BATO NEGRIYE AK PREMYE ÈSKLAV NWA
Nan emisyon listwa dayiti ki pase deja nou te eksplike kòman blan panyòl te tanmen mete kanpe èstrikti pou òganize sistèm lesklavaj nan peyi dayiti.
Nou te wè kòman blan franse pral bay blan panyòl pakala, yo pran yon pati nan zile a pou yo kontinye kolonizasyon peyi dayiti yo te rele sendomeng nan epòk sila.
Blan franse yo ki te divize an 3 kategori : kategori fonksyonè, militè, kategori sosyal grandon ak kategori ti blan mannan ; yo pral antann yo pou fòse ti nèg nwè pwodi anpil richès, gras plantasyon kann, kafe, koton, digo ak lòt bagay ankò.
Se richès sa yo ki pral fè lafrans tounen peyi ki pi rich pase tout lòt peyi blan lewòp.
Men ki moun nou ka di ki te premye rèsponsab nan charye ti nèg nwè soti nan peyi lafrik pou mennen yo nan zile sendomeng ?
Ki gwo kriminèl nou ka bay rèsponsabilite konplo kont pèp nwa a, an premye ?
Se ponyèt ti esklav, ti nèg nwè ki pral pwodi tout richès nan zile sendomeng.
Si gouvènman blan franse te fasilite anpil blan pran kanntè kite peyi lafrans pou yo rantre nan zile sendomeng, se pat nan lentansyon pou blan sa yo te vin bourike, ni pou yo te vin leve chay lou ; se te sèlman pou yo gen fizi, bout baton ak rigwaz nan men, pou yo fè ti nèg nwè travay di pou granmèsi.
Se konsa blan yo pral òganize gran kontrebann, gwo trafik charye nèg nwè nan kontinan peyi lafrik pou mennen yo nan peyi sendomeng.
Se sitou nan pati lwès kontinan lafrik, blan yo te premye tanmen charye ti nèg nwè.
Bagay sa, se te yon gran komès, kote blan yo pral depòte plis pase 100 milyon nwa, gason, fanm tankou ti moun, fè yo kite peyi yo, peyi lafrik pou mennen yo nan zantiy yo, nan kontinan meriken an.
Denpi nwa sa yo debake, premye bagay blan yo fè, se batize yo pou fè yo vin dosil, pou yo reziye yo aksèpte move kondisyon lavi.
Men, ki moun ki te premye tanmen charye, depòte nwa yo ?
Se yon pè legliz katolik yo te rele Batolomeyo de las kazas, ki te premye tanmen zak lawont sa a. Tout oditè radyo Atlantik tout vizitè sit atlantik la, dwe retni non malediksyon sa a : Monpè Batolomeyo de las Kazas ! se li menm ki te premye tranpe dwèt li nan san pèp nwa a.
N’ap raple tout moun k’ap koute emisyon listwa dayiti sou radyo Atlantik, ak silayo ki vizite sit atlantik la, pandan apeprè 10 lanne, blan panyòl te rive detri, ekstèminen tout ras endyen ki t’ap viv nan lapè, nan kontinan meriken an. Enpi se pa sèlman ak kout zam, ak kout baton blan yo te touye endyen yo. Blan yo te pote tout kalite maladi tankou sifilis, tibèkiloz, maladi varyòl ak yon bann lòt ankò .
Lè endyen yo fin mouri, fòk gen moun pou travay di. Se konsa monpè Batolomeyo de las Kazas jwenn benediksyon nan men Chal Kent ak legliz katolik pou yo òganize depòtasyon, kolonizasyon ak esklavaj ti nèg nwè ki se zansèt nou menm pèp ayisyen.
Se nan lanne 1506 premye debakman ti nèg nwè te fèt nan zile sendomeng. Men se pa konsa konsa blan yo te poze lapat sou ti nèg nwè yo, paske yo te deja pè pou nwa yo pa revòlte. Blan yo pral itilize plizyè taktik pou yo pa gen pwoblèm. Blan yo pral kaptire nèg ki soti nan rejyon ki pa pale menm lang, konsa nwa yo p’ap ka kominike ant yo menm ; enpi blan yo pral kraponnen nwa yo, fè nwa yo kwè nan yon bondje ki ka fè yo malfezan si yo pa obeyi tout sa blan yo di. Se pou sa blan yo te batize nwa yo.
