Lang yon pèp, se mwayen kominikasyon ki pèmèt tout pitit pèp sa yonn konprann lòt. Si nan tout nivo edikasyon, fòmayon te fèt an kreyòl, si tout rapò korespondans ki tabli nan sosyete a te fèt an kreyòl, petèt ta gen mwens divizyon nan peyi dayiti.
Fason nou pale kreyòl la, se fason nou ekri kreyòl la, gras yon alfabèt kreyòl espesyal ki gen 32 lèt, ki se: a, an, b, ch, e, è, en, f, g, h, i, j, k, l, m, n, in, ng, o, ò, on, ou, oun, p, r, s, t, ui, v, w, y, z.
Nan alfabèt kreyòl la, gen 14 vwayèl ak 18 konsòn.
Pami 14 vwayèl yo, genyen: 7 vwayèl bouch: a, e, è, i, o, ò, ou
4 vwayèl bouch nen: an, en, on, oun
3 vwayèl konsòn: w, y, ui
Pou nou rive ekri kreyòl la kòrèk, san fot, gen 3 prensip nou dwe respekte.
Premye prensip
Chak lèt kreyòl gen yon sèl valè: egzanp: ch: chat, chouchou, cheri, chyen
g: gaga, gagòt,
m: mizè, maladi, manba
t: tonton, tapaj, tòtòt
s: sitwon, silab, sòs, atansyon
Dezyèm prensip
Chak son mo kreyòl toujou ekri menm jan: egzanp: a: papa, bata
e: pe, bebe, tete
o: po, toto, bobo
ò: lò, atò, bòbòt
ou: poupou, labou, tou,
twou
w: lwi, kwiy, bwè,
pwason, pwazon,
pwodi, kwè, bwè
ay: kay, pay, ayè
oy: voye
ey: veye, peye
èy: dèy, fèy, dèyè
òy: pòy, kichòy
en: pen, tenten, lapen
è n (èn): pèn, rèn, antèn
en n (enn): lenn, grenn,
lapenn, dèvenn
an: ban, dan, palan
a n: pa n, kra n
an n (ann): kabann, rann
i: lapli, radi
i n: latrin, machin,
gazolin
on: balkon, don, ralonj
ò n (òn): lòn
on n (onn): ponn, lonn,
wonn
yon: evakyasyon, posyon,
rasyon
Twazyèm prensip
Tout lèt kreyòl ki ekri, li dwe pwononse: egzanp: b: bab
ch: chich
t: lèt, bèt
s: ras, tas
z: raz, legliz, machandiz
k: bak, tabak
d: lèd
f: òtograf
l: tòl
g: mang, lang, gang
Ponktyasyon jwe yon gwo wòl nan lang kreyòl la.
Nan lang kreyòl, pa gen aksan egi tankou nan lang franse. Tout “e” pwononse tankou “ é ”.
Genyen yon aksan ranfòse yo mete sou vwayèl bouch yo (eksepte “ou”)
“w”, ki se yon vwayèl konsòn. Nou mete l devan vwayèl sa yo: o, ò, ou, on).
Chak fwa nou genyen son “ou” devan ou byen dèyè yon vwayèl, nou dwe ranplase “ou” ak “w”. Men, nou pa dwe ekri “w” pou kont li. Ranplase l ak “ou
“R”: nou dwe mete “r” devan vwayèl sa yo: a, e, è, i, an, en
Nou pa dwe mete “ i ” ni devan, ni dèyè yon vwayèl. Nou dwe ranplase l ak “y”. Enpi, pou separe 2 vwayèl ki pral kole, nou dwe mete “y”.Egzanp: Ayiti, abiye, Kayimit.
Nou pa dwe ekri “r” devan “w”
Apostwòf: Nou ka ekri “ t’ ” nan plas “ te” ou byen nan plas “ta”
“ k’ ” nan plas “ ka ”
“ n’ ” nan plas “nou”
“ m’ ” nan plas “mwen”
Tout mo ki tèmine ak : an, on, en, nou ka mete “an” dèyè yo. Egzanp: labapen an.
Apre mo ki gen lòt vwayèl nan finisman yo, nou dwe mete “a”. Egzanp: pye a; pye bwa a.
Apre mo ki gen : m,n,ng nan finisman yo, sou dwe sèvi ak “lan” ou byen “nan“. Egzanp: vyann lan; bilding nan
Apre sa, pou tout lòt mo yo, nou dwe sèvi ak “la”. Egzanp: bèf la.
Konnyè a, nou pare pou n ekri kreyòl la tankou nou pale kreyòl la. Lang kreyòl, se kòd lonbrit chak grenn ayisyen...
|