplisite jij, komisè gouvènman an, aparèy lajistis kase fèy kouvrisa a nan liberasyon moun k ap komèt zak sayo. |
| | | | |