Chèf gouvènman blan franse nan epòk sa, ki te bay otorizasyon pou tanmen imilyasyon pèp nwa a, yo te rele l wa Lwi 13.
Se konsa, yon seri gwo batiman ki mezire plis pase 90 pye, pral kite peyi lafrans, yo pase charye ti nèg nwè nan peyi lafrik pou mennen yo nan zantiy yo, nan zile sendomeng.
Gran vwayaj sa yo konn dire plis pase 8 mwa. yo rele gwo bato sa yo : bato negriye, kote blan yo mare nwa yo tankou krab, yonn sou lòt. Gendefwa, pifò nan nwa yo mouri toufe pandan vwayaj la paske yo pa jwenn kont lè pou yo rèspire.
Nan peyi lafrik blan yo te pi souvan charye nwa, se sitou nan peyi Senegal, nan peyi Nijerya, nan peyi kongo, nan peyi Ginen, nan peyi Soudan, nan peyi Dawomey, nan peyi Mali. Lè lame blan yo debake pou y’al vòlè nwa nan peyi lafrik pou yo fè nwa yo tounen esklav, gen manman pitit, fanm nwa ki konn pito toufe, trangle pitit yo, olye yo kite pitit yo al konnen lanfè esklavaj la.
Gen plizyè nwa ki pito lage tèt yo nan lanmè ak tout chenn nan pye yo, nan men yo, olye y’al konnen lanfè esklavaj la blan yo kreye.
Gen ti nèg nwè, blan yo tèlman mare yo ak gwo chenn, yo pa menm ka vire kò yo, enben nwa sa yo frape tèt yo nan planch batiman an jis yo mouri ak endiyasyon.
Pandan vwayaj la, nwa yo sibi tout kalite move trètman. Se dlo lanmè blan yo bay nwa yo pou yo fè twalèt, enpi se vinèg kolon blan yo bay nwa yo, pou lave bouch yo, nwa yo pa resevwa ase manje.
Gendefwa gwo bato negriye yo konn monte sou resif, yo fè nofraj.
Lè sa a, blan yo monte nan ti chaloup ki konn akòste gwo bato yo, enpi yo kite tout nwa yo mouri nwaye ak gwo chenn nan pye, nan men yo.
Gendefwa, si pandan vwayaj la gen ti nèg nwè ki malad, blan yo jete yo tout tou vivan nan lanmè tankou yon machandiz ki gate.
Se sèl nwa ki gen plis rezistans yo ki rive vivan. Lè yo rive blan yo bay yo manje anpil mayi moulen pou yo gra. Blan yo fwote kò nwa yo ak luil ak sitwon ak piman. Blan yo pase pwodi lank nwa nan cheve kèk nèg ki tanmen blanchi, yon fason pou machandiz la parèt fre, enpi blan yo pral pote machandiz la nan mache esklav.
Lè blan yo ap vann esklav nwa yo, blan yo mete nwa yo toutouni fanm tankou gason, enpi yo mete chenn nan pye, nan men ak nan kou nwa yo tankou chyen. Lè y’ap vann esklav yo, se tankou yo konn fè, lè y’ap vann bèt, blan yo mete esklav yo pa pake.
Nan chak pake sa yo gen nwa vanyan ak nèg ki gen ti pwoblèm. Blan yo te rele chak pake esklav nwa sa yo pyès dend.
Pri lòt kolon blan konn ofri pou chak pake esklav, pou chak pyès dend, depann de laj ak sèks nwa yo. Pa egzanp yon nèg jenn gason ki gen anpil fòs, yo konn achte l pou 100 liv. Liv, se lajan yo te itilize nan epòk sila. Si se yon gran moun fanm nwa ki gen laj 60 lanne konsa, blan yo achte l pou 5 liv. Nan epòk la, blan yo te pi souvan itilize vye gran moun fanm nwa tankou domèstik nan kay pou yo siveye enpi okipe ti bebe blan yo.
Lè blan yo fin vann tout esklav yo, yo boure bato yo ak machandiz, danre, sik, kafe, koton ak anpil lòt bagay ankò pou yo bwote al nan peyi blan franse. Lè yo fin debake machandiz sa yo nan peyi lafrans, menm gwo bato negriye sa yo rekòmanse al charye ti nèg nwè pou mennen pa bòresit nan zile sendomeng. Bato negriye : sa vle di bato k’ap charye ti nèg nwè esklav.
Lè blan yo mete ti nèg nwè andedan bato negriye sa yo, se apèn ti nèg sa yo pral tanmen monte kalvè. Paske denpi blan yo fin vann yon esklav nwa, pwopriyetè a tanpe nwa a tankou yon bèt ak yon fè cho byen wouj. Blan yo tanpe fanm tankou gason, ti moun tankou gran moun. Yo tanpe nwa yo, yon fason si nwa yo sove, pou yo ka konnen ki blan ki pwopriyetè a.
Se konsa, sou pwatrin ou byen sou zepòl esklav nwa a, blan yo tanpe premye lèt non pwopriyetè esklav la, ak non bitasyon kote esklav la ap travay la. Denpi yo fin tanpe, yo fin make esklav nèg la, konnyè a, mèt esklav la pral deside fè nwa a tounen swa yon nèg pou fè kiltiv, swa yon nèg je klere.
Lè nou di nèg pou fè la kiltiv, kisa nou vle di?
Enben, nèg sa yo se te veritab esklav zile sendomeng lan. Denpi ti nèg sa yo te gen mwens pase 14 lanne, yo tanmen travay latè jis yo vye gran moun; yo fè travay ki pi di yo, denpi douvan jou, jis rive solèy kouche. Lè gen peryòd rekòt, ti nèg sa yo travay tout lannuit tou.
Travay ti nèg sa yo, souvan depase kapasite yo genyen; soufrans sa yo pral lakòz anpil nan yo mouri.
Pa egzanp, nan lanne 1680, te gen plis pase 800.000 esklav nwa nan zile sendomeng . Nan lanne 1780 ki vle di 100 lanne esklavaj, te rete mwens pase 290.000 esklav nèg nan zile a.
Lè yon ti nèg fè erè, l’ap fè yon ti singo, jandam k’ap siveye twoupo esklav la rale manchèt, li koupe zòrèy ou byen li koupe men esklav la ; pafwa se yon fè cho blan an pran pou li kole l nan figi esklav la. Kout rigwaz tout jounen, se vitamin pou esklav.
An verite, anpil nan ti nèg sa yo te pran konsyans sou mizè yo ; se pou sa malgre yo t’ap sibi anpil entimidasyon, gen anpil nan yo ki te revòlte, enpi blan yo touye yo. Men pi fò nan esklav sa yo te blije reziye yo paske yo te vin pè chatiman blan yo.
Blan yo te fòme plizyè gwoup, plizyè atelye ak nèg kiltiv yo. Nan chak atelye sa yo gen pou piti 200 esklav, chak bitasyon sa yo gen omwen 4 chèf blan. Nan yon ti kwen bitasyon an, esklav yo konstri plizyè ti joupa yonn akote lòt. Enpi pou chak ti pake esklav, pwopriyetè blan an bay yon ti moso tè kote esklav yo plante ti bagay pou yo manje.
Men esklav yo pat gen dwa travay ti moso tè sa yo nan lè ki konsakre pou yo travay gwo bitasyon mèt blan an, ki vle di gendefwa se lannuit esklav yo blije travay ti moso tè ki douvan pòt ti joupa yo.
Talè a, nou sot pale de 2 kalite nèg nan zile Sendomeng lan (nèg pou fè la kiltiv ak nèg je klere).
Blan yo te konn rele nèg je klere yo tou, nèg talan. Enben nèg sa yo te jwi plis ti privilèj parapò mas esklav la. Blan yo te bezwen moun pou repare machin izin yo, lè yo gen pà n. Blan yo te bezwen moun tèt atè pou bay yo sekirite siveye rekòt yo. Blan yo te bezwen sòlda pou fòse ti nèg kiltiv yo travay pi di. Se pou sa, blan yo pral triye nan nwa yo, sila yo ki pi dosil, ki pi pa wè klè, ki plis pa ka revòlte, ki pa rebèl enpi se nwa sa yo blan yo pral fè tounen ouvriye; blan yo pral bay yo djòb domèstik andedan kay yo.
Separasyon sa a pral lakòz ti nèg talan yo p’ap konnen la vi di lòt frè ak sè yo. Gen nan yo ki pral menm panse yo siperyè ou byen yo pi entèlijan, paske se yo menm blan yo swadizan fè konfyans.
Se denpi lè sa a blan yo tanmen ap divize ras nwa a, se denpi lè sa a blan yo ap fè nwa rayi pwòp frè nwa parèy li .
Pami 2 kategori nèg sa yo, te vin gen yon lòt kalite nèg nwè ankò yo te rele nèg bosal. Pou blan an, nèg bosal, se nèg ki fenk soti nan peyi lafrik, li apèn debake nan zile sendomeng.
Men tout ti nèg ki pran nesans anndan zile sendomeng lan, blan yo rele yo nèg kreyòl.
Tout divizyon sa yo pral pèmèt blan yo jwenn plis mwayen pou yo dominen, pou yo kontwole mas esklav yo. Se konsa blan yo pral fè nwa yo konprann, nèg kreyòl ak nèg talan yo pi entèlijan, yo pi bon pase nèg bosal, yo pi bon pase nèg kiltiv yo.
Konnyè a, sistèm esklavaj la ap fonksyone!!!
Men, gwo pwoblèm blan yo ponkò te ka rezoud, se rive mete kantite siveyan nan bitasyon yo pou fòse yo travay anba kout baton.
Pwoblèm sa te difisil pou rezoud, paske tout blan nan zile a pat sou travay, yo tout se jwi yo te vin jwi lavi, enpi yo pat konnen anyen nan zafè la kiltiv. Se konsa gouvènè zile a nan epòk sa, ki se Bètran Dòjewon pral mande gouvènman blan franse pou li voye nan zile sendomeng plizyè peyizan malere blan franse pou li mete yo pami esklav nan bitasyon yo. Ti blan sa yo se te yon bann ti vagabon, vòlè, yo pat menm gen lajan pou yo ta peye kapitèn batiman kanntè a.
Se konsa kapitèn batiman yo te resevwa lòd pou yo dakò kite ti blan yo monte nan kanntè a san yo pa peye; yon vwayaj kredi, men ti blan yo te dakò siyen yon kontra kote yo pran angajman pou yo travay san touche pandan 36 mwa pou yo kapab peye dèt vwayaj la.
Se pou sa yo te rele ti blan sa yo angaje ou byen 36 mwa.
Pou ti blan angaje sa yo, se gwo sakrifis yo fè, men yo pral jwenn bon jan benefis, paske apre 36 mwa travay san yo pa touche, yo pral vin tounen pwopriyetè tou. Ti blan angaje yo te vin gen gwo tanta, yo te vin santi yo pa kapab kontinye travay tè, enpi siveye esklav nwa pou blan parèy yo. Nan lanne 1687, te gen nan zile sendomeng plis pase yon milyon ti blan angaje ki pral gwosi klas kolon yo.
Konnyè a, blan yo pral ekri règlman pou pèmèt yo gen meyè kontwòl mas esklav nwa yo. Se konsa, nan lanne 1685, yon blan franse yo te rele Kòlbè ak tout yon pitit gason l, te ekri yon kaye règleman, yo te rele kaye règleman sa a : kòd nwa.
Se kòd nwa sa ki te fikse ki jan pou blan yo kondi ak esklav nwa yo, ki jan pou blan kondi ak lòt moun nan koloni an ki pa ni blan, ni esklav. Men, yon kaye règleman, yon konstitisyon se papye. Prezans plizyè gwoup moun diferan sou yon menm tèritwa, sou menm ti zile sendomeng lan, pral pote anpil chirepit nan mitan chak gwoup sa yo. Enpi, blan yo pa kontante yo fè nwa yo travay di sèlman, yo vyole fanm nwa yo tou. Konsa, plizyè ti grimo ak ti grimèl pral tanmen peple nan mitan blan ak nwa nan zile sendomeng.
Sa pral gen anpil konsekans pou lavni zile sendomeng…
Radyo Atlantik di ayibobo pou tout moun ki t ap koute emisyon listwa dayiti, ak tout sila yo ki li tèks listwa dayiti.
Si yon pèp pa konnen pase li, si yon pèp pa konnen listwa li, enben pèp sa a kondane pou li reviv menm listwa sa ankò ; sou menm fòm lan ou byen sou yon lòt fòm .
Ti moun yo, gran moun yo dwe konnen listwa peyi yo. Se pou sa, nou mande wou menm ki koute ou byen ki li listwa dayiti jodi a pou w envite lòt moun fè konesans ak listwa dayiti sou sit ATLANTIK la. |